bon, kisa ki pral rive m? yon gid sou tribinal … · ap gen pou li mande yon rapò sou pase...

22
Bon, kisa ki pral rive m? Yon Gid sou Tribinal Delenkans pou Jèn moun Onorab Jij

Upload: vuongnguyet

Post on 15-Sep-2018

238 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Bon, kisa ki pral rive m?

Yon Gid sou Tribinal

Delenkans pou Jèn moun

Onorab Jij

Nou pa okouran kisa egzakteman ki fè ou la jodi a. Sa nou konnen sèke jij la bezwen pale avèk ou konsènan yon zak lapolis di ou fè e

ki kont lalwa.

Yo rele sa yon “akizasyon” oswa yon “dosye kont ou.”

1

N ap rakonte ou istwa Gabriel Louis, yon jènjan yo arete lòt jou apre akizasyon pou zafè vòl e deli, vòl

e trafik, epi krim dwòg.

Li te gen pou l aprann kisa ki pase nan yon tribinal delenkans.

Tout moun, tande!

Li lè pou n ale. Nou pral mennen

nou nan sal tribinal la pou odyans sou detansyon nou.

2

Ki rad pou m mete? Kisa pou m di? Se premye fwa mwen pral nan

tribinal. Eske se tankou sa mwen konn wè nan

televizyon?

Lè ou pral nan tribinal, ou dwe:

1. Met bon rad sou ou si posib (Si ou an gadavi, sa gen dwa pa posib.) Si ou gen lòt rad, pa chwazi met chòt oswa mayo san manch, ni pa met sapat.

2. Respekte jij la. Pale fò ase, reponn tout keksyon jij la poze ou, epi pa bliye ajoute “onorab” apre chak repons ou bay.

3. Pa fè dezòd, pa pale avèk ankenn moun, ni pa fè siy bay ankenn moun esepte avoka ou avèk jij la.

4. Fè avoka ou oswa jij la konnen si ou menm oswa fanmi ou enplike nan lòt dosye tribinal, paregzanp si paran ou ap divòse, epi si gen lòt dosye antre yo oswa kont yo.

3

Gabriel, tande mwen. Nou la jodi a pou odyans sou detansyon ou. Mwen pral deside jodi a si gen rezon ase

(nou rele sa kòz pwobab) pou nou kenbe ou nan sant detansyon an pou jiska 21 jou. Annatandan ou tounen nan tribinal la pou yon lòt odyans, petèt nou gen dwa voye ou lakay ou pito sou senten kondisyon (yo rele sa detansyon

adomisil), osinon nou gen dwa voye ou lakay ou san tribinal la pa bay kondisyon ditou.

4

Kiyès ankò ki nan sal tribinal la?

Jij – Jij la responsab sal tribinal la e pandan jijman ou se li ki pral deside si ou te vyole lalwa. Si jij la deside ou te vyole lalwa, l ap deside kisa k ap rive ou. Sepandan, odyans jodi a se senpleman pou li deside si, annatandan, w ap rete fenmen.

Avoka ou (Avoka Ladefans) – Avoka ou ap travay pou ou. Sa ou menm avèk avoka ou pale antre nou se bagay konfidansyèl, ki vle di se yon sekrè. L ap ba ou konsèy sou sa pou w di, sa pou w fè, epi l ap di ou kisa ki gen dwa rive ou. Avoka ou va ede w tou pandan odyans nan tribinal la epi l ap pale avèk jij la pou ou, oswa pale onon ou.

Ofisye Pwobasyon Jivenil pou DJJ (JPO) – Moun sa a travay pou Depatman Jistis Jivenil (DJJ). JPO a fè rekòmandasyon; li di si li panse ou ta dwe rete nan sant detansyon an, oswa si li ta pi bon pou ou rantre lakay ou. Li rekòmande sèvis li panse ou bezwen, epitou li rekòmande bay jij la pinisyon yo ta dwe ba ou si yo wè ou vyole lalwa.

Avoka Leta (Pwosekitè) – Avoka leta se avoka ki reprezante “Moun Laflorid” nan tout ka kriminèl e nan tout ka delenkans jivenil. Li pral eseye pwouve ou vyole lalwa.

Ofisye Lapolis – Travay ofisye lapolis yo se pwoteje piblik la e kenbe moun ki vyole lalwa. Epitou yo fè temwanyaj an tout verite sou sa yo te wè e sa yo te tande.

Beyi (“Belif”) – Se yon ofisye lalwa ki nan sal tribinal la pou asire sekirite tout moun nan sal sa a. Pafwa tou, se beyi a ki jere tout papye ou.

Sekretè Tribinal – Moun sa a kenbe yon dosye konsènan kisa ki rive nan sal tribinal la epi li jere tout dosye ak tout papye.

5

6

Bi yon odyans detansyon se pou konnen si gen kòz pwobab, ki vle di rezon ase pou panse ou komèt yon zak delenkans oswa pou panse ou vyole lalwa. Gen plizyè bagay ki rive pandan yon odyans detansyon:

Paran e/oswa gadyen legal gen dwa prezan. Si yo pa la, DJJ dwe dekri kisa yo te fè pou eseye jwenn paran ou e pou mete yo okouran odyans la. Ou gen dwa pale avèk paran ou an prive.

Jij la pral di ou se dwa pa w pou w gen yon avoka. Si ou menm avèk paran ou pa kapab peye pou yon avoka, selon yon barèm povrete, jij la gen dwa nonmen yon avoka pou jere dosye ou.

5. Jij la pral di ou ki lwa yo akize w dèske ou vyole.

1. Temwen gen dwa fè temwànyaj sou sèman.

3. Jij la pral mande si ou gen lòt dosye/kazye jidisyè ki ankou.

Si ou mande li, Jij la va di ou pou ki rezon yo panse li pi bon pou yo kenbe ou an detansyon. Si gen kòz pwobab epi li nesesè pou yo kite w fenmen yon kote, jij la va esplike ki nivo detansyon y ap ba ou, e poukisa. Jij la pwal gade akizasyon yo fè kont ou nan moman an, pase delenkans ou, sitiyasyon legal ou (Eske ou an libète kondisyonèl? Eske ou te sove?), epi plizyè lòt faktè anvan li deside si li pi bon pou yo kite w fenmen yon kote.

Sepandan, mwen twouve gen kòz pwobab pou lòt akizasyon yo, donk m ap pase lòd pou ou rete an detansyon adomisil jiska pwochen odyans ou. Sa vle di si se pa lekòl ou ye, se lakay ou pou yo jwenn ou, oswa avèk paran ou. Si y al nan makèt, ou prale avèk yo; si yo pral legliz, ou prale avèk yo. Ou dwe obeyi paran ou, al lekòl chak jou epi pa vyole lalwa ankò. Eske ou konprann? Si ou pa respekte lòd sa a, yo gen dwa mennen ou tounen nan sant detansyon an.

Koute. Mwen pale avèk papa ou, avèk lapolis, epi avèk anplwaye Depatman Jistis Jivenil la. DJJ konplete sa yo rele yon Evalyasyon Risk (RAI) ki dekri ki rekòmandasyon yo fè nan ka pa w la.

Mwen chwazi yon avoka pou reprezante ou tou. Yo akize ou dèske ou komèt vòl e deli, vòl e

trafik, e krim dwòg. Tout akizasyon sa yo grav anpil.

Onorab Jij

Si yo deklare ou koupab akizasyon sa yo, mwen gen dwa fenmen ou pou jiskaske ou gen 19 an daj. Si se yon granmoun ou te ye, ou t ap riske al nan prizon pou 21 an. Sepandan, jodi an mwen pa wè gen kòz pwobab, ki vle di rezon ase, pou akizasyon krim dwòg. Sa pa vle di yo pa kapab akize w dèske ou komèt krim sa a; sa vle di mwen pap sèvi avèk li pou mete ou an gadavi.

Wi, Onorab.

7

Pwochen odyans ou, se va le senk, ki

se yon jedi.

Eske tout moun gen yon odyans sou detansyon menm jan avèk mwen?

8

Onorab Jij

Si yo pat fenmen ou nan yon sant detansyon, se pou lekti akizasyon an w ap vini nan tribinal la pou premye fwa. Si ou pa gen yon avoka pandan lekti akizasyon an, epi ou menm ak paran ou pa kapab peye pou youn, tribinal la va nonmen yon avoka

pou reprezante ou pandan lekti akizasyon an.

Apre odyans sou detansyon an,

pwochen odyans la rele lekti akizasyon.

Eske mwen oblije vini nan odyans sa

yo? Eske paran mwen kapab ale pou

mwen?

9

Li obligatwa pou ou vini nan odyans ou yo.

Li enpòtan pou paran ou vini tou.

Ou dwe vini menm si paran ou pa kapab vini yo menm.

Si se pa sa, jij la gen dwa mete yon manda darestasyon dèye ou pou yo arete ou (fenmen ou).

Pa bliye ekri dat ak lè ou gen pou tounen nan tribinal la.

Si gen yon rezon ki fè paran ou pa kapab vini nan tribinal la, mande yon lòt fanmi mennen ou oswa

jwenn yon lòt fason pou ale.

Gen twa fason ou kapab plede:

(1) M pa koupab.

(2) M pap reponn oswa “nolo contendere” ke yo rele tou “nolo.”

Oke, Gabriel. Mwen wè avoka ou avèk ou. Yo akize ou de

deli e vòl. Kisa w ap plede?

(3) M poukab. Avoka ou ta dwe esplike ou kisa yo vle di e ba ou konsèy sou sa pou ou fè. Sepandan, desizyon an se pa w li ye. Si ou plede non koupab, pwochèn etap la se ou byen yon pwosè oubyen yon negosyasyon pou yon antant.

M pa koupab, jij.

Mwen kontan mwen pale avèk avoka mwen. Mwen pa tap konnen kisa pou m fè si li pat ede mwen.

10

11

Pafwa yo rele pwosè a yon odyans jidisyè.

Nan pwosè a, se travay avoka leta a pou pwouve ou vyole lalwa. Travay avoka pa w la, se montre avoka leta a pa reyisi pwouve

anyen.

Konstitisyon nou an di ou gen senten dwa anvan e pandan yon pwosè. Li ta pi bon pou w pale avèk avoka ou anvan ou fè anyen, paske sa gen dwa aji sou dwa sa yo ansanm ak sa ki rive ou nan

tan k ap vini yo.

Trè souvan, moun deside renonse a dwa yo genyen pou al nan pwosè, epi yo chazi siyen yon antant pito.

Sa vle di ou menm, avoka ou, ak avoka leta mete yo dakò

sou kisa ki pral rive ou.

Antant pou

Pledwaye

12

Tanpri ban mwen non yon granmoun ki kapab ede ou, di m kijan ou debwouye ou lekòl, ki djòb ou janm genyen, epi ki

lwazi ou.

Mwen vrèman renmen fè reparasyon machin. Monnonk

mwen di si yo kite akizasyon sa yo tonbe, li va ban mwen yon djòb

ranje machin nan garaj li. M ap ba ou nimewo telefòn li pou w pale

avèk li.

Se ta yon bon bagay. M ap rele li. Jij la ta renmen gen enfòmasyon sa a.

13

Si jij la asepte pledwaye a oswa antant nou mete nou dakò sou li a, oswa si jij la deside ou vyole lalwa apre pwosè a

fini, lè sa a w ap gen sa yo rele yon odyans pou dispozisyon.

Nan odyans pou dispozisyon an, jij lan pwal gade tout enfòmasyon li jwenn nan men DJJ, nan men viktim nan,

avoka ou, avoka leta a, ofisye lapolis yo, pwofesè ou, fanmi ou, ak lòt moun.

+

Pafwa, lekti akizasyon an, pwosè a, ak dispozisyon an, tout pase menm jou an

nan tribinal la; men pafwa tou yo mande ou tounen plizyè fwa nan tribinal la.

Li posib tou pou w vin nan tribinal la epi

pwosè a pa fèt. Lè sa rive, y ap mande ou tounen yon lòt

jou. Yo rele sa yon “ranvwa.”

Si ou pa konprann sa k ap pase, li enpòtan pou w mande avoka ou

esplike ou.

Sonje sa gen dwa pran plizyè jou anvan dosye ou al devan yon jij pou

dispozisyon final.

14

Gabriel Louis, mwen koute tout temwen yo e mwen deside ou

koupab vòl e deli, epi vòl e trafik. Kifèdonk mwen jije ou delenkan.

Non, pa di sa! Sa k ap rive mwen?

15

Onorab Jij

Si jij la deside ou vyole lalwa, jij la ap gen pou li mande yon rapò sou

pase kriminèl ou oswa yon etid anvan dispozisyon (PDR).

Yo gen dwa repòte dispozisyon ou (menm jan ak yon santans)

pou de semèn pandan y ap fè sa.

Nan dispozisyon an, yo gen dwa voye ou nan yon pwogram

oswa mete w an libète kondisyonèl (pwobasyon).

Gen diferan kalite pwogram e diferan nivo ladan yo. Pifò pwogram mande pou w al

rete yon kote ki pa lakay ou pou yon senten tan.

Gen pwogram mwen strik, men gen lòt ki

tankou yon prizon.

Ou dwe pale avèk avoka ou konsènan diferan nivo pwogram ki genyen, kijan yo ka ede w nan pwogram sa yo, epi ki kote

yo ye.

Paran ou gen dwa gen pou peye lajan bay DJJ pou ede yo okipe ou pandan ou nan

pwogram nan.

16

17

Paregzanp, jij la gen dwa mande w ekri yon lèt eskiz, kanpe lwen senten moun, al lekòl, rantre lakay ou a yon senten lè, jwenn konsèy, oswa fè tès dwòg. Ofisye pwobasyon jivenil la pral ede w fè bagay sa yo, men li oblije di tribinal la si ou pa respekte youn nan kondisyon pwobasyon yo.

Paran ou gen dwa gen pou peye lajan bay Depatman Jistis Jivenil la pou chak jou ou pase an libète kondisyonèl. Li trè enpòtan pou ou respekte tout kondisyon pwobasyon an, oswa gen dwa gen konsekans grav: paregzanp, yo gen dwa mete ou nan yon pwogram DJJ, ki vle di yo gen dwa voye w nan yon pwogram rezidansyèl pou plizyè mwa.

Libète kondisyonèl (Pwobasyon): Si yo mete ou an libète kondisyonèl, w ap rete lakay ou oswa avèk yon paran/gadyen jij la chwazi. Lè sa a, jij la ap pase w lòd pou w fè plizyè bagay ki rele kondisyon pwobasyon.

Peye restitisyon – Si ou fè yon bagay ki blese yon moun oswa detui byen yon moun (machin, kay, bisiklèt, ets.), jij la gen dwa mande pou ou menm, oswa manman ak papa ou, peye bòdwo medikal moun nan, e pafwa menm remèt lajan moun nan pèdi nan travay li, oswa lajan li depanse pou reparasyon.

Jwenn tretman – Si jij la panse youn nan rezon ki fè ou mete tèt ou nan pwoblèm se poutèt ou nan dwòg oswa poutèt yon lòt bagay k ap pase nan vi ou, jij la gen dwa mande pou w al nan yon pwogram tretman oswa pou w al pran konsèy. Jij la menm gen dwa mande pou manman w ak papa w al pran konsèy tou. Objektif la se eseye ranje pwoblèm ki gen lakay ou pou ou pa met tèt ou nan pwoblèm ankò.

Fè sèvis kominotè – Jij la gen dwa mande ou, e menm manman w ak papa w, pou fè travay volontarya nan kominote a, tankou paregzanp ede nan kuizin soup popilè oswa travay nan yon gwoup kominotè, tankou “Habitat for Humanity” oswa yon Mezondabri lokal pou Zannimo.

18

Men lòt egzanp sa jij la gen dwa mande ou fè:

Non jij mwen se: Pwochen randevou mwen nan tribinal la se:

A kilè:

Ki kalite odyans:

Ofisye pwobasyon jivenil (JPO) mwen se:

Nimewo JPO mwen se:

Non avoka mwen se:

Nimewo telefòn avoka mwen se:

19

Konsènan Atis la

“Bonjou, non mwen se Michael. M ap etidye pou yo banm yon sètifika nan domèn Teknoloji nan Radyoloji; mwen renmen ede moun, e domèn medikal la te toujou enterese mwen, sitou avèk tout nouvèl teknoloji ki genyen. Sa fè apeprè dezan depi m ap fè desen, e se youn nan bagay mwen pi renmen. Desen se yon bon fason pou detann ou epi pou mete lide ou sou pape. Si bann desine kapab

ede jèn moun k ap travèse moman difisil, sa pi bèl toujou. Bòn chans!”

Biwo Administratè Tribinal yo

Biwo Amelyorasyon Tribinal

Bildin Kou Siprèm

Building 500 South Duval

Street

Tallahassee, Florida 32399-1900

Telefòn: 850-414-1507

WWW.FLCOURTS.ORG

Biwo Amelyorasyon Tribinal la kontan dèske li kreye piblikasyon sa a. Pou jwenn lòt resous, tanpri vizite sit piblikasyon nou an ki se

http://www.flcourts.org/resources-and-services/court-improvement/family-courts/delinquency/delinquency-

publications.stml. Si yon moun ki andikape mande nou, n ap voye dokiman sa a nan yon lòt

fòma.