haitian - bostonpublicschools.org · fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl...

16
HAITIAN

Upload: trinhthuan

Post on 10-Dec-2018

227 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

HAITIAN

Page 2: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

AUGUST 2018S M T W Th F S

1 2 3 4

5 6 7 8 9 10 11

12 13 14 15 16 17 18

19 20 21 22 23 24 25

26 27 28 29 30 31

January 21.................M. L. King Jr. Day: No school February 18 ................... Presidents’ Day: No school February 19-22.............February Recess: No school February 25 .................. Students return from recess April 15 ..............................Patriots’ Day: No school April 16-19 .......................Spring Recess: No school April 19 ................................................ Good Friday April 22 ........................ Students return from recess May 27 .............................Memorial Day: No school June 4 (or day 170) ....................Last day for seniors June 17 (or day 179) ........ Early release for students June 18 (or day 180) ................... Last day of school:

Early release for students June 18 is the 180th school day if no days are lost

due to cancellations. June 25 is the 185th day required for calendar

purposes. No graduation program should be scheduled

before June 4, 2019.

August 14-16 ................August Leadership Institute August 20-22 ................... Teacher Summer InstituteAugust 23........Up Academies: Boston, Dorchester,

and Holland, all grades − first day of school September 3 ..........................Labor Day: No school September 4-5 ........... All teachers and paras report September 6 .......... Students in grades 1-12 report, including grade 1 in ELCs and EECs: September 11 ...........Kindergarten students report,

including EECs, ELCs, and special ed. October 8 ...................... Columbus Day: No school November 12 ..Veterans’ Day (observed): No school November 21 .....Early release for students and staff

Dever - Full day off November 22-23 ... Thanksgiving Recess: No school December 24 - January 1 ..Winter Recess: No school January 2.................... All teachers and paras report January 3...................... Students return from recess

2018–2019 DISTRICT CALENDAR

Extenuating circumstances and/or inclement weather may necessitate changes to the calendar during the year. Visit www.bostonpublicschools.org/calendar for current information.

Produced by the Boston Public Schools Communications Office | July, 2018

wAll BPS offices and Welcome Centers closed.

Major Religious & Cultural Holidays Aug. 22 ......... Eid al-AdhaSept. 10-11 ..Rosh HashanahSept. 19 ........ Yom KippurNov. 7 ........ Diwali beginsNov. 22 .......ThanksgivingDec. 25 ............ChristmasDec. 3-10 .........HanukkahDec. 26 - Jan. 1 ..KwanzaaJan. 1 ...... New Year’s DayJan. 6 .... Three Kings Day

Feb. 5 .....Lunar New YearApr. 19 .........Good FridayApr. 20-27 ..........PassoverApr. 21 ...................EasterApr. 28 .. Orthodox EasterApr. 22 ............. Earth DayMay 5 .....Ramadan begins May 12 ........Mother’s DayJune 5 .............. Eid al-FitrJune 16 ........ Father’s Day

Observance of Jewish and Islamic holidays begins at sundown of the preceding day.

SEPTEMBER 2018S M T W Th F S

1w

2 3 4 5 6 7 8

9 10 11 12 13 14 15

16 17 18 19 20 21 2223

30 24 25 26 27 28 29

JUNE 2019S M T W Th F S

1

2 3 4 5 6 7 8

9 10 11 12 13 14 15

16 17 18 19 20 21 2223

30 24 25 26 27 28 29

OCTOBER 2018S M T W Th F S

1 2 3 4 5 6w

7 8 9 10 11 12 13

14 15 16 17 18 19 20

21 22 23 24 25 26 27

28 29 30 31

NOVEMBER 2018S M T W Th F S

1 2 3

4 5 6 7 8 9 10w

11 12 13 14 15 16 17w w

18 19 20 21 22 23 24

25 26 27 28 29 30

DECEMBER 2018S M T W Th F S

1

2 3 4 5 6 7 8

9 10 11 12 13 14 15

16 17 18 19 20 21 2223

3024

31w

25 26 27 28 29

JANUARY 2019S M T W Th F S

w 1 2 3 4 5

6 7 8 9 10 11 12

13 14 15 16 17 18 19w

20 21 22 23 24 25 26

27 28 29 30 31

FEBRUARY 2019S M T W Th F S

1 2

3 4 5 6 7 8 9

10 11 12 13 14 15 16w

17 18 19 20 21 22 23

24 25 26 27 28

MARCH 2019S M T W Th F S

1 2

3 4 5 6 7 8 9

10 11 12 13 14 15 16

17 18 19 20 21 22 2324

31 25 26 27 28 29 30

APRIL 2019S M T W Th F S

1 2 3 4 5 6

7 8 9 10 11 12 13w w

14 15 16 17 18 19 20

21 22 23 24 25 26 27

28 29 30

MAY 2019S M T W Th F S

1 2 3 4

5 6 7 8 9 10 11

12 13 14 15 16 17 18

19 20 21 22 23 24 25w

26 27 28 29 30 31

JULY 2019S M T W Th F S

w1 2 3 4 5 6

7 8 9 10 11 12 13

14 15 16 17 18 19 20

21 22 23 24 25 26 27

28 29 30 31

Page 3: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

Vil BostonMartin J. Walsh, Majistra

Komite Lekòl Boston yoMichael Loconto, Alatèt

Dr. Hardin Coleman, Alatèt AnnapreMichael O'Neill

Alexandra Oliver-DávilaJeri Robinson

Regina RobinsonDr. Miren Uriarte

Lekòl Piblik BostonLaura Perille, Sipèentandan Pwovizwa

Septanm 2018

2018–2019Enfòmasyon pou Lekòl

Piblik Boston pou Elèv ak Fanmi

Pwodiksyon:Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston

Bruce C. Bolling Municipal Building2300 Washington Street, Roxbury MA 02119

[email protected]

www.bostonpublicschools.org

Kouvèti atistik pa: Ms. Collymore’s Class, Roger Clap Elementary School: Mia Avelar, Aniyah Bing, Anyah King, Lianna Cardoso,

Demetrius Correa, Joana Dako, Kaelissa Meija, Yoseliani Ocasio, Jordyn Rivera, Kelyce Watson, Daniel Uzoma, Jalen Weatherhead, Adam Daoud, Lisandro Dosreis, Cayden Rollins, Kathryn Nguyen, Keira Cantor,

Anyla McQueen Simpson, Corrina Hinds, Daniel Contreras, Ismacil Mohammed, Anthony Cabral Jimenez, Yaslene Pepin. Pwofesè Atizay: Connie Cummings.

Livrè sa a disponib an Arab, Kreyòl Kapvèdeyen, Chinwa, Anglè, Franse, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè, Somali, Panyòl, ak Vyetnamyen.

Piblikasyon sa a se yon rezime sou anpil lwa, regleman, gid ak pratik ki enpòtan pou elèv Lekòl Piblik Boston (BPS) ak paran yo epitou lòt moun ki responsab yo. Se pa entansyon nou nan liv sa a pou nou prezante yon lis konplè tout lwa ak regleman ki gen arevwa ak elèv ak paran.

Lwa eta yo ak lwa federal, regleman BPS, gid ak pratik nan distri a ak nan etablisman lekòl yo kapab chanje a nenpòt ki moman. Kèk enfòmasyon ka deja chanje depi lè Gid la te enprime an jiyè 2018 la.

Page 4: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

2 BOSTON PUBLIC SCHOOLS INFORMATION FOR STUDENTS AND FAMILIES 2017-2018 www.BostonPublicSchools.org

Kisa Ki Anndan an

Regleman Kominikasyon 2 Yon Mesaj Sipèentandan Pwovizwa 3Itilize Teknoloji nan Lekòl 4 Kontra Paran ak Elèv: 5-8TANPRI SIYEN L EPI RETOUNEN L!Kòd Konduit la 9-11Lis Sèvis pou Fanmi 12Kalandriye Lekòl 2018–2019 la Kouvèti devan anOrè Kanè Lekòl Anndan kouvèti dèyè a

Pou wè tout Gid Lekòl Piblik Boston yo okonplè, konsilte BostonPublicSchools.org/domain/2171Tèt Ansanm Fanmi/Lekòl 6-12 Pase Al nan Lòt Klas ak Evalyasyon 13-23Pwogram Espesyal 24-27Sèvis pou Elèv 28-35

Transpòtasyon 33Sèvis Manje ak Nitrisyon 35

Regleman BPS 36-51Kòd Konduit la 39Egzijans Lojman pou Elèv 43Enskripsyon Lekòl 44

Plis Resous pou Fanmi 52-56ESSA & Title I (Tit 1) 52Elèv k Ap Aprann Anglè 56

Òganizasyon ki Bay Sesyon Fòmasyon ak Devlopman Pwofesyonèl pou Paran 57-59Lis Anyè Lekòl Piblik Boston 60-64

Regleman sou KominikasyonLekòl Piblik Boston yo, Komite Lekòl Boston, Sipèentandan ak tout lòt pèsonèl nan depatman santral avèk lòt pèsonèl ki baze nan lekòl yo genyen responsablite pou kominike aklè ak san delè avèk fanmi yo, elèv yo, kolèg yo, patnè yo epitou kominote a. Yon komikasyon manch long esansyèl pou devlope epitou mentni baz yon relasyon k ap mache toutbon nan tèt-kole lakay/lekòl/patnè nan kominote a pou amelyore reyisit elèv yo.

Komite Lekòl Boston yo chita dèyè prensip sa yo: � Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a.

� Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman enfòme kòrèkteman.

� Pèsonèl Lekòl Piblik Boston yo ak fanmi yo tire benefis nan bonjan pataj enfòmasyon – kit yo pozitif kit yo negatif.

� Komimasyon vèbal osinon alekri ki fèt ant lekòl yo ak anplwaye yo dwe reflete detèmisayon BPS pou sipòte tout elèv ak fanmi yo, sou baz akonplisman elèv nan bonjan kalite ansèyman ak aprantisay.

� Kominikasyon tout bon vre dwe fèt nan de (2) sans: lekòl yo avèk biwo santral la dwe jwenn fason pou koute e resevwa kòmantè fanmi yo, elèv yo, ak kominote a fè, epi reponn nan langaj ki klè kou dlo kokoye.

� Tout kominikasyon dwe reflete epi pran an konsiderasyon sansiblite sou divèsite fanmi ak pèsonèl BPS yo, e yo dwe san magouy nan onè-respè pou ras, etnisite, lang, edikasyon, valè kòb moun fè, gason oswa fi, relijyon, oryantasyon seksyèl, osinon enfimite.

Pou plis Enfòmasyon pou Regleman sou Kominikasyon an:

bostonpublicschools.org/domain/1884, « Policies & Procedure : Superintendent’s Circulars, » epi

klike sou kategori “Communications”

617-635-9265

Lekòl Piblik Boston, konfòm a regleman pinga-diskriminasyon l yo, pa diskrimine nan pwogram li yo, lokal li yo, oswa travay, oswa opòtinite edikasyonèl sou baz ras, koulè, laj, dosye kriminèl (ankèt sèlman), enfimite, estati sanzabri, sèks/fi ak gason, idantite seksyèl, relijyon, orijin nasyonal, zansèt/desandan, oryantasyon seksyèl, jenetik, osinon estati militè, epitou nou pa tolere kèlkilanswa fòm entimidasyon, menas, oswa pèsekisyon ki kapab ensilte diyite lòt moun oswa entèfere avèk abilte yo pou yo aprann e travay.

Page 5: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

BOSTON PUBLIC SCHOOLS INFORMATION FOR STUDENTS AND FAMILIES 2017-2018 www.BostonPublicSchools.org 3

Yon Mesaj Sipèentandan Pwovizwa PerilleChè Paran, Moun ki Responsab Timoun yo ak Elèv:Byenvini nan yon nouvo ane lekòl enteresan. Se yon onè pou mwen pou m sèvi kòm sipèentandan pwovizwa w. Mwen espere etabli yon patenarya ansanm avèk ou pou n edike e sipòte jenn nou yo pou n kapab kiltive yon Lekòl Piblik Boston ki pi solid pou tout elèv. N ap viv nan yon vil ki gen yon istwa fyè, yo konsidere kòm Bèso Libète ak bèso edikasyon piblik. Premye lekòl piblik nan peyi a ak lekòl primè piblik pi ansyen an se lakay nou yo chita – enstitisyon ki gen prèske 400 ane ap edike pitit

Boston yo kontinyèlman. Epitou, Boston gen renome kòm yon sant inovasyon, k ap vanse pou devan gras a inivèsite dènye kri, pi bon lopital edikatif, ak yon endistri biyotèk k ap fleri k ap refòme mond nou an jounen jodi a ak pou tan k ap vini yo. Objektif nou se prepare elèv nou yo pou yo kapab anbrase lavni sa a. Mwen fè zafè egalite nan edikasyon travay lavi mwen. Misyon nou nan Lekòl Piblik Boston se asire tout elèv nou yo resevwa bonjan edikasyon, nan yon lekòl ki bati sou kapasite elèv yo e ki apiye aspirasyon yo. Nou dwe asire ke chak elèv ki pase nan pòt nou yo gen opòtinite pou yo devlope konpetans ak konesans nesesè pou reyalize rèv pa yo e reyisi nan inivèsite, karyè yo ak lavi a. Tanpri li tout Gid Lekòl Piblik la okonplè nan bostonpublicschools.org/domain/2171Poukisa Gid sa a enpòtan? Premyèman, li esplike anpil nan regleman ki afekte elèv yo: tankou pa egzanp kisa elèv yo dwe fè pou yo pase pou al nan lòt klas ki vin apre a, kisa nou espere elèv yo dwe fè dekwa pou espas lekòl la rete senesof, ak akeyan pou travay ansèyman an ka pase byen pou elèv ak pwofesè. Anplis, li esplike tou ki jan nou ede elèv yo lè yo pa satisfè demann nou yo. Dezyèmman, li esplike anpil mwayen fanmi yo ka fè pou ankouraje pitit yo aprann, ni lekòl ni lakay.Twazyèmman, li deskri tout dwa lalwa garanti elèv ak paran yo, tankou pa egzanp dwa pou yo jwenn tretman egal-ego menm jan ak tout moun san yo pa kondisere ras yo oswa enfimite yo, dwa pou yo patisipe nan dezisyon k ap pran nan lekòl yo a, dwa pou yo konnen si pwofesè pitit yo a kalifye pou fè lekòl, avèk dwa pou dosye elèv kenbe an sekrè. Gid sa a bay paran ak elèv konsèy sou kisa yo dwe fè oka yo ta panse yo vyole dwa yo.Katriyèmman, Gid la bay anpil enfòmasyon ki itil sou plizyè sijè soti sou tès, pase sou transpòtasyon, rive sou sèvis sante yo ak lè jounen lekòl ranvwaye.Anfen, li bay enfòmasyon nan yon anyè sou tout lekòl BPS yo ak biwo administratif yo, li founi yon lis resous pou solisyone pwoblèm, resous sou edikasyon pou fanmi yo ak kalandrye ane lekòl la (anndan kouvèti paj devan an). Anplis lalwa leta ak federal epi Kòd Konduit distri a, chak lekòl gen pwòp regleman pa yo Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la apwouve. Direktè lekòl ou a oblije ba ou yon kopi Regleman Entèn lekòl la ansanm ak Gid sa a.Tout prensip ak regleman nou yo genyen yon sèl objektif: pou ede prepare chak elèv pou siksè nan inivèsite, karyè, ak nan lavi nan yon anviwonnman apantisay senesof e akeyan. Avèk sipò ou epi ak patisipasyon ou, nou asire n ap rive atenn objektif sa a ansanm.

Laura Perille Sipèentandan Pwovizwa

Akò Paran ak Elèv la nan paj 5-8 se yon dokiman legal n ap kenbe nan dosye nou nan lekòl la. Tanpri retire paj sa yo nan livrè a epi, li, epi siyen chak seksyon, epi retounen Akò a bay lekòl pitit ou a toutsuit. Epitou nou bezwen siayti yon paran oswa responsab legal pou pitit yo kapab patisipe nan kèk aktivite lekòl.

Fòm sa a disponib nan www.bostonpublicschools.org/contact

Ou sèlman bezwen ranpli youn nan fòm sa yo. Nou mande pou paran yo repase Gid Lekòl Piblik Boston 2018-2019 pou Elèv ak Fanmi an, ke nou kapab jwenn nan www.bostonpublicschools.org/domain/2171

Tanpri siyen epi

retounen akò

Paran ak Elèv la!

Page 6: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

4 BOSTON PUBLIC SCHOOLS INFORMATION FOR STUDENTS AND FAMILIES 2017-2018 www.BostonPublicSchools.org

Aprann plis Toujou sou Sekirite Entènèt nan BPS

Pou elèv ak fanmi yo gen plis enfòmasyon sou Regleman Akseptab pou Sèvis la: bostonpublicschools.org/technology

(li seksyon sou Regleman Itilizasyon Akseptab la)

Itilize Teknoloji nan Lekòl Mwen responsab konduit mwen sou tout entènèt la. Mwen

konprann sa mwen fè sou sit entènèt rezo sosyal pa ta dwe enfliyanse anviwònman aprantisay lekòl la negatifman epi/oswa elèv parèy mwen yo, pwofesè yo ak administratè yo.

Mwen responsab pou m onèt pandan mwen sou entènèt. Mwen konprann maske, mistifye, oswa parèt tankou mwen se yon lòt moun, bagay sa yo entèdi. Sa gen ladan, menm si se pa sa sèlman, voye imèl, kreye kont, oswa poste mesaj oswa lòt kontni sou entènèt (tankou tèks, imaj, son oswa videyo) sou non yon lòt moun.

Mwen responsab pou pwoteje sekirite rezo entènèt Lekòl Piblik Boston an. Mwen pa pral eseye kontoune anviwònman sekirite oswa filtè entènèt, oswa entèfere ak operasyon sou rezo a lè mwen enstale lojisyèl ilegal, dosye pataje ranpli, “shareware”, “freeware” nan konpitè lekòl la

Mwen responsab pou pwoteje pwopriyete lekòl la. Mwen konprann vandalis (kraze-brize) entèdi. Sa vle di menm si se pa sa sèlman antre nan konpitè yo pou modifye, oswa detwi ekipman, pwogram, dosye, oswa pwogram nenpòt òdinatè oswa resous teknolojik. Mwen konprann mwen bezwen otorizasyon yon administratè lekòl/pwofesè pou itilize aparèy elektwonik pèsonèl mwen pote nan lekòl la, ki gen ladan men ki pa limite a aparèy pou memorize (tankou lektè USB).

Mwen responsab pou respekte pwopriyete lòt moun sou entènèt la. Mwen pral obeyi lwa sou Dwa Otè “Copyright”. Mwen pa pral plajye oswa itilize travay lòt moun san mwen pa fè sitasyon apwopriye oswa san pèmisyon. Mwen pa pral kopye materyèl ilegalman Dwa Otè “Copyright” pwoteje tankou mizik ak sinema, lis la pa fini.

Mwen responsab pou suiv regleman lekòl la lòske mwen pibliye nenpòt bagay sou entènèt. Mwen pral suiv tout regleman “BPS” oswa pwofesè lekòl mwen tabli lè mwen pibliye sou entènèt (travay tankou yon sit entènèt, blog, Wiki, tablo diskisyon, podcasts oswa videyo). Mwen konprann li pa senesòf pou bay nenpòt enfòmasyon pèsonèl sou tèt mwen, tankou, men se pa sèlman sa: non mwen, adrès, nimewo telefòn oswa lekòl la. Mwen pa pral mete foto elèv ansanm ak non epi siyati yo sou sit entènèt, kit se sou sit entènèt, osinon rezo sosyal, blog, wiki, fowòm diskisyon, ak tout lòt mwayen ki pa di la a san pèmisyon paran/moun ki responsab la oubyen elèv yo (si yo nan laj 18 an epi pi gran).

Lekòl Piblik Boston (BPS) ofri yon gran etalaj resous teknoloji pou elèv ak anplwaye yo sèvi. Yo dwe sèvi ak resous teknoloji

sa yo sèlman pou rezon edikasyon. Regleman Akseptab Pou Itilize teknoloji (AUP) nan BPS ekri a defini fason ki responsab pou sèvi ak teknoloji, ak tout rezo entènèt, aparèy elektwonik, ak resous nan entènèt. Regleman sa a te devlope ak kontribisyon administratè BPS, pwofesè, elèv, paran, patnè kominotè, polis lekòl, ak konseye legal/avoka BPS. Li aplikab pou tout moun ki sèvi nan rezo entènèt BPS, ak tout anplwaye, elèv, ak envite. Komite Lekòl yo adopte yon AUP tounèf nan prentan 2014 pou kouvri anpil nan nouvo teknoloji lekòl nou yo ap sèvi ak yo a oubyen ta renmen itilize nan sal klas yo.

Chak elèv dwe suiv tout règ yo ak regleman ki nan lis pi ba a, menm jan tou ak tout lòt lòd pwofesè ak administratè “BPS” yo bay yo vèbalman, yo aji an bon sitwayen epitou yo gen konpòtman etik tout tan.

Regleman Akseptab Pou Itilize Teknoloji ak Tout Rezo Entènèt la: Responsabilite Elèv la Mwen responsab pou kont òdinatè mwen ak kont lèt elektwonik

(email) mwen. Mwen konprann modpas yo prive kidonk mwen pa ta dwe pataje modpas mwen ak nenpòt moun. Mwen konprann mwen responsab pou tout aktivite ki fèt ak kont mwen an. Mwen pa pral pèmèt lòt moun sèvi ak non kont mwen an ak modpas mwen, oswa eseye sèvi ak pa lòt moun. Mwen konprann mwen ap vyole lalwa si mwen eseye devine epi volè ak mwayen elektwonik modpas yon lòt moun. Mwen konprann li enpòtan pou fèmen sesyon “Log off” nan òdinatè a dekwa pou yon lòt itilizatè pa kapab sèvi ak modpas mwen.

Mwen responsab pou langaj mwen. Mwen pral sèvi ak lang ki apwopriye nan mesaj imèl mwen, sa mwen afiche sou entènèt la, ak lòt kominikasyon dijital. Mwen pa pral itilize pwofanite, langaj vilgè oswa nenpòt lòt langaj ki pa apwopriye dapre sa administratè lekòl la mande.

Mwen responsab pou jan mwen trete lòt moun. Mwen pral sèvi ak imèl ansanm ak tout lòt mwayen kominikasyon (tankou blogs, wiki, tchat, mesaj-enstantane, tablo diskisyon, elatriye) ak responsablite. Mwen pa pral voye oswa poste mesaj rayisab oswa menase moun, fè remak diskriminatwa oswa meprizan bay lòt moun, oubyen tou angaje m nan entimidasyon, asèlman, oswa lòt konpòtman antisosyal swa pandan mwen nan lekòl la osinon lè mwen pa nan lekòl la.

Mwen responsab nan fason mwen itilize rezo entènèt Lekòl Piblik Boston. Mwen pral itilize resous teknoloji “BPS” yo ak responsablite. Mwen pa pral chèche, rekipere, sere, sikile oswa afiche materyèl rayisman, ofansif oubyen ki montre pati seksyèl klè. Mwen pa pral chèche, rekipere, konsève oswa sikile imaj oswa enfòmasyon sou zam lè m ap sèvi avèk nenpòt resous òdinatè “BPS” sofsi administratè lekòl/pwofesè otorize sa tankou yon pati nan devwa lekòl la.

Page 7: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

Please fill out the parent & student agreement form or go to www.bostonpublicschools.org/contact

Nou revize Gid Lekòl Piblik Boston pou Fanmi ak Elèv la ak tout Regleman Lekòl kote pitit mwen ale a. Nou konprann Gid sa a genyen ladan l enfòmasyon enpòtan sou tèt-ansanm lakay-lekòl, Regleman pou pase pou ale nan yon lòt klas,

prezans nan lekòl, Kòd Konduit, Regleman sou Lojman nan Boston, Regleman pou elèv itilize entènèt, lwa sou diskriminasyon, dosye elèv, swen liv yo ak remèt liv lekòl yo, ak liv nan bibliyotèk epitou lòt kondisyon ak regleman lekòl yo.

Nou konprann Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la apwouve Regleman Lekòl la kidonk elèv ki vyole regleman sa yo kapab pèdi sèten privilèj nan lekòl la.

Nou dakò pou n travay ak anplwaye lekòl la pou nou asire nou pitit mwen ale lekòl chak jou (eksepte jou pou absans ki gen eskiz yo), epitou li fè devwa lakay yo.

Nou li rezime Kòd Konduit lan ak tout Regleman Lekòl la nan paj 9-11 livrè sa a (ti liv sa a). Nou diskite Kòd Konduit la. Nou dakò pou n travay ak tout anplwaye lekòl la pou n asire nou pitit nou suiv Kòd Konduit la.

Siyati Paran ____________________________________________________________________ Dat _________________________

Siyati Elèv ______________________________________________________________________ Dat ________________________

Non Elèv la ___________________________________________________________ Dat li fèt ___________________________

Non Lekòl la ___________________________________________________________________ Nivo Ane ______ Sal Klas __________

Adrès ___________________________________________________________ # Apatman ______ Kòd Postal ___________________

Non Paran/Responsab _______________________________________________ Dat Fèt Paran/Responsab ________________________

# Telefòn: Lakay ____________________________ Selilè/Pòtab __________________________ Travay _________________________

Imel _______________________________________________________________________________________________________

Non Paran/Responsab _______________________________________________ Dat Fèt Paran/Responsab ________________________

# Telefòn: Lakay ____________________________ Selilè/Pòtab __________________________ Travay _________________________

Imel _______________________________________________________________________________________________________

Si yo paka jwenn yon paran an ka ijans, osinon nan ka maladi, tanpri souple make de granmoun ki responsab pou kontake:

Non _______________________________________________________ # Tel. (Lajounen oswa Selilè Pòtab) _____________________

Non _______________________________________________________ # Tel. (Lajounen oswa Selilè Pòtab) _____________________

Èske gen okenn lòt bagay lekòl la ta dwe okouran? Si wi, esplike: __________________________________________________________

___________________________________________________________________________________________________________

Lekòl Piblik Boston Fòm pou Enfòmasyon Ajou sou Elèv la 2018-2019Souple mete enfòmasyon elèv la ajou nan www.bostonpublicschools.org/contact.

Si sa pa posib, tanpri ranpli tout fòm sa a nèt. FÒM ak DISPANS ak lòt fòmilè nan paj sa yo se DOKIMAN LEGAL. Paran ak elèv yo dwe ranpli epi siyen chak seksyon jan yo mande yo a, detache fòm nan nan livrè sa a, epi voye tout kat-paj yo retounen nan lekòl la pa depase VANDREDI, 29 SEPTANM 2018. Tanpri souple PINGA separe paj yo.

ELÈV LEKÒL SEGONDÈ: Si ou pa vle pou nou bay rekritè lame ak/oubyen inivèsite yo non ou, ou fèt pou tcheke epi siyen anwo paj 6 la. Paran ou pa oblije siyen seksyon sa a.

Mèsi!

Tanpri retire seksyon sa a nan liv la, siyen l, epi remèt li bay lekòl la pa pi ta ke 28 septanm

, 2018.

Page 8: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

BOSTON PUBLIC SCHOOLS INFORMATION FOR STUDENTS AND FAMILIES 2018-2019 www.BostonPublicSchools.org

NON ELÈV LA ___________________________________________________ NIMEWO ELÈV LI (si w konnen l) ___ ___ ___ ___ ___ ___

Fanmi Militè: � Tanpri souple tcheke si elèv sa a se (1) pitit yon moun ki aktif nan lame tankou manb sèvis ak inifòm, Gad Nasyonal (National

Guard) ak Rezèv ki sou òdonans, osinon (2) pitit manb oswa veteran ki ranvwaye akoz rezon medikal osinon ki pran retrèt yo.

Bay Rekritè Sèvis Militè ak Rekritè Ansèyman Siperyè EnfòmasyonDapre lalwa Okenn Timoun Pa Dwe Ret Dèyè yo, distri lekòl piblik yo dwe bay non, adrès, ak nimewo telefòn ELÈV LEKÒL SEGONDÈ YO pou rekritman militè Ozetazini ak rekritman ansèyman siperyè. Elèv la OSWA paran li gen dwa pou reklame alekri pou PA pase enfòmasyon sa yo bay. Si ou PA VLE pou yo pase enfòmasyon sa yo bay, tanpri tcheke youn osinon toulede ti bwat kare ki pi ba yo epi siyen pi ba a:

� PA pase enfòmasyon bay REKRITÈ SÈVIS MILITÈ. � PA pase enfòmasyon bay REKRITÈ ANSÈYMAN SIPERYÈ.

Siyati Paran ________________________________________________________ Dat ______________________________Paran OSWA Elèv (14 an oubyen pi gran)

Pase Enfòmasyon bay Lekòl “Charter” yoLwa Refòm sou Edikasyon nan Masachousèt “Massachusetts Education Reform Law” egzije lekòl piblik yo pou yo bay lekòl “charter” (lekòl prive sou kontra) yo non ak adrès elèv yo dekwa pou yo ka kontakte yo pou envite yo vin enskri. Si ou PA VLE yo bay enfòmasyon sa yo, tcheke ti bwat kare pi ba a epi siyen anba a:

� PA pase enfòmasyon bay lekòl CHARTER.

Siyati Paran ________________________________________________________ Dat ______________________________Paran OSWA Elèv (18 an oubyen pi gran)

Pase Enfòmasyon Bay Sou Repètwa Elèv yoDistri a kapab bay “repètwa enfòmasyon sou elèv” yo san konsantman alekri, sofsi ou te fè konnen sa lè ou tcheke ti bwat kare ki anba a ki esplike ou pa vle yo bay enfòmasyon yo. Repètwa enfòmasyon yo se enfòmasyon ki jeneralman pa konsidere kòm danjre oswa ki ka fè yo antre nan vi prive w. Pi gwo rezon an, li pèmèt distri a mete kalite enfòmasyon sa yo nan kèk piblikasyon lekòl la, tankou yon liv pwomosyon klas final, jounal, afich, oswa lisdonè (Honor Roll). Repètwa enfòmasyon genyen ladann: non elèv, laj, grenn nimewo idantifikasyon leta a, katye kote yo rete, nan ki klas oubyen nan ki ane yo ye, dat enskripsyon, patisipasyon nan aktivite ofisyèl yo, manm nan ekip atletik, degre, onè, ak prim, epitou plan yo genyen apre yo fin diplome.Sof si ou fè nou konnen ou pa vle sa, distri a kapab pase enfòmasyon nan Anyè (Katalòg) la bay dapre kèk sikonstans. Distri a rezève dwa li pou kenbe nenpòt enfòmasyon si Distri a kwè sa nan pi bon enterè elèv nou yo. Men, distri a pral revele enfòmasyon yo depi lalwa egzije sa.Tanpri, tcheke ti bwat kare ki anba a si ou pa vle distri a pase enfòmasyon bay sou elèv ou a nan Anyè a.

� MWEN PA VLE yo pase enfòmasyon bay sou pitit mwen an. Lè mwen chwazi opsyon sa a, mwen konprann non pitit mwen ak / oswa foto li PA pral parèt nan liv pwomosyon fen ane lekòl la, bilten, pwogram, ak lòt piblikasyon ak lekòl la oswa distri a; epi okenn enfòmasyon PA pral pase bay lòt òganizasyon ki patnè yo ki ka bay elèv yo sèvis.

Siyati ______________________________________________________________ Dat ______________________________

AKÒ PARAN

AK ELÈV : Tanpri retire seksyon sa a nan liv la, siyen l, epi remèt li bay lekòl la.

Page 9: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

BOSTON PUBLIC SCHOOLS INFORMATION FOR STUDENTS AND FAMILIES 2017-2018 www.BostonPublicSchools.org 7

Aparisyon nan Medya � M bay Lekòl Piblik Boston pèmisyon pou li fè pòtre, pou anrejistre fim, chita-pale, ak/oubyen ekspozisyon piblik, pou lekòl la

distribye oubyen pibliye alekri oswa nan medya elektwonik non pitit mwen an, aparans li ak sa l di ak travay li pandan ane lekòl 2018-2019 la, menm si se anplwaye lekòl la, elèv oubyen lòt moun ki pa nan lekòl la, ak tout medya a ki antreprann demach sa a. M dakò pou Lekòl Piblik Boston sèvi oubyen pèmèt lòt moun sèvi ak travay sa yo gratis epi san limitasyon. M pap mete okenn chaj sou do lekòl pitit mwen an ak tout anplwaye Lekòl Piblik Boston, ni reklame anyen nan men yo apre pitit mwen an fin parèt oubyen patisipe nan travay sa yo.

� MWEN PA BAY pèmisyon pou non pitit mwen, pòtre li, pawòl li di ak travay li parèt nan medya jan sa dekri pi wo a.

Siyati Paran ________________________________________________________ Dat ______________________________Paran OSWA Elèv (18 an oubyen pi gran)

Regleman ki Akseptab pou Itilize Teknoloji ak Tout Entènèt � Antan paran oubyen moun ki responsab elèv sa a, mwen te li Regleman Ki Akseptab pou Itilizasyon Entènèt nan paj 4 livrè

sa a epi mwen te diskite li ak pitit mwen an. Mwen konprann sèvis konpitè Lekòl Piblik Boston yo bay la se pou ranfòse travay akademik dapre pwogram BPS yo, eke nenpòt lòt sèvis elèv la ta fè ak zouti sa a pa apwopriye. Mwen rekonèt tou li enposib pou BPS ta rive bloke tout materyèl dwòl, epitou mwen pa pral rann lekòl la responsab pou anyen ki ta pase atravè rezo entènèt lekòl la. Mwen konprann menm lakay mwen dwe voye je sou aktivite konpitè pitit mwen an paske sa ka gen konsekans sou travay akademik li nan lekòl la. Konsa mwen bay pèmisyon pou otorize pitit mwen an sèvi ak konpitè ki nan lekòl Piblik Boston yo.

� MWEN PA BAY pèmisyon pou pitit mwen an sèvi ak resous, ak tout “Google Apps” pou Ediksyon, nan Lekòl Piblik Boston yo.

Siyati Paran ________________________________________________________ Dat ______________________________

ELÈV YO DWE SIYEN DEKLARASYON ANBA A KI ANRAPÒ AK KIJAN POU SÈVI AK TEKNOLOJI:

Antan elèv nan Lekòl Piblik Boston, mwen konprann itilizasyon rezo entènèt ak imel se yon privilèj nan lekòl Boston yo, se pa yon dwa. Mwen konprann rezo entènèt lekòl la ak kont imel yo se byen BPS epi yo pa zafè prive pèsonn. BPS gen dwa gade enfòmasyon ki nan bwatalèt mwen nenpòt kilè. Mwen konprann administratè BPS yo gen dwa deside ki konduit ki pa apwopriye menm si li pa defini nan kontra sa a. Mwen pral sèvi ak teknoloji yon fason ki respekte lalwa peyi Etazini ak Leta Masachousèt. Mwen konprann mwen dwe rele yon granmoun tousuit si mwen ta tonbe sou yon materyèl ki vyole itilizasyon ki pa akseptab sa a.M konprann epi mwen dakò pou mwen soumèt mwen ak Regleman Pou Sèvi ak Entènèt Ki Akseptab nan paj 4 livrè sa a. M pral sèvi ak resous teknoloji BPS yo yon fason ki responsab epi ki pwodiktif pou regle koze lekòl. M pa pral sèvi ak resous teknoloji a nan yon fason ki ta ka deranje aktivite lòt moun k ap sèvi ak li. Mwen konprann konsekans m ka sibi se pèdi privilèj pou sèvi ak teknoloji ak/oswa lòt pinisyon jan sa ekri nan Kòd Konduit la epitou menm pase anba men lalwa kit eta a kit federal.

Siyati Elèv (5 an ou plis) _______________________________________________ Dat ______________________________

NON ELÈV LA ___________________________________________________ NIMEWO ELÈV LI (si w konnen l) ___ ___ ___ ___ ___ ___ AKÒ

PARAN AK ELÈV : Tanpri retire seksyon sa a nan liv la, siyen l, epi rem

èt li bay lekòl la.

Page 10: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

BOSTON PUBLIC SCHOOLS INFORMATION FOR STUDENTS AND FAMILIES 2017-2018 www.BostonPublicSchools.org

Evalyasyon SanteKòm pati dosye sante skolè chak elèv, Lekòl Piblik Boston (BPS) fè kèk evalyasyon eta a egzije. Tanzantan, nou evalye wotè elèv yo, kantite pwa yo peze, fason yo kanpe e chita, vizyon yo ak tande yo, depi nan jadendanfan K1 jiska klas 10yèm ane an. Apati 2017, tout distri lekòl Massachusetts yo oblije genyen yon evalyasyon prevansyon izaj sibstans (dwòg) pou elèv ki nan klas 7yèm ak 9yèm ane. Zouti evalyasyon an rele "Screening, Brief Intervention, and Referral to Treatment protocol" - "SBIRT" (ki vle di: pwotokòl "Entèvansyon Brèf ak Referans pou Tretman" - "SBIRT" pou kout). Pwotokòl SBIRT a fasilite yon konvèsasyon a de (2) ant chak elèv ak enfimyè, oswa konseye, lekòl la nan yon efò pou n fè prevansyon, osinon retade kòmansman izaj sibstans danjre, tankou alkòl oubyen mariwana. Pwogram nan met aksan sou ranfòsman desizyon ki bon pou sante elèv yo epi l trete konpòtman enkyetan ki anrapò ak izaj sibtsans, avèk objektif sa a pou l amelyore sante, sekirite, ak siksè elèv yo lekòl. Make kare a anba a epi siyen si w PA VLE Lekòl Piblik Boston (BPS) evalye pitit ou an. Sèkle tout evalyasyon w pa vle n fè yo.

� MWEN PA VLE bay Lekòl Piblik Boston pèmisyon pou l evalye pitit mwen nan wotè li, pwa l peze, fason l kanpe/chita, vizyon li, tande l, ni pou izaj kèk sibstans (SBIRT).

Siyati Paran _________________________________________________________ Dat _____________________________________

Enfòmasyon Medikal EnpòtanMwen konprann lekòl la pral pran si pitit mwen an bezwen tretman medikal ak / oswa medikaman pandan lekòl la. Mwen konprann li trè enpòtan ke lekòl la ka jwenn mwen si gen ijans pwoblèm medikal.Si swen medikal ijan nesesè epi nou pa ka jwenn ou, èske ou otorize anplwaye lekòl la pou chache tretman medikal? � WI � NONKonpayi Asirans Sante: � BCBS � Tufts � HPHC � Medicaid � Masshealth � Lòt _____________________Nimewo Asirans la ____________________________________________________________________________________Non Doktè a _______________________________________________ # Tel. _____________________________________Lopital/Sant Sante kote pou mennen pitit ou a sizoka li malad: ______________________________________________________Adrès ____________________________________________________ # Tel. _____________________________________Èske pitit ou a gen yon pwoblèm sante lekòl la ta dwe okouran? Si wi, make li pi ba a: __________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________Èske pitit ou a pran medikaman chak jou? � WI � NON Si wi, make sa pi ba a. ________________________________________________________________________________________________________________________________________Tout elèv k ap pran pran nenpòt ki kalite medikaman fèt pou bay enfimyè lekòl la yon papye doktè ak siyati paran/responsab.Non medikaman an(yo) _______________________________ Lè pou pran yo _______________________________________Pwoblèm vizyon ou okouran? � WI � NON Linèt toutan � Kèk fwa � Pou ki aktivite? ______________________________Pwoblèm tande ou okouran? � WI � NON Aparèy pou tande/Pwotèz: � WI � NONÈske timoun nan te fè operasyon, te malad, osinon te blese nan ane ki sot pase la a? Si wi, tanpri dekri: ____________________________________________________________________________________________________________________________

Siyati Paran ________________________________________________________ Dat ___________________________________

NON ELÈV LA ___________________________________________________ NIMEWO ELÈV LI (si w konnen l) ___ ___ ___ ___ ___ ___

Mèsi lefètke ou ranpli fòm sa a.

Tanpri retounen li bay lekòl pitit ou a pa pi ta ke vandredi, 28 septanm, 2018.

AKÒ PARAN

AK ELÈV : Tanpri retire seksyon sa a nan liv la, siyen l, epi remèt li bay lekòl la.

Page 11: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

BOSTON PUBLIC SCHOOLS INFORMATION FOR STUDENTS AND FAMILIES 2017-2018 www.BostonPublicSchools.org 9

Kòd Konduit la

Elèv yo bezwen yon anviwonnman ki gen lòd ak sekirite pou yo ka aprann. Pou nou ka garanti sa, tout lekòl nou yo suiv Kòd Konduit BPS yo. Nan chak lekòl, pwofesè yo ak paran

yo devlope epi suiv Regleman Lekòl la tabli (School-Based Rules) (gade nan rektang sou kote a). Genyen yon ranmase Kòd Konduit yo nan paj apre yo nan Gid sa a. Ou fèt pou resevwa yon kopi Regleman Lekòl la tabli ki soti nan lekòl pitit ou a ak tout Gid la. Yo toulede trè enpòtan. Ou kapab gen aksè a Kòd Konduit la sou sit entènèt nou an. Konsilte « Where to Find the Cod of Conduct » (« Where to Find the Code of Conduct ») ki nan paj 41.

Kòd Konduit BPS laChak lekòl dwe suiv Kòd Konduit Lekòl Piblik Boston yo. Kòd sa a make regleman tout elèv yo dwe respekte. Si yon regleman ki tabli nan lekòl la an konfli ak Kòd Konduit la, Se Kòd la ki pou aplike.

Kòd Konduit 2016 la mete aksan sou apwòch prevantif ak pozitif ki gen ladann apwòch sou konpòtman ki enstriktif e ki restore. Chak lekòl genyen yon sistèm sipò plizyè nivo pou bezwen sosyal, emosyonèl, ak konpòtmantal elèv yo. Elèv yo resevwa ansèyman nan abilte sosyal ak emosyonèl, ak bagay yo atann nan men yo ki klè atravè pwosesis Entèvansyon ak Sipò Konpòtman Pozitif la (“Positive Behavoir Interventions and Support”).

Tout entèaksyon ak konsekans pwogresif vize adrese kòz move konpòtman, rezoud konfli, satisfè bezwen elèv, epi fè elèv ret lekòl. Lespri kòd ki revize a mete anfaz sou pratik ki pa bay kanpe-lwen anvan yo konsidere mete aleka a, nenpòt kilè sa posib. Konfòm a Kod Konduit la, yo dwe aplike tout repons disiplinè yo avèk respè, jistis, konstans, epi pwoteje dwa elèv yo genyen pou yo gen tan ansèyman nenpòt lè sa posib.

Regleman Lekòl la tabli ak Kòd Konduit Lekòl Piblik Boston yo dwe gide konpòtman elèv yo lè yo nan lekòl yo, nan aktivite lekòl la òganize epi lè yo sou wout pou yo vin lekòl la oubyen lè y ap kite lekòl la (nan otobis lekòl, nan estasyon otobis, nan MBTA, ak lè y ap mache).

Si genyen okenn kesyon oswa enkyetid sou Kòd Konduit la, espesyalman zafè ki gen pou wè ak retire yon elèv lekòl an ka ijans, pwosedi legal, oswa apèl sispansyon/ekspilsyon (mete yon elèv deyò), kontakte Biwo Sipèentandan Operasyon an nan nimewo 617-635-9057.

Regleman LekòlChak lekòl gen pwòp regleman pa yo pou ofans ki pa egzije yo sispann elèv la ki rele “Regleman Lekòl la”, byenke Kòd Konduit la siperyè pase yo. Elèv yo oblije suiv regleman sa yo. Nan yon lekòl mwayen, pa egzanp, regleman yo ka mande elèv yo pou yo mache an liy ak an silans lè y ap chanje klas. Nan yon lòt lekòl mwayen, elèv yo ka gen dwa mache an ti gwoup pou yo ale nan sal klas yo.Si yon elèv vyole youn ou plizyè Regleman Lekòl la, lekòl la ka disipline l pwogresivman. Direktè lekòl la ka mande elèv la pou l siyen yon kontra pou l ka chanje konpòtman li, oubyen li ka kenbe elèv la an retni apre lekòl.Se yon komite ki genyen administratè, pwofesè ak paran nan chak lekòl yo ki ekri Regleman Lekòl la tabli yo. Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la revize regleman sa yo chak prentan. Nan lekòl mwayen ak segondè, gen elèv ki nan komite k ap ekri regleman yo. Regleman Lekòl la tabli dwe afiche nan chak sal klas epi yo dwe bay chak elèv li pou bay paran yo chak mwa septanm.

Pa Rate Privilèj Ou Gen nan Lekòl la!Elèv yo gen okazyon pou yo patisipe nan plizyè fonksyon ak aktivite espesyal nan lekòl la, tankou vizit andeyò lekòl la, selebrasyon/fèt, pèfòmans, jounen klas yo, bal fen ane yo ak seremoni remiz diplòm, pami anpil lòt. Patisipasyon nan aktivite sa yo se yon privilèj yon elèv dwe travay pou l benefisye— se pa yon “dwa.” Yon elèv ki vyole regleman lekòl li oubyen Kòd Konduit lan oubyen tou ki nan aktivite ilegal andeyò lekòl la ka pèdi privilèj sa yo. Direktè lekòl la gen otorite pou li limite oubyen refize yon elèv patisipe nan aktivite espesyal sa yo.

Pèdi Privilèj TranspòtasyonSi yon elèv mete pwòp sekirite li oubyen sekirite lòt moun an danje pandan li nan otobis lekòl la oubyen nan transpò piblik, direktè lekòl la gen dwa refize bay elèv sa a transpòtasyon lekòl la bay. Elèv la ap sispann senpman nan wout otobis ensidan an te pase a.

Yo ka derefize elèv la transpòtasyon pandan twa jou san yo pa ba l posiblite defann tèt li. Pou yo ka derefize elèv la transpòtasyon pandan kat jou afile ou plis, oubyen plis pase sis jou pandan yon

trimès, yo dwe tande elèv la. Nan nenpòt ki ka, direktè lekòl la dwe enfòme paran yo anvan li derefize elèv la monte nan otobis yo. Elèv la dwe vini lekòl nòmalman pandan li pa ka monte otobis yo, sof si yo sispann li tou. Yo paka refize yon elèv ki genyen sèvis transpòtasyon pòt-an-pòt nan IEP yo (Plan Edikasyon Endividyalize yo) transpòtasyon pou depase dis jou amwenske yon Reyinyon Detèminasyon Manifestasyon (“Manifestation Determination Meeting”) pran plas.

SispansyonSispansyon se lè yon lekòl pa pèmèt yon elèv suiv kou pandan yon kantite tan limite nan jou lekòl yo. Pou yon elèv ki gen kenz (15) an osinon pi piti, li ka gen yon sispansyon manch kout rive jiska twa jou youn deyè lòt. Pou yon elèv ki gen omwens sèz an, sispansyon an ka rive jis nan senk (5) jou afile. Sispansyon manch long se yon kanpe lwen pou plis pase 10 jou afile oubyen jou lekòl ki akimile.

Fason Sispansyon an Mache ak Pwosede Legal. Anvan yon direktè ka sispann yon elèv, li dwe fè yon rankont pou sispansyon ak elèv la ansanm ak paran/moun ki responsab li a. Lekòl la dwe avèti paran/responsab la sou chita-tande a alekri an Angle ak nan lang yo pale

Page 12: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

10 BOSTON PUBLIC SCHOOLS INFORMATION FOR STUDENTS AND FAMILIES 2017-2018 www.BostonPublicSchools.org

lakay la. Nan rankont lan, direktè a ap tande tout evidans yo epi l ap deside si elèv la dwe sispann. Si elèv la ak paran/moun ki responsab li a pa dakò ak sispansyon an, yo ka mennen kesyon an devan moun ki Dirijan Chita-tande Sispansyon Sipèentandan an nan yon peryòd 10 jou ki se jou lekòl.

Nan kèk ka yo ka sispann yon elèv anvan yon chita-tande pou sispansyon. Wete an ijans sa a ka fèt sèlman lè yon elèv swadizan komèt yon ofans ki dwe gen sispansyon kote prezans elèv la poze yon danje san rete pou lòt moun oubyen pwopriyete oubyen tou kote li vreman deranje ansèyman ak aprantisay epi sèlman pou rès jounen lekòl la. Anvan pou yon direktè wete yon elèv an ijans, li fèt pou li eseye avèti paran an. Yon rankont sispansyon dwe fèt nan yon dat annapre.

Mete DeyòMete yon elèv deyò se lè yo mete elèv la deyò etablisman lekòl la, pa kite li patisipe nan aktivite sal klas la, oubyen lòt aktivite lekòl la pandan plis pase 90 jou lekòl, pou yon peryòd san jou san dat, oubyen mete deyò nèt. Yo ka met yon elèv deyò pou posesyon yon zam danjre, sibstans ilegal, agresyon sou yon anplwaye edikatif, oubyen pou akizasyon oswa kondanasyon yon krim.

Demach pou Mete Deyò a, Etap pa Etap Nan kèk ka, lè elèv la komèt yon zak ki mande pou yo mete

l deyò, direktè lekòl la ka mande yon wete an ijans pou rezon sekirite.

Apresa, nan pi fò ka yo, direktè a, oubyen yon lòt administratè fè yon rankont sispansyon epi yo sispann elèv la. Objektif sispansyon an se pou mete elèv la sou kote pandan direktè a ap prepare l pou rankont mete deyò ki parèt posib la. Kidonk, pa bezwen gen yon rankont sispansyon si elèv la deja pa lekòl la pou rezon legal ak medikal.

Pandan sispansyon an, direktè a koumanse demach pou l ka fè rankont mete deyò a. Li fè randevou pou elèv la ale nan Sant Konsèy ak Entèvansyon BPS la (ki dekri pi ba a). Paran yo dwe resevwa yon lèt ki anonse yo rankont pou mete deyò a alekri nan lang yo pale lakay yo a. Si lè ki fikse pou rankont lan pa bon pou paran yo, yo ka mande pou ranvwaye rankont la yon fwa.

Nan rankont mete deyò a, direktè a tande sa temwen yo gen pou yo di epi egzaminen evidans yo. Elèv la oubyen paran/moun ki responsab li a ka mache ak yon avoka oswa yon moun pou sipòte l nan rankont lan. Si sa nesesè, lekòl la ap bay yon entèprèt pou paran ki pa maton nan pale Anglè. Lekòl la dwe anrejistre chita-tande a epi mete anrejistreman disponib pou elèv la ak paran an si yo ta mande sa.

Apre rankont lan, direktè a voye yon rekòmandasyon alekri bay Administratè Operasyon ki responsab la pou l ka wè si tout bagay fèt selon prensip lajistis anbònedifòm. Si direktè a deside l ap mete yon elèv deyò, elèv la ak paran/moun ki responsab li a dwe resevwa yon lèt ki esplike sa aklè.

Konteste yon sispansyon oubyen yon mete deyò. Si paran/moun ki responsab la epi elèv la pa dakò ak desizyon mete deyò a, yo ka mande yon lòt jijman devan sipèentandan an oubyen yon moun sipèentandan an chwazi (617-635-9057) nan yon peryòd 10 jou lekòl.

Vyolasyon Prensip ki ka Fè yo Sispann Oubyen Mete yon Elèv Deyò

Yo kapab mete yon elèv deyò pou jiska yon ane sèlman pou deli grav sa yo:

� an posesyon yon zam danjre, ak tout, men se pa sa sèlman, yon zam osinon yon kouto

� an posesyon yon sibstans yo kontwole, ak tout, men se pa sa sèlman, marigwana, kokayin, ak ewoyin

� asèlman sou yon anplwaye lekòl � akize pou yon krim oubyen kondane pou yon krim

Yo kapab sispann yon elèv pou deli serye sa yo: � asèlman seksyèl � asèlman fizik ak fòfè sou nenpòt moun ki lakoz blesi fizik sofsi li te enpòtan pou moun nan defann tèt li

� sèvi ak menas kòm fòs ki fèt nan nenpòt ki mwayen ak tout teknoloji, pou mete sekirite fizik osinon mantal/emosyonèl yon lòt moun an danje. Sa gen ladan inisyasyon fètdèble, grafiti, agresyon, ak entimidasyon sou sentènèt.

� posesyon yon zam danjre lalwa entèdi, osinon yon bagay ki pa gen okenn sèvis valab

� sèvi ak nenpòt ki bagay nan yon fason danjre osinon entimidan � mete osinon eseye met dife nan pwopriyete lekòl la, nan aktivite lekòl la sipòte, osinon nan transpòtasyon lekòl la

� andomaje oubyen volè bagay lekòl la oubyen afè lòt moun � fè kè moun sote nan bay manti sou bonm k ap eklate oubyen rale aparèy alam dife a osinon rapòte yon fo dife

� vyole dwa sivil lòt moun � fè asèlman seksyèl sou lòt moun � itilize pawòl pou denigre ras moun ak gwo mo betiz oubyen mo ki pa apwopriye

� vyole regleman sou fason moun ka ale sou entènèt la ak nan lèt elektwonik/kouryèl

� deranje lekòl la oubyen aktivite sal klas, ak itilizasyon telefòn selilè san otorizasyon

� ale nan espas nan lekòl la kote yo defann elèv ale � refize idantifye tèt ou � fè koken nan dosye lekòl la � kite lekòl la san pèmisyon oubyen al fè woul tout tan � pa ale ou byen pa ale regilyèman nan Sant Boston Succeed la tout tan san bonjan eskiz; oubyen vyole Seksyon 7 Kòd Konduit la pandan ou nan Sant la

Nan kèk sikonstans yo ka sispann yon elèv pou yon tan ki san jou san dat oubyen yo ka mete l deyò pou konpòtman ki pa gen rapò ak lekòl la oubyen aktivite lekòl la, tankou lè yo akize elèv la oubyen kondane l pou yon krim epi direktè a detèminen si elèv sa a kontinye prezan lekòl la sa ap deranje lekòl la. NÒT AVÈTISMAN: Lis sa a se senpman yon gid. Tanpri souple al gade Kòd Konduit lan, nan Seksyon 7 pou ka jwenn yon lis ki gen tout kalite vyolasyon ak pinisyon yo okonplè.

Kòd Konduit la

Page 13: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

BOSTON PUBLIC SCHOOLS INFORMATION FOR STUDENTS AND FAMILIES 2017-2018 www.BostonPublicSchools.org 11

Pandan ak Apre Peryòd Mete Deyò a. Pandan yon peryòd sispansyon manch long oubyen mete deyò, BPS plase elèv la nan yon pwogram altènatif nan lekòl mwayen osinon nan yon lekòl segondè osinon yon lòt lekòl elemantè. Lè peryòd yo mete yon elèv deyò rive nan bout li, paran/moun ki responsab la (oubyen elèv la, si l gen 18 an ou plis) dwe ale nan yon Sant Dakèy BPS epi re-enskri elèv la nan Lekòl Piblik Boston yo. Elèv la pap ka retounen nan lekòl kote yo te mete l deyò a, sofsi direktè lekòl la te rekòmande pou yo remete l nan lekòl la nan moman rankont mete deyò a.

Succeed Boston, ki te gen ansyen non "Sant Konsèy ak Entèvansyon" Succeed boston (boston reyisi) nan roslindale sèvi elèv ki vyole kòd konduit la. Pandanke nou toujou rekòmande mezi pwogresif, vyolasyon serye ki fèt plizyè fwa abouti a yon referans pou elèv la ale nan succeed boston. Depatman sa a bay sèvis konsèy endividyèl oswa an gwoup, pèmèt elèv yo kenbe pwogrè akademik, epi bay elèv yo kapasite yo bezwen pou ede yo pran desizyon, ak kapsite sosyal-emosyonèl yo bezwen pou yo evalye risk, konsidere konsekans ki pwobab, epi ede yo amelyore fason yo pran desizyon. Yo voye yon elèv nan succeed boston nan pou 5 a 10 jou. Elèv ki chwazi pa ale nan succeed boston nan lè yo mande l pou l ale a ka sibi lòt konsekans disiplinè.

Anplis vyolasyon kòd yo, succeed boston bay sipò klinik pou elèv nou sispèk ki anba enfliyans dwòg oswa alkòl. Pwogram abi sibstans sa a volontè epi moun kapab gen aksè nan li pa mwayen enfimyè lekòl la oswa administratè lekòl la. Gade seksyon 14 nan kòd la pou plis enfòmasyon.

Lè samdi, gen de (2) pwogram ki disponib, pwogram “juvenile fire sense” lan, ki se yon patenarya ansanm avèk depatman ak operasyon ponpye boston an, ak pwogram “dwa sivil” la, ki se yon patenarya avèk biwo ekite a.

Pwogram “fire sense” lan, se pou elèv ki te tonbe nan zak mete dife, se yon altènatif edikasyonèl e klinik yon tribinal apwouve pou elèv la patisipe ladan l, olye pou yo ta pote akizasyon kriminèl kont li. Pwogram nan founi elèv yo ak enfòmasyon pou yo kapab konprann pwoblèm ak enpak ki genyen nan mete dife. Evalyasyon ak vizit lakay elèv la ede nan founi enfòmasyon pou n konnen si gen plis nesesite pou entènvansyon klinik andeyò pwogram nan.

Pwogram dwa sivil sa a, ki fèt pandan yon jounen sèlman lè samdi, se yon pwogram altènatif nan plas sispansyon, pou elèv ki te patisipe nan kèk ensidan nan lekòl ki anrapò ak prejije. Avèk èd ansèyman ki fèt an gwoup ak kourikoulòm endividyèl presi, konsèy ak refleksyon, elèv yo aprann kichòy konsènan istwa dwa sivil, enpak pawòl rayisman fè sou moun, ak ki jan li blese lòt moun.

Pinisyon k Ap Prita Kò ElèvAnba lwa eta a ak regleman Komite Lekòl la, anplwaye lekòl yo pa gen dwa pini elèv yo ak kout makak, pouse yo, oubyen itilize kèlkanswa fòs fizik la. Anplwaye lekòl yo ka itilize fòs fizik ki rezonab pou yo kenbe yon elèv sèlman si (1) entèvansyon san fòs pa t ap efikas oubyen pa janm mache ak elèv sa a ak / oubyen (2) yo kwè aksyon elèv la ka bat tèt li yon bòt oubyen bay yon lòt elèv yon bòt. Nenpòt lè fos fizik itilize sa dwe dokimante epi direktè a dwe avèti

sou sa (andedan yon peryòd 24 èd tan). Nenpòt ki anplwaye ki itilize fòs ki pa rezonab ka gen konsekans.

Elèv ki AndikapeKòd Konduit lan la pou tout elèv. Sepandan, genyen yon estrateji espesyal pou disipline elèv ki andikape yo. W ap jwenn estrateji sa a nan sit entènèt BPS. Li dekri nan Sikilè Sipèentandan an “Superintendent’s Circular” SPE-15. Ou ka rale l sou entènèt epi ou ka enprime li. Si w mande lekòl pitit ou a, l ap ba w yon kopi dokiman sa a. W ap jwenn machasuiv sa a tou nan Liv Dwa Paran yo ou te resevwa a lè yo te voye Pwogram Edikasyon Endividyèl (IEP) pitit ou a ba ou a.

Okenn elèv ki andikape pa ka resevwa sispansyon ki depase 10 jou lekòl antou pandan ane lekòl la jan lwa ak regleman federal yo egzije l. Sa gen ladan yon reyinyon pou detèmine si andikap elèv la kapab lakoz konpòtman an.

Kouman Paran Ka EdeKòm yon paran, ou ka ede pitit ou a obeyi règ yo epi ede lekòl la rete yon kote ki an sekirite nan:• pataje responsablite nan sa ki konsène konpòtman pitit yo nan

lekòl la, nan aktivite lekòl la òganize epi lè yo prale oubyen lè y ap sòti lekòl• prepare pitit ou pou l ka pre pou l pran responsablite l pou l ale lekòl ak pou l konpòte l byen nan lekòl la• ankouraje pitit ou a pou l gen konpòtman pozitif ak tèt li, anfas lòt moun, lekòl la ak kominote a • kominike ak anplwaye lekòl la sou fonksyonnman pitit yo• ale nan rankont/konferans pèsonèl ak rankont an gwoup• rekonèt anplwaye lekòl la gen dwa pou yo fè elèv yo suiv regleman Komite Lekòl Boston yo• konpòte yo an moun sivilize san fè tapaj lè y ap vizite lekòl la• asire pitit yo pote bagay ki gen rapò sèlman ak yon anviwonnman lekòl

Ki Kote pou Jwenn yon Kopi Kòd Konduit la  Vizite sit entènèt BPS la nan www.bostonpublicschools.org. Chwazi “Students and Families” Elèv ak Fanmi,” epi “Code of Conduct” Kòd Konduit.

 Vizite www.bostonstudentrights.org epi teledechaje aplikasyon pòtab la. Se elèv ki devlope aplikasyon sa a ki prezante Kòd Konduit la sou fòm kondanse, nan yon fòm senplifye, ak tout enfòmasyon sou dwa elèv ak responsablite yo, epitou resous pou èd jiridik.

 Kontakte nenpòt ki Sant Dakèy BPS yo (paj 5) osinon Biwo Sipèentandan an (nan 617-635-9050 osinon [email protected]) pou mande yon kopi enprime.

Kòd konduit la disponib an Anglè, Arab, Kreyòl Kap Vèdyen, Chinwa, Franse, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè, Somali, Panyòl, ak Vyetnamyen.

Page 14: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

12 BOSTON PUBLIC SCHOOLS INFORMATION FOR STUDENTS AND FAMILIES 2017-2018 www.BostonPublicSchools.org

Lis Sèvis pou FanmiBiwo Lekòl Piblik Boston yo (BPS)NIMEWO PRENSIPAL ........................................................... 617-635-9000Edikasyon pou Granmoun ak Lekòl Segondè Aswè ............. 617-635-9300Komite Direksyon Konsèy Elèv Boston (BSAC) ..................... 617-635-9660Kominikasyon (medya, sit entènèt ak piblikasyon) ............. 617-635-9265Sèvis Konsèy Pedagojik ....................................................... 617-635-8030Konte An Desandan Pou Jadendanfan ................................ 617-635-6816Done ak Kontrandi (tès) ....................................................... 617-635-9450Edikasyon Matènèl .............................................................. 617-635-9701Opsyon pou Edikasyon (Edikasyon Altènatif) ...................... 617-635-8035Pèmi Travay, Elèv .................................................................. 617-635-8030Angajman (sipò lekòl ak sipò lafanmi) ................................ 617-635-7750Angajman (biwo santral) ..................................................... 617-635-9660Elèv k Ap Aprann Anglè........................................................ 617-635-9435 Komite Konsèy EL Distri a ................................................ 617-635-9435Enskripsyon, Planifikasyon & Sipò (plasman lekòl) ............. 617-635-9516Ekite (pwoblèm diskriminasyon ak dwa sivil)...................... 617-635-9650Lekòl ak Konkou Antre epi Travay nan Klas Avanse (AWC) ... 617-635-9512Sant Alfabetizasyon Lafanmi ................................................ 617-635-9300Sèvis Manje ak Nitrisyon ..................................................... 617-635-9144Sèvis Konseye Pedagojik ..................................................... 617-635-8030Sante ak Byennèt ................................................................. 617-635-6643Chita-tande ak Ale Annapèl (pwoblèm disiplin) .................. 617-635-1577Sipò nan Lekòl Segondè ...................................................... 617-635-8079Elèv Sanzabri ....................................................................... 617-635-8037Kapital Imen (biwo pèsonèl) ............................................... 617-635-9600Enstriksyon ak Enfòmasyon ................................................. 617-635-9199Sèvis Medikal ...................................................................... 617-635-6788Sant Evalyasyon ak Konsèy Moun Nouvo (tès lang).............................................................................. 617-635-1565Medyatè (« Ombudsperson ») .............................................. 617-635-9054Inivèsite Paran ..................................................................... 617-635-7750Sant Re-angajman ............................................................... 617-635-2273Sèvis Sekirite ....................................................................... 617-635-8000Komite Lekòl ........................................................................ 617-635-9014Edikasyon Espesyal & Sèvis Elèv .......................................... 617-635-8599Konsèy Paran Elèv ki Gen Bezwen Espesyal......................... 617-297-7335Dosye Elèv ........................................................................... 617-635-9507Kou an Ete............................................................................ 617-635-9336Biwo Sipèentandan ............................................................. 617-635-9050Sant Fòmasyon Tit I .............................................................. 617-635-7750Transpòtasyon ...................................................................... 617-635-9520

Liy Telefònik Dirèk pou Espas an Sekirite & Prevansyon Zak Entimidasyon

617-592-2378 (rele oswa voye yon tèks)Pou elèv ak paran/responsab legal rapòte zak entimidasyon ki pase

nan lekòl, andeyò lekòl, sou entènèt ak sou lòt aparèy elektwonik; ak pou elèv oswa paran/responsab rapòte enkyetid yo sou zafè sekirite,

anndan osinon deyò lekòl la. Gen konseye fòme ki la pou sa 24/7.Liy Ransèyman sou Lojman 617-635-9609

Rapòte san ou pa bay non ou tout soupson sou elèv ki ale nan Lekòl Piblik Boston epi ki pa abite nan Vil Boston.

Orè Sèvis an 2018-2019:Pandan Ane Lekòl la: lendi, madi, jedi ak vandredi: 8:30 dimaten – 5 nan aprè midi. Mèkredi: 12:00 midi–7 diswaJiyè 2019: Sèl Sant Dakèy Roxbury a ouvè lendi pou jedi, li fèmen lè vandredi, nan orè yo ki ekri anwo a. Konsilte sit entènèt nou an pou detay, bostonpublicschools.org/welcomecentersNou Fèmen: Pou tout fèt federal, eta ak vil la Orè sa yo pa pou Sant East Boston nan.

Sant Dakèy BPS

Lòt Sèvis AndiplisBoston: Sèvis Vil la/Lakomin (9 a.m.–5 p.m.) ........ www.cityofboston.gov | 617-635-4000Nimewo 24 sou 24 Majistra a .............................................................. 311Sant Boston pou Lajenès & Lafanmi (BCYF) ........................617-635-4920Liy Majistra a sou Lasante ....................................................800-847-0710Biwo Majistra a pou Nouvo Bostonyen (miltileng) .............617-635-2980Liy Majistra a pou Jenn ........................................................617-635-2240Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè (DESE) . www.doe.mass.edu | 781-338-3300Enfòmasyon sou Lekòl sou Kontra “Chatè” ..........................781-338-3227

Dorchester 617-635-8015Campbell Resource Center 1216 Dorchester Ave. Roslindale 617-635-8040Jennie Barron Building 515 Hyde Park Ave.

Ouvè lè lendi ak lè madi. Orè anplis an janvye, fen out, kòmansman septanm: lè mèkredi, midi pou 7 è diswa.

Roxbury 617-635-9010Bolling Municipal Building 2300 Washington St., 2yèm Etaj East Boston 617-635-9597Mario Umana Academy 312 Border St.

Page 15: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

Jadendanfan jiska 5yèm ane s

Otòn(premye ane jiska 5yèm ane sèlman)

Ivè(jadendanfan jiska

5yèm ane)

Prentan(jadendanfan jiska 5yèm ane)

Peryòd 6 Septanm, 2018 - 30 Novanm, 2018

3 Desanm, 2018 - 15 Mas, 2019

18 Mas, 2019 - 18 Jen, 2019

Distribisyon Kanè Nòt Yo Semèn 10 Desanm Semèn 25 Mas Semèn 17 Jen

s Enkli klas Jadendanfan jiska 5yèm ane nan lekòl Jadendanfan jiska 8yèm ane yo.

EKSEPSYON YO:

Elèv jadendanfan yo pa p resevwa yon kanè ann Otòn.

Boston salklas Union (BTU), Curley, King, ak Young Achievers matematik ak syans lekòl klas sou twa tèm regilye nèf semenn klas pou klas 1-8..

Klas 6yèm ane jiska 12yèm ane w

Peryòd 1 Peryòd 2 Peryòd 3Peryòd 46yèm a

11yèm Ane

Peryòdd 412yèm Ane

Peryòd 6 Sept., 2018 - 9 Nov., 2018

13 Nov., 2018 - 1ye Fev., 2019

4 Fev., 2019 - 12 Avril, 2019

22 Avril, 2019 - 18 Jen, 2019

22 Avril, 2019 - 4 Jen, 2019

Rapò Pwogrè 10 Oktob 19 Desanm 13 Mas 21 Me

Distribisyon Kanè Nòt Yo 15 Novanm 7 Fevriye 25 Avril Dènye jou lekòl Dènye jou lekòl

w Sa a enkli 6yèm jiska 8yèm ane yo ki nan lekòl Jadendanfan jiska 8yèm ane yo esepte Sendika Pwofesè Boston yo (BTU), Curley, lekòl King nan, ak lekòl Young Achievers la.

EKSEPSYON:

Nòt lekòl Greater Egleston High School yo an twa semès.

Y ap ajiste dènye peryòd pou nòt yo an Prentan 2019 aprè ke dènye jou pou ane lekòl la fin etabli.

2018-2019

Kalandrye pou Distribisyon Kanè

Page 16: HAITIAN - bostonpublicschools.org · Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa k ap pase nan lekòl piblik pa yo a. Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman

•••••

•••

••• •

• ••••

• •

••

• • • •

••

•••••

•• •• •••• •

•• •

••

•••

••

••

• •

••

••

••

•••

••

••

••

••

• •

••••

••

••

••

••

••

Eliot K-8(3-8)

BATA

Boston GreenAcademy

HernándezK-8

Fenway HS

Henningan K-8

CASH

Mission Hill K-8

AnotherCourse to

College

Burke HS

Higginson(K1-2)

New Mission HS

AlighieriMontessori

Jackson/Mann K-8

Guild

PJ Kennedy

Otis

O'Donnell

East Boston HSUmana Academy

East Boston EEC

McKay K-8

Adams

Harvard-Kent

Charles-town HS

EdwardsMS

Warren-Prescott K-8

Eliot K-8(K1-2)

QuincyUpper(6-12)

Quincy Lower (K1-5)

SnowdenHS

McKinley S. EndAcad & K-5

Hurley K-8

Blackstone

Mason

Clap

PerkinsExcel HS

Tynan PerryK-8

Russell

OrchardGardens K-8

UP AcademyBoston

BDEA

CarterCenter

MadisonPark HS

O'Bryant7-12

Timilty MS

Hale Higginson-Lewis (3-8)

Haynes EECTrotterK-8

Latin Acad.7-12

Ellis

Winthrop

King K-8Frederick MS

UP Holland

Mather

UP Academyof Dorchester

HendersonLower(K0-1) Murphy

K-8

Kenny

HendersonUpper (2-12)

Taylor

Newcomers Acad. / BIHS

MildredAve K-8

TechBoston

Lee K-8

Lee Acad.(K1 -3)

Holmes

YoungAchievers

K-8

Mattahunt(K1-2)

Chittick

PhilbrickHaleyK-8

BTU PilotSchool K-8

RooseveltUpper (2-8)

Channing

Grew

Conley

Irving MS

Sumner

CommunityAcademy

EnglishHS

Mendell

JF Kennedy

West Zone ELC

TobinK-8

Boston Latin School 7-12

KennedyHCA (11-12)

Boston Arts Academy

McKinleyPrep HS

McKinleyMS

Curley K-8

Manning

Bates

Mozart

KilmerLower(K1-3)

Beethoven (K1-2)

KilmerUpper(4-8)

W. Roxbury AcademyUrban Science Academy Lyndon K-8

EdisonK-8

Lyon (K-8)

Lyon(9-12)

WinshipBrighton HS

Baldwin ELPA

Horace Mann K-12

BCLA

Gardner K-8

Ohrenberger (3-8)

Everett

P.A.Shaw(K1-3)

S. GreenwoodK-8

DearbornAcad.

Dever

McCormack MS

Condon K-8

RooseveltLower (K1-1)

Bradley

Ellison / Parks ELC

GreaterEgleston HS

Muñiz Academy

Dudley St NCS

Kennedy HCA (9-10)

ALLSTON - BRIGHTON

FENWAY-KENMORE

CHARLESTOWNE. BOSTON

S. BOSTON

S. END

ROXBURY

S. DORCHESTER

MATTAPAN

N. DORCHESTERJAMAICA

PLAIN

ROSLINDALE

W. ROXBURY

HYDE PARK

EEC / ELC

Elementary School

K-8 School

K-12 School

Grades 6/7 - 12

Middle School

High School

Special Population

LEGEND