pawòl lavi a

27

Upload: otis

Post on 10-Jan-2016

77 views

Category:

Documents


4 download

DESCRIPTION

Pawòl Lavi a. koze Kyara Libik. janvye 2009. “ Gen anpil manm, men gen yon sèl kò ” (1 Ko 12,20) ). - PowerPoint PPT Presentation

TRANSCRIPT

Page 1: Pawòl Lavi a
Page 2: Pawòl Lavi a

“ Gen anpil manm, men gen yon sèl kò ” (1 Ko 12,20) )

Page 3: Pawòl Lavi a

Eske w te gentan wè yon kòminote kretyen tout bon vre kote gen anpil lavi?

Eske w te patisipe nan yon reyinyon ansanm avèk yo? Eske w te reyisi wè kijan yap viv?

Page 4: Pawòl Lavi a

Si se konsa, ou te kapab wè genyen divès kapasite nan mitan yo: genyen ki konn pale epi ki konn separe bagay

lespri yo kap rantre jous nan fen fon kè w.

Page 5: Pawòl Lavi a

gen ki konn ede moun, ki konn asiste, ki fè mèvèy pou jwenn sa moun kap soufri yo a bezwen. Gen moun ki konn bay lansèyman avèk anpil bon konprann dekwa pou

ede lafwa w genyen grandi nan ou menm, gen ki konn òganize, ki konn gouvène, ki konn konprann moun ki bò

kote yo epi ki konn konsole moun ki nan bezwen.

Page 6: Pawòl Lavi a

Wi, ou kapab fè esperyans tout bagay sa yo men sa kap touche w pi plis nan yon kòminote ki gen lavi konsa se menm kalite lespri kap plen tout moun epi sanble ou kapab santi l voltije anlè sosyete espesyal sa a

pou l fè yo tout fè youn, fè yon sèl kò.

Page 7: Pawòl Lavi a

“ Gen anpil manm, men gen yon sèl kò ”

Page 8: Pawòl Lavi a

Pòl li menm, yon fason ki espesyal, te rankontre kòminote

kretyen byen vivan ki te rive la pa lentèmedyè bon jan pawòl li

a.

Youn nan yo se te Korent kote Lespri a pa t chich nan bay li te bay kado li yo,

yo rele favè espesyal yo. Okontrè, nan tan sa, yo te anpil poutèt vokasyon espesyal Legliz la te genyen lè li tap kòmanse

viv la.

Page 9: Pawòl Lavi a

Men nan kòminote a, apre yo te fè esperyans pakèt kado Lesprisen an te fè yo, te genyen anpil konpetisyon ak desòd

nan pami moun sa yo menm ki te resevwa yo.

Page 10: Pawòl Lavi a

Li esplike yo kijan genyen divès kalite kado, divès sèvis tankou apòt yo, pwofèt yo, mèt yo, men yo tout

yo soti nan yon menm Granmèt.

Se poutèt sa yo te mande Pòl,

ki te Efèz, pou l te ba yo

limyè.

Pòl pat pèdi tan epi li te reponn

yo rapid nan yon lèt ki pa

òdinè kijan yo ta dwe sèvi ak kado espesyal sa

yo.

Page 11: Pawòl Lavi a

Le di yo nan kòminote a genyen moun kap fè mirak, moun kap geri moun, moun kap ede moun yo yon fason

ki espesyal, lòt kap gouvène, ki konn pale divès lang, moun ki konn esplike sa lòt yo vle di. Men tout kado sa

yo soti nan yon sèl Bondye.

Page 12: Pawòl Lavi a

Depi se menm Lespri a kap bay divès favè sa yo an abondans, yo pa kapab pa an amoni youn ak lòt, yo pa ka youn pa

konplete lòt.

Page 13: Pawòl Lavi a

Yo pa sèvi pou kontantman yon moun, yo pa ka sèvi pou moun yo vante pwòp tèt yo, pou yo pran

pòz, men yo dwe sèvi yon bagay : bati kòminote a. Yo la pou yo sèvi moun yo.

Sa vle di yo pa kapab pote konpetisyon oubyen dezòd.

Page 14: Pawòl Lavi a

Pòl, etan lap sonje

kado espesyal ki pou kòminote a, li kwè chak moun

genyen pwòp talan pa yo,

yo kapab mete nan sèvis tout lòt yo epi chak moun ta dwe kontan pwòp talan pa yo.

Page 15: Pawòl Lavi a

Li konsidere kòminote a tankou yon kò epi li poze tèt li kesyon sa : Si tout kò a te yon

grenn je, kote zòrèy la ta ye? Si tout kò a te yon zòrèy, kote nen

an ta ye? Men Bondye te mete tout manm yo yon

fason pou chak nan yo pran plas jan li te vle a.

Si w te yon sèl grenn manm, kote kò a ta ye?

Okontrè :

Page 16: Pawòl Lavi a

“ Gen anpil manm, men gen yon sèl kò ”

Page 17: Pawòl Lavi a

Si chak moun li pa menm ak lòt yo, chak nan yo kapab yon kado pou lòt epi konsa rete li menm menm etan lap reyalize

sa Bondye vle nan men li pou lòt yo.Pòl wè nan yon kòminote kote tout kado Bondye yo mache

byen ansanm yon bon jan reyalite li ba li yon nom ki bèl anpil: se Jezikri

Page 18: Pawòl Lavi a

Sèke kò sa, ki fèt avèk tout manm Sèke kò sa, ki fèt avèk tout manm kòminote a, se Kò Jezikri li ye vre. kòminote a, se Kò Jezikri li ye vre. Tout bon vre, Jezi kontinye viv nan Tout bon vre, Jezi kontinye viv nan Legliz la epi Legliz la se kò li.Legliz la epi Legliz la se kò li.

Page 19: Pawòl Lavi a

Sèke nan batèm nan, Lesprisen an fè moun ki batize a rantre nan Kò Jezikri a epi se konsa tou li antre nan

kòminote a. Kote sa a, tout moun se Jezikri yo ye, se konsa tout divisyon ale epi tout diferans

lan disparèt.

Page 20: Pawòl Lavi a

“ Gen anpil manm, men gen yon sèl kò ”

Page 21: Pawòl Lavi a

Si kò a se yon sèl bagay li ye,

manm kòminote kretyen yo reyalize

byen nouvo fason pou yo viv

etan yap viv nan tèt ansanm. Tèt ansanm sa sipoze varyete

avèk dives fason pou moun yo fè.

Kòminote pa sanble yon blok wòch

men yon ògànis ki gen lavi avèk dives manm.Pou yon kretyen, pete goumen

se fè kontrè sa li ta dwe.

Page 22: Pawòl Lavi a

“ Gen anpil manm, men gen yon sèl kò ”

Page 23: Pawòl Lavi a

Kijan wap viv nouvo Pawòl sa Labib la ofri w?Ou bezwen respekte tout fonksyonman, tout kado, tout

talan ki nan kòminote kretyen yo.

Page 24: Pawòl Lavi a

Ou bezwen louvri kè w pou tout richès

ki nan Legliz ki tout kote sou tè a. Pa sèlman pou ti

Legliz kote w ye a

epi wap konnen byen tankou pawas la,

asosyasyon kote w ye a, mouvman

wap paticipe ladann l, men Legliz sou tout fòm

li kapab pran pou l pale ak moun yo.

Page 25: Pawòl Lavi a

Lè sa, menm jan wap konsidere epi wap proteje

tout manm pwòp kò w,

menm jan tou ou dwe fè

pou tout manm ki nan kò Legliz

la. Ou dwe konsidere tout

moun epi fè tout sa w

kapab pou yo itil Legliz la pi plis yo kapab.

Ou bezwen santi w alèz ak tout bagay

paske se nan sèl kò sa w ye.

Page 26: Pawòl Lavi a

(…) Menm lè tou, pinga w meprize sa Bondye mande w kote w ye a, menm si travay chak jou a kapab sanble toujou menm epi

li pa gen anpil valè. Nou tout se nan menm kò nou ye epi, tankou manm, chak moun patisipe nan aktivite tout kò a etan

lap kenbe plas Bondye te chwazi pou li.

Page 27: Pawòl Lavi a

Tankou Pol anonse a, sak pi konsekan se kado espesyal sa kap depase tout lòt yo, renmen an : renmen chak moun wap

rankontre a, renmen tout moun ki sou tè a. Se avèk renmen an,

nan youn renmen lòt, chak manm kapab fòme yon sèl kò.

“Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari.Testo di: Chiara Lubich del gen. 1981

Grafica di Anna Lollo in collaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)