pawòl lavi a

28
Pawòl Pawòl Lavi a Lavi a Desanm 2008

Upload: emma

Post on 10-Jan-2016

67 views

Category:

Documents


9 download

DESCRIPTION

Pawòl Lavi a. Desanm 2008. « Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa w » (Lk 22,42). - PowerPoint PPT Presentation

TRANSCRIPT

Page 1: Pawòl Lavi a

PawòlPawòl

Lavi aLavi a

Desanm 2008

Page 2: Pawòl Lavi a

« Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa

w » (Lk 22,42)

Page 3: Pawòl Lavi a

Lap di nèt ale tout sa ki tap pase nan fen fon kè Jezi a.

Kè l te chire, li te sote, tankou tout moun,

devan lanmò Papa l te vle pou li.

Eske w sonje pawòl sa? Se sa Jezi te di Papa l

nan jaden Jetsemani a. Se pawòl sa ki te bay tout soufrans li yo sans, anvan li leve byen vivan.

Page 4: Pawòl Lavi a

Men Jezi pat tann jou sa pou l ajiste volonte pal avèk volonte Papa l. Se sa li te fè tout tan lavi li.

Page 5: Pawòl Lavi a

Si se te kondwit Jezi

a, se sa tout kretyen

ta dwe fè tou.

Ou menm tou

ou dwe repete

nan lavi w :

Page 6: Pawòl Lavi a

« Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa

w »

Page 7: Pawòl Lavi a

Petèt jous koulye a ou pat janm sonje sa, menm si w te batize epi se pitit legliz la w ye.

Page 8: Pawòl Lavi a

Petèt ou te wè pawòl sa tankou yon fason pou w reziyen lè w pa kapab fè lòt jan. Men se pa sa pawòl sa vle di

vre.

Page 9: Pawòl Lavi a

Banm di w. Nan lavi a wap bezwen chwazi ant de chemen :

fè sa w vle a oubyen chwazi fè sa Bondye vle pou w fè avèk tout libète pa w.

Page 10: Pawòl Lavi a

Lè sa, ou kapab viv de kalite esperyans. Premye a va ba w desepsyon rapid rapid paske wap eseye monte mòn lavi a

avèk pwòp lide w yo ki gen anpil limit, avèk mwayen ou yo, avèk ti rèv ou yo, avèk fòs ou yo.

Page 11: Pawòl Lavi a

Sanzatan wap fè experyans yon ti lavi ki byen annwiyan, ki pa mennen okenn kote, ki gri, epi kèk

fwa kap fè w pèdi espwa

Page 12: Pawòl Lavi a

Nan finisman, wap rive nan lanmò san ou pap kite okenn tras : yon ti dlo nan je epi pyès moun pap sonje w ankò.

Dezyèm chemen an se sila kote w va repete ou menm tou :

Wap mennen yon ti lavi ki konsa konsa malgre tout jefò ou kapab fè pou w ba li koulè men ki pap janm ba w

kè kontan nèt ale. Ou dwe admèt se vre epi ou pa kapab di se pa vre.

Page 13: Pawòl Lavi a

« Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa

w »

Page 14: Pawòl Lavi a

Ou kapab imajine Bondye se tankou solèy la. Anpil reyon soti nan li epi yo rive jwenn chak

moun. Se tankou volonte Bondye sou chak nan yo.

Page 15: Pawòl Lavi a

Nan lavi a Bondye rele kretyen an, tankou tout moun ki gen bon santiman, pou l mache bò kote li nan limyè pwòp reyon pa li, ki pa menm pou chak moun epi ki pa sanble okenn lòt. Konsa lap rive reyalize bèl pwojè espesyal

Bondye genyen sou li.

Page 16: Pawòl Lavi a

Si wap fè konsa, wap santi w angaje nan yon avanti ou pa ta janm imajine. Wap fè epi wap wè anpil bon bagay Bondye va fè nan ou menm epi nan lòt

moun yo pa lentèmedyè pa w.

Page 17: Pawòl Lavi a

Tout sa kap rive pou w, kit se kè kontan kit se kè sere, kit se favè kit se devenn, kit se bagay ki konsekan (tankou siksè ak chans, aksidan oubyen moun ou renmen ki mouri) kit se bagay san valè (tankou travay chak jou a nan kay la, nan biwo oubyen nan lekòl la) tout bagay, tout va pran yon sans ki nouvo paske se Bondye

kap ofri w li, li menm ki se Renmen.

Page 18: Pawòl Lavi a

Li vle, oubyen li pèmèt tout sa ki rive w pou avantaj ou. Si nan kòmansman ou kapab wè li sèlman ak je lafwa, piti piti wap dekouvri ak je nanm nan yon fil lò kap mare

tout sa kap pase a pou fè li tounen yon bwodri ki bèl anpil : volonte Bondye sou w.

Page 19: Pawòl Lavi a

Petèt ou santi sa kapab atire w. Petèt ou vle tout bon vre bay lavi w anpil sans.

Lè sa koute m. Anvan tout bagay m ap di w kilè ou dwe fè volonte Bondye.

Page 20: Pawòl Lavi a

Gade. Sa k pase l ale epi ou pa kapab kouri dèyè l. Sèl sa w kapab fè se mete l nan bon kè Bondye a. Sa kap vini li ponkò la.

Ou va viv li lè lap vini. Se sèlman ti moman prezan an ou genyen nan men ou. Se nan sila ou bezwen chache viv

pawòl la :

Page 21: Pawòl Lavi a

« Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa

w »

Page 22: Pawòl Lavi a

Lè w vle vwayaje – lavi a se tankou yon vwayaj – wap chita byen chita sou ban an. Ou pa ta janm panse mache

ale vini nan machin nan. Se konsa ou ta vle fè si w chache viv lavi w nan yon tan ki ponkò vini

oubyen si wap sonje sa k pase epi ki pap janm retounen.

Page 23: Pawòl Lavi a

Non. Tan an li mache pou kont li. Sèl sa nou bezwen fè se rete fèm nan ti moman prezan an epi nap rive pase tout lavi

nou sou tè a.Wap mande m : kijan mwen kapab fè diferans

ant volonte Bondye epi volonte pa m?Nan moman prezan li fa difisil konnen kisa ki volonte

Bondye. Kite m montre w yon chemen.

Page 24: Pawòl Lavi a

Koute anndan kè w: gen yon ti vwa tou piti, petèt wap fè l pe twòp epi ou prèske pa kapab tande l ankò. Men koute l byen: se vwa Bondye a. Lap di w li lè pou

w etidye, pou w renmen moun ki bezwen, pou w

travay, pou w pa fè sa k mal, pou w akonpli devwa w tankou kretyen

oubyen tankou sitwayen.

Page 25: Pawòl Lavi a

Ti vwa sa envite w koute yon moun kap pale

avèk ou nan non Bondye oubyen

depase sitiyasyon ki difisil yo avèk anpil

kouraj...

\

Page 26: Pawòl Lavi a

Koute, koute. Pa fè ti vwa sa pe: se yon trezò ki gen anpil valè. Swiv li.

Page 27: Pawòl Lavi a

Lè sa, tipa tipa

wap rive konstwi istwa pa w, ki se yon istwa Bondye ak yon istwa moun ansanm paske se w menm kap fè l

avèk Bondye kap ede w. Ou va wè anpil mevèy :

ou va wè sa Bondye kapab fè ak yon moun

kap di ak tout lavi li:

Page 28: Pawòl Lavi a

« Se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa

w »

“Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari.

Testo di: Chiara Lubich (8/1978)Grafica di Anna Lollo in collaborazione con don Placido

D’Omina (Sicilia - Italia)