pawòl lavi a

24
Pawòl Pawòl Lavi a Lavi a Sektanm 2009 Sektanm 2009

Upload: claire

Post on 10-Jan-2016

53 views

Category:

Documents


4 download

DESCRIPTION

Pawòl Lavi a. Sektanm 2009. « Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li : epi tout bagay sa yo yap ba nou yo an plis » (Mt 6,33). Tout levanjil la se yon revolisyon. Nanpwen pawòl Kris la ki sanble ak pa moun yo. - PowerPoint PPT Presentation

TRANSCRIPT

Page 1: Pawòl  Lavi a

Pawòl Pawòl

Lavi a Lavi a

Sektanm 2009Sektanm 2009

Page 2: Pawòl  Lavi a

« Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li : epi tout bagay sa yo yap ba

nou yo an plis » (Mt 6,33).

Page 3: Pawòl  Lavi a

Tout levanjil la se yon revolisyon. Nanpwen pawòl Kris la ki sanble ak pa moun yo.

Page 4: Pawòl  Lavi a

Koute sa : « Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li : epi tout bagay sa yo (sa nou bezwen pou lavi a) yap ba nou

yo an plis ». 

Page 5: Pawòl  Lavi a

Premye bagay kap chage tèt moun yo an jeneral se chache avèk enkyetid sa yo bezwen pou

yo kapab viv. Petèt se konsa pou w menm tou.

Page 6: Pawòl  Lavi a

Enben, Jezi mete w devan « fason pa l » pou wè epi li ofri w

fason pal pou w aji. Li mande w

yon konpòtman ki diferan nèt ale ak sa moun yo konn

fè epi se pa sèlman pou yon fwa men pou toutan.

Men sa li ye: chache tou dabò

rèy Bondye a.

Page 7: Pawòl  Lavi a

Lè wap dirije tèt ou bò kote Bondye ak tout kè w epi wap fè tout sa w kapab pou l vin wa w menm ak tout lòt yo (sa vle di pou l mèt lavi w pa lentèmedyè

règleman li yo), lè sa Papa va ba w tout sa w bezwen jou apre jou.

Page 8: Pawòl  Lavi a

Okontrè, si an premye wap chaje tèt ou avèk pwòp tèt ou, wap rive pran ka dabò byen latè epi wap tonbe anba anpil

traka. Wap rive wè nan byen latè yo

vre pwoblèm « pa w », kote tout jefò w yo ale. Lè sa wap gen tandans pou w konte sèlman sou fòs ou yo san ou pa kite plas

pou Bondye. .

Page 9: Pawòl  Lavi a

« Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li : epi tout bagay sa yo yap ba nou yo an plis » .

Page 10: Pawòl  Lavi a

Jezi chanje sitiyasyon sa a. Si sa k vini an premye nan tèt ou se Bondye, viv pou li,

tout lòt bagay yo pap pi gwo

pwoblèm pou w ankò, yap vini

tankou yon bagay « an

plis ».

Page 11: Pawòl  Lavi a

Eske se yon rèv? Eske se yon bagay ki pa ka reyalize pou w menm, moun kap viv jodi a, nan lemonn sa

kote gen konpetisyon epi kriz ekonomik yo?

Page 12: Pawòl  Lavi a

Sonje sèlman difikilte moun Galile yo te genyen pou yo viv. Yo pat si tèlman mwens

pase pa w yo lè Jezi te di pawòl sa yo.

Page 13: Pawòl  Lavi a

Se pa si tèlman yon kesyon rèv, men Jezi mande w pou w chwazi sa k pi konsekan pou lavi w:

oubyen wap viv pou pwòp tèt ou, oubyen wap viv pou Bondye.

Page 14: Pawòl  Lavi a

An chache konprann pawòl sa a: « Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li : epi tout bagay sa yo yap ba nou yo an plis. »

Page 15: Pawòl  Lavi a

Jezi pa mande w pou w pa fè anyen, pou w rete ap tann

sa w bezwen pou viv, pou w pa

reskonsab epi pou w pa pran travay

pa w oserye. Jezi vle chanje

« chaje tèt » nan « pran ka » etan l ap retire

enkyetide, pèrèz, traka.

Page 16: Pawòl  Lavi a

Sèke li di konsa : « Chache tou dabò

rèy … ».Epi « tou dabò »

vle di « anlè tout bagay ». Chache fè rèy

Bondye a vini an peremye sa pa

vle di kretyen an pa dwe pran ka sa li

bezwen pou l viv.

Page 17: Pawòl  Lavi a

« Chache rèy Bondye epi jistis li » vle di aji dapre sa Bondye mande n pou n fè tankou Jezi te di nou nan

levanjil la.Se sèlman nan chache rèy Bondye a kretyen an va fè

esperyans tousa Papa kapab fè pou li a.

Page 18: Pawòl  Lavi a

Ba m di w yon ti istwa. Sa te pase depi anpil tan men li mache byen avèk Pawòl sa a. Sèke mwen

konnen gen anpil jèn, gason ak fi, kap aji menm jan jèn fi te fè a.

Page 19: Pawòl  Lavi a

Yo te rele l Elvira. Li te nan lise a. Li te pòv. Sèl fason pou l te kapab kontinye etid li yo se te pou l te jwenn yon bon jan rezilta. Lafwa li te

fò anpil.

Page 20: Pawòl  Lavi a

Profesè filozofi pa l te yon ate epi anpil fwa li te konn prezante Kris la ak legliz la yon fason ki pat korèk si li

pat defòme yo. Lè sa li te santi yon tanpèt ki tap monte anndan kè li, pa si tèlman pou li menm menm men paske li te renmen Bondye, laverite epi

konpay li yo. Menm si li te konnen li te kapab resevwa yon movè nòt si li tap kontredi mèt la, sa li tap santi

anndan kè li te pi fò.

Page 21: Pawòl  Lavi a

Chak fwa, li te konn leve dwèt li pou l te kapab pale : « Se pa vre, Mèt la ». Petèt kèk fwa li pat genyen agiman pou l demanti sa mèt la tap di, men nan « se pa vre » sa, se lafwa li ki tap pase,

sa k te yon kado laverite epi ki tap fè moun yo panse.

Page 22: Pawòl  Lavi a

Konpay li yo, paske yo te renmen li, yo tap chache fè l konprann li pa ta dwe kontinye konsa paske sa te kapab fè l ditò. Men yo pat reyisi. Apre kèk mwa, lè a vini pou yo bay resilta yo. Fi a tap tranble lè li pran yo. Kè l

kontan anpil : 10, pi gwo pwen li te ka jwenn. Li te chache rèy Bondye ak laverite epi rès la te vini an plis.

Page 23: Pawòl  Lavi a

Ou menm tou si wap chache rèy Papa a, wap fè esperyans Bondye se Pwovidans pou tout bagay ou bezwen pou lavi pa w. Wap dekouvri kijan chemen levanjil la se yon

mèvèy nòmal.

Page 24: Pawòl  Lavi a

« Chache tou dabò rèy Bondye epi jistis li : epi tout bagay sa yo yap ba nou yo an plis » .

“Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari.Testo di: Chiara Lubich, Maggio 1979

Grafica di Anna Lollo in collaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)