pawòl lavi a

23
Pawòl Pawòl Lavi Lavi a a Sektanm 2010

Upload: najila

Post on 10-Jan-2016

88 views

Category:

Documents


1 download

DESCRIPTION

Pawòl Lavi a. Sektanm 2010. « Mwen pa di-w jouska sèt fwa, men jouska swasantdis fwa sèt fwa »  (Mt 18,22). - PowerPoint PPT Presentation

TRANSCRIPT

Page 1: Pawòl     Lavi a

PawòlPawòl

Lavi a Lavi a

Sektanm 2010

Page 2: Pawòl     Lavi a

« Mwen pa di-w

jouska sèt fwa,

men jouska swasantdis fwa

sèt fwa » (Mt 18,22).

Page 3: Pawòl     Lavi a

Se ak pawòl sa yo,

Jezi reponn Pyè

ki tap mande-l

apre li te koute bèl

pawòl ki te soti nan

bouch li : « Granmèt, si

frè-m fè peche kont

mwen, konbyen fwa

pou-m padonnen-l?

Eske se jouska sèt

fwa? ». Jezi li menm di :

« Mwen pa di-w

jouska sèt fwa,

men jouska swasantdis

fwa sèt fwa ».

Page 4: Pawòl     Lavi a

Petèt Pyè,

poutèt pawòl Mèt la te sot di

a, te panse li te gen

bon kè. Li te vle

fè sa-k bon, li te pare

pou-l lage kò-l nan nouvo wout

sa-a nan fè yon bagay san

parèy : li tap padonnen

jouska sèt fwa.

Page 5: Pawòl     Lavi a

Men Jezi reponn li :  « … jouska swasantdis fwa sèt

fwa », sa vle di padonnen pa ta dwe gen limit.

Nou bezwen padonnen toujou.

Page 6: Pawòl     Lavi a

« Mwen pa di-w

jouska sèt fwa,

men jouska swasantdis fwa

sèt fwa » (Mt 18,22).

Page 7: Pawòl     Lavi a

Pawòl sa fè n sonje kantik labib Lamèk la, nan ras Adam: « Yap vanje Kayen sèt fwa, men Lamèk, swasantdis fwa » (Jen 4,24). Se konsa rayisans te kòmanse gaye nan mitan

moun ki sou tè a : li gwo tankou yon larivyè kap desann.

Page 8: Pawòl     Lavi a

Devan mal kap gaye, Jezi mete padon san limit, san

kondisyon, kòm sa ki kapab kraze baryè vyolans lan.

Page 9: Pawòl     Lavi a

Padonnen se sèl fason pou yo kenbe desòd la epi bay moun yo yon lavni ki pap kraze tout

bagay.

Page 10: Pawòl     Lavi a

« Mwen pa di-w

jouska sèt fwa,

men

jouska swasantdis fwa

sèt fwa » (Mt 18,22).

Page 11: Pawòl     Lavi a

Padonnen. Padonnen toutan. Padonnen pa vle di bliye ki anpil fwa vle di

pa vle gade bagay yo jan yo ye a.

Page 12: Pawòl     Lavi a

Padonnen se pa feblès, sa vle di pa pran ka sak pa kòrèk paske w pè sila ki te fè-l la.

Padonnen se pa di sak grav oubyen sak ki mal pa enpotan.

Page 13: Pawòl     Lavi a

Padonnen se yon bagay wap fè ak tout lespri-w, ak tout detèminasyon ou, kidonk ki lib. Se resevwa frè-w ak sè-w yo jan yo ye a malgre mal yo te fè a, jan Bondye resevwa nou pechè malgre

tout fòt nou yo. Padonnen se pa bay kou pou kou men se fè sa Pòl di a : « Pa kite sa ki mal pran pye sou-w. Okontrè, fè sa ki byen pou n

kraze sa ki mal » (Rm 12,21).

Page 14: Pawòl     Lavi a

Padonnen se bay sila ki te fè-w ditò chans pou l gen

yon nouvo kalite rapò avèk ou. Kidonk, bay toulede

yon chans pou yo rekòmanse lavi, yon lavni kote mal la

pap gen dènye mo a.

Page 15: Pawòl     Lavi a

« Mwen pa di-w

jouska sèt fwa, men

jouska swasantdis fwa sèt

fwa » (Mt 18,22).

Page 16: Pawòl     Lavi a

Kijan nap fè pou n viv Pawòl sa a?Pyè te mande Jezi : « Konbyen fwa pou-m padonnen frè-m nan? ».

Page 17: Pawòl     Lavi a

Jezi, nan repons li te bay, tap sonje rapò

nan pami kretyen yo, nan pami moun menm

kòminote a.

Page 18: Pawòl     Lavi a

Kidonk se avèk frè-n ak sè-n yo nan lafwa nou dwe konpòte konsa: nan fanmi an, nan travay la, nan lekòl la

oubyen nan kòminote kote nou ye a.Nou konnen konbyen fwa nou ta anvi reponn ak yon jès oubyen ak yon pawòl ki sanble ak mal nou

sot resevwa a.

Page 19: Pawòl     Lavi a

Nou konnen kijan li fasil pou moun kap viv ansanm rive manke renmen youn pou lòt kit se poutèt karaktè

yo ki pa menm, kit se paske yo nève ou byen pou tout kalite lòt bagay. Enben, nou bezwen konnen se sèlman yon atitif padon toujou nouvo ki kapab kenbe kè

poze ak tèt ansanm nan mitan frè yo.

Page 20: Pawòl     Lavi a

Toujou gen tandans pou moun yo sonje defo frè ak sè yo, sonje sa yo te fè nan tan ki pase a, pou yo pa jan yo ye a… Nou bezwen pran abatid gade yo ak yon je ki nouvo epi aksèpte yo jan yo ye jous nan bout nèt, menm si

yo pa regrèt.

Page 21: Pawòl     Lavi a

Yo met di: « Se yon bagay ki

difisil ». Se vre. Men se sak bèl nan swiv Jezi.

Se pa pou bon tan nap swiv Kris la ki, lè li tap pandye sou kwa a, te mande Papa padon pou moun ki te fè l mouri epi li leve

byen vivan.

Page 22: Pawòl     Lavi a

An-n pran kouraj. An-n kòmanse yon lavi konsa kap

ba-n kè poze nou pat santi anvan ak kè kontan nou pat janm konnen.

Page 23: Pawòl     Lavi a

“Pawòl Lavi a”, se yon dokiman mouvman fokolari yo voye chak mwa.Dokiman sa Kyara Libik te ekri li nan mwa sektanm 1999.

Imaj yo, Anna Lollo ansanm avèk Pè Placido D’Omina (Sisil - Itali) Yo tradwi Pawòl Lavi a nan 96 lang ak idyòm,

epi li rive jwenn kèk milyon moun tout kote sou tè a pa lentèmedyè enprimri, radyo TV

epi internèt – pou pran enfòmasyon www.focolare.org Yo tradwi PPS la nan divès lang epi yo pibliye l

sou www.santuariosancalogero.org

“Pawòl Lavi a”, se yon dokiman mouvman fokolari yo voye chak mwa.Dokiman sa Kyara Libik te ekri li nan mwa sektanm 1999.

Imaj yo, Anna Lollo ansanm avèk Pè Placido D’Omina (Sisil - Itali) Yo tradwi Pawòl Lavi a nan 96 lang ak idyòm,

epi li rive jwenn kèk milyon moun tout kote sou tè a pa lentèmedyè enprimri, radyo TV

epi internèt – pou pran enfòmasyon www.focolare.org Yo tradwi PPS la nan divès lang epi yo pibliye l

sou www.santuariosancalogero.org

« Mwen pa di-w jouska sèt fwa,

men jouska

swasantdis fwa sèt fwa » 

(Mt 18,22).