pawòl lavi a

22
Pawòl Lavi a Desanm 2009

Upload: brigit

Post on 09-Jan-2016

62 views

Category:

Documents


5 download

DESCRIPTION

Pawòl Lavi a. Desanm 2009. « Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo, pou yo kap wè sa nou fè ki bon, pou yo fè lwanj pou Papa nou nan syèl la » (Mt 5,16). - PowerPoint PPT Presentation

TRANSCRIPT

Page 1: Pawòl Lavi a

Pawòl

Lavi a

Desanm 2009

Page 2: Pawòl Lavi a

« Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo,

pou yo kap wè sa nou fè ki bon,

pou yo fè lwanj pou Papa nou nan syèl la »

(Mt 5,16).

Page 3: Pawòl Lavi a

Limyè a parèt nan « sa nou fè ki bon ».

Lap klere nan sa kretyen yo fè ki bon.

Page 4: Pawòl Lavi a

Men ou kapab di m : se pa sèlman kretyen yo kap fè bagay ki bon.

Gen lòt moun tou kap ede pou bagay yo vin pi bon,

kap bati kay, kap goumen pou jistis la

rive…

Page 5: Pawòl Lavi a

Ou gen rezon. Men si yon kretyen kapab fè epi si li dwe fè tout bagay sa yo,

se pa sa kap fè l kretyen vre. Li bezwen fè « sa ki bon » avèk yon lespri ki nouvo, yon lespri kap fè

se Kris la kap viv nan li menm, se pa li menm sèl.

Page 6: Pawòl Lavi a

Sèke levanjil la pa vle di pou moun yo fè sa ki bon

de tanzantan konsa (vizite moun ki nan prizon, bay moun ki

toutouni rad, oubyen tout kalite bon bagay moun yo kapab fè pou ede lòt yo nan sosyete jodi a) men li vle di pou kretyen an fè sa Bondye vle nèt ale dekwa pou tout lavi li tounen yon

bagay ki bon.

Page 7: Pawòl Lavi a

Si kretyen an konn fè konsa, lap vin « klè » epi konpliman yo va fèt pou sa l lap fè yo, men se pa li menm menm yap jwenn, se Kris la kap viv nan li menm epi Bondye, pa lentèmedyè li, va

prezan sou tè a. Sa kretyen bezwen fè se kite limyè a parèt nan li menm pou l kapab vin yon « siy » prezans Bondye nan

mitan moun yo.

Page 8: Pawòl Lavi a

« Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo,

pou yo kap wè sa nou fè ki bon,

pou yo fè lwanj pou Papa nou nan syèl la »

(Mt 5,16).

Page 9: Pawòl Lavi a

Si sa yon moun fè ki bon kapab fè Bondye prezan, kominote kretyen yo genyen menm wòl nan mitan sosyete a : montre nan lavi li prezans Bondye ki la kote de oubyen twa moun rasanble sou non l, prezans sa Jezi te promèt Legliz li a jous nan

finisman tan yo.

Page 10: Pawòl Lavi a

Legliz ki

te nan kòmansman

te bay pawòl Jezi sa yo

anpil konsékans.

Sitou nan tan difisil yo,

lè moun yo tap di tout

kalite bagay sou

kretyen yo Legliz la tap

ankouraje yo pou yo pat

reyaji avèk

britalite. Fason yo

tap konpòte te

kapab pi bon fason

pou yo montre sa moun

yo te konn di sou kont

yo pat vre.

Page 11: Pawòl Lavi a

Nou kapab li nan lèt Tit la : « Se pou n ensiste kot jèn jan yo pou yo kenbe tèt yo. Nan tout sikonstans, se

pou w prezante tèt ou kòm egzanp nan bonjan kondwit pa w, avèk yon lansèyman ki san defo, ki serye, yon pawòl ki kòrèk, san l pa gen

anyen pou yo repwoche l. Konsa, lenmi an pap jwenn anyen ki mal pou l di kont nou. »

Page 12: Pawòl Lavi a

« Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo,

pou yo kap wè sa nou fè ki bon,

pou yo fè lwanj pou Papa nou

nan syèl la » (Mt 5,16).

Page 13: Pawòl Lavi a

Se lavi kretyen konn viv ki pi bon limyè

jodi a tou pou pote moun yo kot Bondye.

Kite m ba w ton ti istwa.

Page 14: Pawòl Lavi a

Antonyèta te fèt nan Sadeny, men pou l kapab travay, li te ale Grenòb, nan peyi

Lafrans.

Antonyèta te fèt nan Sadeny, men pou l kapab travay, li te ale Grenòb, nan peyi

Lafrans.

Page 15: Pawòl Lavi a

Li tap travay

nan yon biwo

kote moun yo pat two

cho pou yo travay.

Paske se kretyen li te

ye, li te konn wè

nan chak moun Jezi

li te kapab ede.

Li te ede tout moun

epi li te toujou

trankil epi li tap

souri.

Page 16: Pawòl Lavi a

Detanzantan gen moun ki fache, li pran rele epi li vide kè l sou li antan lap manke l dega: « Depi w vle

travay, se pou w ekri travay sa pou mwen! »

Page 17: Pawòl Lavi a

Li pe bouch li epi li kontinye

travay. Li konnen moun sa yo yo pa mechan. Chak moun gen tèt

chaje pa yo.

Page 18: Pawòl Lavi a

Yon jou, reskonsab biwo a ale bò kote l antan lòt yo pa la epi li di l konsa « Koulye a w bezwen di m kijan ou fè pou pa janm pèdi pasians epi pou souri toutan ». Antonyèta chèche evite kesyon an nan di konsa: « Mwen chèche rete trankil epi

pran bon kote ki nan bagay yo ».

Page 19: Pawòl Lavi a

Reskonsab biwo a bay yon kout pwen sou tab la epi li di konsa: «

Non, Bondye ladan sèten, otreman se pa posib! Poutan mwen pat

kwè nan Bondye! ».

Page 20: Pawòl Lavi a

Apre kèk jou, yo rele Antonyèta nan direksyon an. Yo di li yap voye l

nan yon lòt biwo « pou l kapab chanje l menm

jan li te fè kote li te ye

a ».

Page 21: Pawòl Lavi a

« Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo,

pou yo kap wè sa nou fè ki bon,

pou yo fè lwanj pou Papa nou nan syèl la »

(Mt 5,16).

Page 22: Pawòl Lavi a

“Pawòl Lavi a”, se yon dokiman mouvman fokolari yo voye chak mwa.

Dokiman sa Kyara Libik te ekri li nan mwa out 1979.

Imaj yo, Anna Lollo ansanm avèk Pè Placido D’Omina (Sisil - Itali)

Yo tradwi Pawòl Lavi a nan 96 lang ak idyòm,

epi li rive jwenn kèk milyon moun tout kote sou tè a pa lentèmedyè enprimri, radyo TV

epi internèt – pou pran enfòmasyon www.focolare.org

Yo tradwi PPS la nan divès lang epi yo pibliye l sou www.santuariosancalogero.org