pawòl lavi a

20
Pawòl Pawòl Lavi a Lavi a Oktòb 2009 Oktòb 2009

Upload: nida

Post on 09-Jan-2016

87 views

Category:

Documents


3 download

DESCRIPTION

Pawòl Lavi a. Oktòb 2009. « Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou » (Lk 21,19). « Pèseverans ». Se konsa yo tradwi pawòl sa yo te ekri an grèk epi ki montre yon moun gen pasyans, li kenbe, li lite, li gen konfyans. - PowerPoint PPT Presentation

TRANSCRIPT

Page 1: Pawòl  Lavi a

Pawòl Pawòl

Lavi a Lavi a Oktòb 2009Oktòb 2009

Page 2: Pawòl  Lavi a

« Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou » (Lk 21,19).

Page 3: Pawòl  Lavi a

« Pèseverans ». Se konsa yo tradwi pawòl sa yo te ekri an grèk

epi ki montre yon moun gen pasyans, li kenbe, li lite, li gen konfyans.

Page 4: Pawòl  Lavi a

Pèseverans lan li nesesè, li obligatwa lè yon moun soufri, lè yo eseye l, lè li gen

tandans pou l dekouraje, lè li santi vye bagay lemonn atire l, lè yo fè l pase tray.

Page 5: Pawòl  Lavi a

Petèt ou menm tou w te pase anba omwen youn nan sityasyon sa yo epi w te santi si w pat gen

pèseverans ou te kapab tonbe. Petèt kèk fwa w te lage. Oubyen petèt koulye a w nan youn nan

sityasyon difisil sa yo.

Page 6: Pawòl  Lavi a

Enben, kisa pou w fè?Se pou w rekòmanse epi… kenbe.

Otreman ou pa kapab di se kretyen ou ye.

Page 7: Pawòl  Lavi a

Ou konnen :

moun ki vle swiv

Jezi, li bezwen pran

lakwa li chak jou,

li bezwen

renmen soufrans lan

omwen nan

volonte li a.

Vokasyon kretyen an

se yon vokasyon

pou l kenbe.

Page 8: Pawòl  Lavi a

Apòt Pòl

te montre

kòminote li a

pèseverans lan se

te siy yon kretyen

tout bon vre.

Li mete l

sou menm pye

ak mirak yo.

Page 9: Pawòl  Lavi a

Si wap renmen lakwa epi si wap kenbe,

wap swiv Kris ki nan syèl la epi wap

sove lavi w.

Page 10: Pawòl  Lavi a

« Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou » (Lk 21,19).

Page 11: Pawòl  Lavi a

Gen de kalite moun : moun kap tande envitasyon pou yo vin kretyen tout bon vre men

envitasyon sa tonbe sou wòch la. Yo byen cho, tankou yon dife ki pase nan raje, epi pa

gen anyen ki rete.

Page 12: Pawòl  Lavi a

Dezyèm nan okontrè resevwa envitasyon tankou yon bon jan teren kap resevwa semans lan. Epi lavi kretyen yo jèmen, li grandi, li depase difikilte yo, li kenbe anba tanpèt yo. Yo genyen pèseverans epi… « Se nan pèseverans nou nap

sove lavi nou. »  

Page 13: Pawòl  Lavi a

Men si w vle kenbe se pa kont pou w chita sou pwòp fòs ou yo. Ou bezwen pou Bondye

ede w.Pòl di Bondye se « Bondye ki bay pèseverans ”. Se li menm ou bezwen mande kado sa epi li

va ba w li.

Page 14: Pawòl  Lavi a

Paske si se kretyen ou ye, se pa kont pou w batize, pou w fè kèk ti lapriyè, oubyen pou w fè

lacharite de tanzantan. Ou bezwen grandi tankou kretyen. Epi grandi sa nan lespri a li

pa ka rive si se pa nan mitan eprèv yo, soufrans yo, baryè yo, konba yo.

Page 15: Pawòl  Lavi a

Gen moun ki konn kenbe, se moun ki renmen. Renmen an pa wè baryè yo, difikilte yo, sakrifis

yo. Pèseverans lan se renmen ki pase anba eprèv yo.

Manman Mari te konn kenbe.

Page 16: Pawòl  Lavi a

Mande Bondye pou l limen renmen pou li nan kè w epi pèseverans devan tout difikilte lavi yo a va vini epi konsa w va sove lavi w.

Page 17: Pawòl  Lavi a

« Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou » (Lk 21,19).

Page 18: Pawòl  Lavi a

Men gen yon lòt bagay anplis. Pèseverans lan se yon bagay ki atrapan. Yon moun ki gen pèseverans bay

lòt yo kouraj pou yo ale jous nan bout nèt. Ann gade anlè a.

Page 19: Pawòl  Lavi a

Se yon sèl grenn lavi nou genyen epi li byen kout. Ann sere dan nou jou apre jou, ann pran difikilte yo youn apre lòt

pou n swiv Jezi… epi nou va sove lavi nou.

Page 20: Pawòl  Lavi a

“Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari.Testo di Chiara Lubich, Giugno 1979

Grafica di Anna Lollo in collaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)

« Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou » (Lk 21,19).