ti etap vè gran rèv inivèsite yo - nyc kids rise · ti etap vè gran rèv inivèsite yo louvri...

4
Ou prè pou kòmanse? Vizite nyckidsrise.org/options pou ranpli Blòk Konstriksyon # 2. Koulye a, pitit ou a resevwa Kont bousdetid NYC li, epi ou te anrejistre pou wè li sou entènèt, li tan pou pran pwochen etap la. NYC Kids RISE jere kont bousdetid pitit ou a, epi se sèlman NYC Kids RISE ki ka mete lajan sou kont sa a. Pou kòmanse ekonomize pwòp lajan ou a pou avni pitit ou a epi jwenn rekonpans adisyonèl nan NYC Kids RISE, ou pral bezwen louvri pwòp kont epay inivèsite ou. Ou ka fè sa kòmanse jodi a depi w ale nan nyckidsrise.org / options. 2 BLÒK KONSTRIKSYON #2 Louvri epi konekte pwòp Kont Epay Inivèsite ou Ti Etap vè Gran Rèv Inivèsite yo Louvri pwòp kont epay inivèsite ou epi konekte li ak kont bousdetid pitit ou a Jodi a, epi kont pitit ou a ap resevwa jiska 25 $ anplis nan NYC Kids RISE.

Upload: others

Post on 17-May-2020

2 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Ou prè pou kòmanse?

Vizite nyckidsrise.org/options

pou ranpli Blòk Konstriksyon # 2.

Koulye a, pitit ou a resevwa Kont bousdetid NYC li, epi ou te anrejistre pou wè li sou entènèt, li tan pou pran pwochen etap la.

NYC Kids RISE jere kont bousdetid pitit ou a, epi se sèlman NYC Kids RISE ki ka mete lajan sou kont sa a. Pou kòmanse ekonomize pwòp lajan ou a pou avni pitit ou a epi jwenn rekonpans adisyonèl nan NYC Kids RISE, ou pral bezwen louvri pwòp kont epay inivèsite ou. Ou ka fè sa kòmanse jodi a depi w ale nan nyckidsrise.org / options.

2 BLÒK KONSTRIKSYON #2Louvri epi konekte pwòp Kont Epay Inivèsite ou

Ti Etap vè Gran Rèv Inivèsite yo

Louvri pwòp kont epay inivèsite ou epi konekte li ak kont bousdetid pitit ou a Jodi a, epi kont pitit ou a ap resevwa jiska 25 $ anplis nan NYC Kids RISE.

Kont Epay Inivèsite: Pwòp Kont Ou

Men kèk bagay enpòtan sou pwòp kont epay inivèsite ou an:

Kont sa a fèt sou non ou, epi li dwe itilize pou edikasyon pitit ou a. Oumenm, fanmi ou, ak zanmi ou yo ka depoze lajan sou kont sa a. Gen anpil fason pou ekonomize pou inivesite e anpil tip de kont epay Pwogram Ekonomize pou Inivèsite a pèmèt ou konekte youn nan de tip de kont a kont bousdetid pitit ou a pou jwenn rekonpans 25 $ a. Ou ka chwazi youn nan sa ki pi bon pou ou ak fanmi ou. Nenpòt paran/gadyen, manm fanmi oswa zanmi ou fè konfyans ka ouvri yon kont epay inivèsite epi konekte li ak kont bousdetid pitit ou a, osi lontan ke yo gen enfòmasyon yo mande yo. Se sèlman yon sèl kont epay inivèsite ki ka konekte ak kont bousdetid chak timoun.

Opsyon Kont Epay Inivèsite yo

De kalite kont eppay inivèsite ou ka ouvri epi konekte ak Kont Bousdetid NYC pitit ou a pou resevwa 25 $ rekonpans la:

Chwazi yon Kont

Chak fanmi gen yon sikonstans finansye diferan. Ou dwe aprann plis de kont sa yo epi konsidere pwòp sikonstans pa w anvan ou louvri yon kont. Ou ka jwenn enfòmasyon enpòtan sou de kont yo sou do dokiman sa a.

Kont Bankè Ekonomize pou Inivèsite nan Amalgamated1 2

Vizite nyckidsrise.org/options pou ranpli Blòk Konstriksyon # 2.

Ou prè pou kòmanse?

NYC Kids RISE pa bay konsèy envestisman. Men nou ka konekte ou ak anpil zouti ak resous ki pou ede ou konprann opsyon ou yo epi chwazi pi bon kont la pou ou ak pou fanmi ou:

Ale sou sit entènèt nou an: nyckidsrise.org/optionsAsiste yon atelye: Pou yon orè sou atelye k ap gen pou fèt nan lekòl pitit ou an, vizite nyckidsrise.org epi klike sou bouton wouj Paran/gadyen an, oswa rele 833-KID-RISE (833-543-7473).Vizite yon Sant Ranfòseman Finansye Vil Nouyòk: Planifye yon randevou gratis, konfidansyèl, tèt-a-tèt ak yon konseye finansye pwofesyonèl ki ka ede w konprann opsyon kont ou yo epi fè yon plan pou kòmanse ekonomize. Pran yon randevou sou entènèt nan nyc.gov/dca oswa rele 311.Kontakte NY 529: Pou enfòmasyon detaye sou kont Plan Dirèk 529 Vil Nouyòk la, vizite nysaves.org oswa rele 877-NYSAVES (877-697-2837).Kontakte Amalgamated Bank: Pou enfòmasyon detaye sou Kont Bankè Ekonomize pou Inivèsite a nan Amalgamated, vizite yon sikisal Amalgamated tou pre ou oswa rele 800-662-0860 Pou jwenn yon sikisal amalgamated, vizite amalgamatedbank.com/find-branchatm.

Kont Plan Dirèk 529 Pwogram epay Inivèsite Nouyòk lan

(yon tip de kont envestisman ki te kreye espesyalman pou ede fanmi yo ekonomize pou inivèsite ak fòmasyon pwofesyonèl)

Kisa li ye?

Ki jan mwen ka louvri tip de kont sa a epi konekte li ak kont bous bousdetid pitit mwen an?

Èske sere lajan nan tip de kont sa a ka gen enfliyans sou èd finansye inivèsite pitit mwen an?

Èske sere lajan nan tip de kont sa a ka gen enfliyans sou benefis piblik mwen yo kounye a?

Ki jan tip de kont sa a antre nan plan finansye jeneral mwen?

Kiyès mwen ka kontakte pou plis enfòmasyon konsènan tip de kont sa a?

Yon kont 529 se yon tip de kont envestisman ki te kreye pou ede fanmi yo ekonomize pou fòmasyon inivèsitè ak karyè pwofesyonèl.

Lajan nan yon kont 529 envesti nan mache finansye, kidonk li ka grandi avèk tan. Li kapab tou pèdi lajan. Kont 529 yo tou vini avèk benefis taks federal ak leta.

Se Biwo Kontwolè Eta Nouyòk la ak Sèvis Kòporasyon Edikasyon Segondè Nouyòk ki jere Plan Dirèk 529 Nouyòk la. Se la a tou kote Kont Bousdetid Vil Nouyòk yo envesti.

Vizite nyckidsrise.org/options pou enstriksyon etap-pa-etap. Pou plis enfòmasyon:• Patisipe nan yon atelye Pwogram Ekonomize

pou Inivèsite a;• Rele NYC Kids RISE nan 833-KID-RISE

(833-543-7473)

Li posib. Sa depann de sikonstans espesifik nan kay la. Pou plis enfòmasyon, vizite nyckidsrise.org/financial-aid oswa kontakte NY 529 nan 877-NYSAVES.

Li posib. Sa depann de sikonstans espesifik nan kay la. Pou plis enfòmasyon, ale nan nyckidsrise.org/public-benefits oswa rele 833-KID-RISE (833-543-7473).

Pou sipò gratis, tèt-a-tèt pou ekonomi inivèsite apwopriye ak sityasyon finansye jeneral ou, vizite yon Sant Ranfòseman Finansye Vil Nouyòk.

Vizite nysaves.org (Anglè sèlman) oswa rele 877-NYSAVES (877-697-2837).

Sa a se yon kont epay tradisyonèl nan Bank Amalgamated, ki gen non yon timoun kòm benefisyè a.

Tip de kont sa a pèmèt fanmi yo ekonomize nan yon enstitisyon finansye ki asire yo touche enterè sou lajan an.

Depo jiska 250.000 $ nan kont epay sa a pwoteje kont pèt.¹

Vizite yon sikisal Bank Amalgamated tou prè ou pou louvri epi konekte yon kont.• Pou jwenn yon sikisal amalgamated, vizite

amalgamatedbank.com / find-branchatm.Pou plis enfòmasyon, vizite nyckidsrise.org/options oswa rele 833-KID-RISE (833-543-7473).

Li Posib. Sa depann de sikonstans espesifik nan kay la. Pou plis enfòmasyon, vizite nyckidsrise.org/financial-aid oswa rele 833-KID-RISE (833-543-7473).

Li Posib. Sa depann de sikonstans espesifik nan kay la. Pou plis enfòmasyon, ale nan nyckidsrise.org/public-benefits oswa rele 833-KID-RISE (833-543-7473).

Pou sipò gratis, tèt-a-tèt pou ekonomi inivèsite apwopriye ak sityasyon finansye jeneral ou, vizite yon Sant Ranfòseman Finansye Vil Nouyòk.

Vizite yon sikisal Bank Amalgamated tou prè ou, oswa rele 800-662-0860.• Sipò pou lang Espanyòl ka disponib

OPSYON KONT EPAY INIVÈSITE KE OU KAPAB KONEKTE AK YON KONT BOUSDETID NYC:

Vizite nyckidsrise.org/options pou w li plis enfòmasyon sou opsyon sa yo ak lòt opsyon inivèsite

KONT PLAN DIRÈK 529 NOUYÒK KONT BANKÈ EKONOMIZE POU INIVÈSITE NAN AMALGAMATED

Pwogram Ekonomize pou Inivèsite NYC KIDS RISE la se yon pwogram bousdetid ak ekonomi ki ke NYC Kids RISE Inc, mete sou pye, se yon òganizasyon charitab, ki an patenarya avèk Depatman Edikasyon Vil Nouyòk ak Vil Nouyòk la (NYC Department of Education and the City of New York). NYC Kids RISE pa ni afilye, ni yon distribitè otorize Pwogram Ekonomize pou inivèsite 529 Nouyòk epi li pa mande envèstisman oswa bay konsèy envèstisman. Vil Nouyòk ak Depatman Edikasyon Vil Nouyòk (The City of New York and the NYC Department of Education) pa ofri okenn andòsman oswa rekòmandasyon konsènan, epi yo pa kontwole, ni posede oswa afilye avèk manadjè pwogram Ekonomize pou Inivèsite 529 Nouyòk ni okenn inivèsite patikilye oswa lòt envestisè, ki gen ladan youn ke fanmi yo ka aprann atravè Pwogram Ekonomize pou Inivèsite a.

¹Limit asirans depo estanda a se 250.000 $ pou chak depozitò, nan chak bank ki gen asirans FDIC, pou chak kategori pwopriyete. Depo ki te fèt nan diferan kategori pwopriyete yo asire separeman, jiska omwen 250 000 $, menm si se nan menm bank la yo kenbe li.

Pwogram Ekonomize pou Inivèsite NYC KIDS RISE la bay fanmi yo, lekòl yo ak kominote yo yon fason pou yo travay ansanm pou ekonomize pou avni pitit yo. Se yon pwogram bousdetid ak ekonomi ki fèt pou fè inivèsite pi aksesib epi reyalizab pou tout elèv lekòl leta Vil Nouyòk yo - kèlkeswa revni fanmi an oswa stati imigrasyon yo. Pwogram Ekonomize pou Inivèsite a se yon zouti fanmi, ansanm ak lekòl yo ak vwazen yo, ka itilize ak konsesyone nan fason ki pi byen adapte nan lavi yo ak pi byen sipòte rèv yo pou pitit yo. NYC Kids RISE, yon òganizasyon charitab, ki jere Pwogram Ekonomize pou Inivèsite a an patenarya avèk Depatman Edikasyon Vil Nouyòk ak Vil Nouyòk la

Ti Etap Vè Gran Rèv InivèsiteCHACHE KONNEN KI JAN

nyckidsrise.orgRele 833-KID-RISE (833-543-7473)

[email protected]

BB2Ov_HCJanvye 2019