openstreetmapayiti - floss manuals fr

60
OPENSTREETMAPAYITI Published : 2017-06-21 License : GPLv2+ 1

Upload: others

Post on 19-Dec-2021

3 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

OPENSTREETMAPAYITI

Published : 2017-06-21 License : GPLv2+

1

Page 2: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

ENTWODIKSYON1. KISA KATOGRAFI A YE?2. KISA OPENSTREETMAP LA YE ?3. ENPÒTANS OPENSTREETMAP POUAYITI4. YON LIDE SOU LIV SA A ''…mwen prale pi lwen toujou pou mwen di, ta sanble kat yo bayeksplikasyon ki pi klè pase sa ki ap sòti nan bouch. Si lide mwenkouche sou papye rete nan lojik ki chita sou teknik ekriti yo, mwen pafouti di se menm bagay la pou yon kat. Mwen pa janm rive mete yonbout nan trase yon kat tèlman posibilite pou lòt moun pran li epipwolonje travay la ekziste nan sousi pou nou pa bay yon deskripsyonestatik sou espas yo men, rann kont sou fòm ak estrikti dinamikpeyizaj yo genyen.’’

(Georges Anglade, Cartes sur Table, Itinéraires et Raccourcis, Cinqans de Jalons, tome 1, Coed. Etudes et Recherches Critiquesd'Espace, Montréal Quebec, 1990, Henri Deschamps, Port-au-PrinceHaïti, 1990)

Ide Anglade sa te kapab youn pami anpil lòt ki te fè anpil moun metetèt ansanm pou kreye Kat Jewografi, menm jan kominote''OpenStreetMap'' pran inisyativ la. Men si listwa militè te rive potedirekteman kontribisyon li tout bon vre nan ede kat jewografik fè yongwo pa nan tout difikilte politik ak limit lasyans te genyen nan epòk la,malgre sa, nou pa ta dwe bliye objektif prensipal yon katjewografik ki se ede moun yon sosyete rannkont sou karakteristik espas kote yo ap viv la. Sa vle di, depi lantikitemoun te toujou konn sèvi avèk kat Jewografik pou yo jwenn kote ki pibon pou fè lachas osnon jwenn sous dlo pou yo bwè, tout sa ki kapabbay lavi ak larichès pou jenerasyon ki ap vini dèyè. Jounen jodia, moun kontinye sèvi ak enfòmasyon jewografik ki bay adrès ak koteki gen eleman esansyèl nan lavi chak jou, men gen anpil done kimanke toujou sou: wout, chimen, zòn teritoryal elatriye. Sa depann dekiyès kap patisipe nan kolekte done sa yo.

Moun ki ap itilize kat jewografik jounen jodi a, ede nou jwenn reponssou kesyon tankou: ''koman mwen ka ale lekol sou yon bisiklèt sandanje? "Osnon Ki kote mwen ka repare yon soulye? Osnon eske mwenka pase la apye?'' Osnon nan sitiyasyon ki pi grav yo, ki lopital ki pi premwen, nan ka yon ijans? Osnon ede yon moun jwenn batiman piblik,komèsyal oubyen dekouvri pasaj ou pa te konnen anvan ki pèmèt ousòti nan yon wout ale debouche sou yon lòt ki rete itil pafwa enpotanmenm pou yon moun.

Pou rezon sa yo, li bon pou nou travay ansanm pou nou reyalize katzòn nou. Poutan se pa tout kat ki bay posibilite pou pote yondiplis osnon bay libète pou pote yon ti koreksyon. Si bay, twoke akpataje enfòmasyon sou Jewolokalizasyon se fondman kolaborasyonan, li enpòtan pou nou konnen se pa tout fòma kat Jewogrfik ak pratiktravay sa ki bay libète sa a.

Katografi kolaboratif la se yon fason pou nou chache rasanble epipataje enfòmasyon jewografik yo. OpenStreetMap patisipe anpil nanfè moun konnen mouvman sa. Se pa sèlman OpenStreet Map ki fè sa.Chapit sa prale fè nou konnen kisa katografi kolaboratif la ye.

KISA KATOGRAFI KOLABORATIV LA YE?Imajine ou yon zanmi ou bezwen jwenn yon ponp gaz. Ou ta vleeksplike li ki kote lap jwenn yon ponp gaz ki tou pre a. Men petèt sepa sa ki tap pi bon pou li. Ou ta renmen fè yon kat Jewografik ki gentout ponp gaz yo men travay sa ap twòp pou fè pou kont ou. Sa oupanse si zanmi ou yo te ede ou reyalize kat Jewografik sa? Oubyennenpòt lòt moun ta bay kontribisyon li nan reyalizasyon travay sa? Travay sa ap vin fèt pi rapid epi lap vin pi fasil tou.. Se sa ki baztravay katografi a.

Katografi kolaborativ la se yon teknik tounèf yo itilize pou fè katJewografik. Li soti anndan sa yo rele newokatografi. Li chita sou lide''yon sèl dwèt pa manje kalalou'' '' men anpil chay pa lou '' ki se pigwo ekzanp lè yon pakèt moun ki mete tèt ansanm pou yo travay, yobay yon kokenn chenn travay ki gen bon kalite. Yo kapab fè yon katespesyal. Egzanp, yon kat ki gen wout ak tout ponp gaz yo oubyenyon kat ki gen tout bagay nesesè, sa vle di yon kat ki jeneral ki genyon lisans lib. Yo itlize anpil zouti pou kreye kat men gen rezon akmotivasyon pèsonèl ki pouse yo fè chak kat epi gen kategori moun kiprale itlize kat sa yo.

POUKISA MWEN VLE PATISIPE NANMOUVMAN KATOGRAFI TÈT ANSANM?

2

Page 3: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Anpil rezon kapab fè mwen vle patisipe. Mwen kapab vle ede komitemwen kreye yon kat ki kapab sèvi nan domenn sekirite tankou plaselopital ak kèk lòt enstitisyon ki nan sistèm sekirite a, pou si ta genyenijans. Ou ka lokalise sous dlo yo. Si ou renmen mache ou kapab fè lòtmoun dekouvri kèk bèl ti kote rezève. Si ou se profesè lekòl ou kapabkreye yon kat pou montre elèv lokalize yo. Ou kapab itilize kat yo pousatisfè bezwen pesonèl nan fason ou ap itilize zouti yo.

Sa se foto yon pakèt jenn Ayisyen ki chwazi mete tètansanm, pou fè katografi.

KÈK MOYEN AK KÈK ZOUTI YO ITLIZE POUFÈ KATOGRAFI KOLABORATIV:Yo itilize anpil fason pou fè katografi kolaborativ. Sa ki pi senp la, sechita ak yon gwoup zanmi, plim, kreyon ak papye nan men. Nan fasonsa ''Open Street Map'' wè gwoup moun sa twò piti, se sa ki fè li meteyon kat sou entènet kote anpil moun tout kote sou latè, kapabpatisipe, benefisye epi pataje enfòmasyon.

''Google Map Maker'' avek ''Google My Maps''''Google Map Maker'' (http://www.google.com/mapmaker) se yonfason pou korije ak ajoute enfòmasyon sou ''Google Earth''. ''Google''pèmèt nou mete wout ki manke, korije si gen erè, mete tout sa noupanse ki enpòtan. Lè yon moun fèk kòmanse travay ak zouti sa, yoetidye ak verifye travay li avan yo mete li disponib pou yo itilize.

''Google My Maps'' (http://maps.google.com/maps/mm) se yon''onglet'' ki asosye ''google map'' ki pemèt yo anrejistre enfòmasyonnan kat pesonèl yon itilizatè. Moun sa ka deside mete kat li disponibpou tout moun, gade li pou kont li oubyen pataje li ak kèk lòt moun. Lika envite yon gwoup travay sou kat li a oubyen tout moun.

Ou ka itilize ''Google Map'' gratis men poutan done yo pa lib. ''Google''pa vle yo pran zafè li pou fè komès, li pa vle yo pran kat li pou vini fèkonpetisyon avèk li ankò. Poutan ''OpenStreetMap'' pa okipe bagay sayo. Sa ou mete sou kat '' Google'' la se pou '' Google'', kat '' Google''la pa piblik.

UshahidiUshahidi (http://ushahidi.com) pa gen lide pou fè komès, li se yonlojisyèl ''Open source'' li pèmèt ranmase enfòmasyon epi afiche yosou kat avèk kalandriye. Ushahidi se yon mo Swahili ki vle di temwenosnon temwayaj. Li te gen pou objektif kreye yon kat sou zak vyolansnan peryòd latwoublay aprè eleksyon ki te fèt kenya nan lane 2007-2008. Sit sa pèmèt ou tou, ranmase temwayaj sou zak vyolans yovoye nan imel osnon sms lè ou mete yo sou yon kat. Jounen jodi a,nou ta kapab prezante inisyativ sa a, tankou yon katografi sosyalmelanje avèk aktivism sosyal.

Pou ou kapab gen vèsyon Ushahidi itilize CrowdMap(http://crowdmap.com) telechaje li sou entenèt, enstale li sou machinou, ou kapab itilize li pou projè katografi kolaborativ la.

WikiMapiaSe yon projè komèsyal ki bay yon kat ou kapab modifye. Li gen pouobjektif kreye yon kat gratis epi mete li anfòm nan plizyè lang. Yo sèviavèk li plis nan rasanbleman pwen enterè. Li itilize imaj satelit ''googlemaps''. WikiMapia bay yon kat moun kapab modifye san li pa bezwengen yon kont itilizatè e san li pa bezwen kontribiye.

3

Page 4: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Kontrèman ak ''OpenStreetMap'' ki gen dwa itilize imaj satelit li''Microsoft'' genyen yo, WikiMapia pwopoze yon travay ki soti nansous pwopriyete (Google Earth). Travay kontribitè yo fè yo pa anbalisans lib la men li gen yo lòt lisans ''Creative Commons'' BY-NC-SA. Lipa vle yo pran done li yo pou fè lajan. WikiMapia fè lajan gras avèkpiblisite ''Google'' fè yo men platfòm nan rete zafè prive moun kitefonde li yo.

POUKISA MWEN VLE FÈ KATOGRAFIKOLABARATIV AVEK ''OPENSTREETMAP''?Jan nou kapab wè li a gen anpil antrepriz ki pèmèt yo fè katatografikolaborativ, genyen ki sanble anpil ak ''OpenStreetMap'' men yodiferan. Souvan anpil nan yo konplete ''OpenStreetMap''. egzanp genprojè Ushahidi a ki sèvi ak ''OpenStreetMap'' kòm fon kat li a. Li sèviak enfòmasyon ki egziste sou ''OpenStreetMap'' pou fè konparezonavèk pa li yo.

Sa se logo ''OpenStreetMap''(OSM)

Sa ki bay ''OpenStreetMap'' plis fòs se lisans ouvè a (lib). Nenpòtmoun kapab sevi avèk done li yo e menm fè kòb avèk yo: Sèl egzijansli fè itilizatè yo se obligasyon pou di ki kote yo jwenn done yo e kimoun ki te kontribiye epi fòk li pibliye tout amelyorasyon li pote soulisans pa li a, ki sanble avèk pa OSM nan.

Gen anpil diferans nan mitan OSM ak lòt antrepriz ki fè katografi nousot site piwo yo: nan OSM tout moun travay sou yon sèl kat sa vle ditout enfòmasyon pran menm fòma pou tout moun, metòd sa pemètyo ajoute plis detay yo tire nan lòt sous epi li fè enfòmasyon yo padivize epi bloke nan projè yon grenn moun.

Li enpòtan pou tabli diferans la nan mitan kat OSM yo ak lòt kat nanliy sa yo: Google Maps, MapQuest osnon Bing. Objektif yo se aficherezilta rechèch epi fè lajan pou kontinye aktivite yo. Gen kote yo metedone youn sou lòt pou yo kapab afiche yo ak modèl pa yo.

Kontrèman ak lòt yo, OSM gen pou objektif bay enfòmasyon epipèmèt nenpòt ki moun eksplwate yo. Li pèmèt tou, pou yon mounkreye nenpòt kat li ta vle. Sa depann de imajinasyon moun nan.

Anplis OSM gen yon gwo kominote ki plis pase 450 000 moun kreyeyon kont pou yo gen aksè sou sit la. Kominote a gen moun ki pralechache enfòmasyon sou tèren, ki ap rantre enfòmasyon sou baz donea, genyen ki ap fè lojisyèl pou yo ka fè chanjman lè sa merite fèt.Genyen ki ap fè kat espesyal a pati done yo, genyen ki ap kontribiyeendirèkteman. Egzanp ekip ayisyen sa ki ap tradwi liv OSM la nan langkreyòl pou plis moun kapab patisipe. Tout kote nan sou latè, kominoteyo ap reyini pou pataje nouvo teknik yo, mape kote yap viv, pouaprann youn lòt, oubyen rankontre jis pou yon jès sosyal.

Nan liv sa nou ap kontinye montre ou kòman ou ka itilize OSM jwenndone ki sanble ak sa ki sou patfòm anlè ya. Nou ap montre ou toudiferan fason nou kapab itilize done sa yo, si ou ta vle jwenn tou ponpgaz ki gen nan vil la, si ou ta vle mape ti wout ki mennen ou ti kote ourenmen pwomennen an, OSM kapab ede ou. Le ou fini, li kapab ba ouzouti pou ou fè sa epi montre ou kòman ou kapab fè enfòmasyon sayo sèvi lòt moun.

4

Page 5: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

2. KISA OPENSTREETMAP LAYE ?Jan nou te di sa avan, kat yo pèmèt nou transmèt yon enfòmasyon piklè epi pi rapid. Ou ka itilize yon kat plizyè fason : pou fasilite nou prandesizyon, pou kapab wè enfomasyon jewolokalize, pou baw direksyon,oubyen pou dekri kibò ak kòman pou ou ale.

Nan tan lontan, se òganizasyon kap fè lajan ki te konn pran akmodifye enfòmasyon sa yo chak jou, ke sete moun kap edite an priveoubyen biwo leta. Souvan, yo pa konn vle itilize kat sa yo nan toutsikonstans, e nan kèk ka, lè yo pa fè lajan nan kreye ak nan modifyekat, okenn nan òganizasyon sa yo pa modifye kat la.

OpenStreetMap kreye pou konble mank sa yo, se yon kat ou kakolabore, li nan tout mond lan, gratis, byen fasil pou modifye.

Plizyè moun sou teren an ap kontribye nan OpenStreetMap volontè,pou yo ka mete sa ki manke nan ansyen kat yo. Pou anpil moun,kontribye nan OpenStreetMap se yon aktivite lwazi ki ap itil sosyete a,paske chak moun ka itilize reziltat li yo. Kontribye nan OpenStreetMapkapab yon bel fason pou vizite yon vil ke ou pat janm vizite anvan, yonfason pou byen konnen kèk kote ke ou konnen deja,epi tou yon fasonpou konnen sou pwent dwet ou tout kote sa yo ke ou bay anpilenpotans, toujou ak menm kesyon kontribisyon sa! An plis kesyonmete enfòmasyon jewografik a pye osnon sou bekàn se yonbèl aktivite fizik, se yon bon rezon pou w ale fe yon ti mache.

Men kèk posibilite ke nap ofri w, kap montre w klèman enpòtansenfòmasyon jewografik sa yo genyen pou ou ak pou antouraj ou.

Sa se imaj kèk jenn ki a fè ankèt teren, pou yo ka mete nouvoenfòmasyon sou kat la

CHOFÈ MOTO AK MACHIN KAP PATAJEENFÒMASYON YO, TRAJÈ YO OUBYENMOTO YOOu mete moto ou byen fre, ou deja pare pou vizit la. EnfòmasyonOpenStreetMap yo ap pèmèt ou prepare wout ou pral fè yo a pye,sou moto, oubyen sou machin, pandan lap edew chwazi wout ki platpou vizit la, sa ki pi danjere, sa ki ka few boule plis ou mwens gazoubyen plis kalori siw a pye, sa ou pi si de li a, sa ki pi poze a ou pirapid la, sa depann de bezwen ou. Tout moun ka we kat la nan adrèsofisyèl pwojè a http://openstreetmap.org

Tap Tap Map: Se yon sèvis entènèt ki itlize enfòmasyonOpenStreetMap pou fasilite transpò ak sikilasyon moto ak machin,piblik, nan tout peyi a, swa pou soti nan yon vil al nan yon lòt viloubyen nan yo komin al nan yon lòt komin. Pandan wap chwazi swachemen ki fèt pou sa oubyen chemen ki pi apopriye pou ou.(http://wiki.osm.org/wiki/TapTapMap)

5

Page 6: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Li ka edew konnen ki kote pou ou al pran tap-tap oubyen moto kiprale nan yon zòn byen detèmine, epi ki wout wap pase pandanvwayaj sa.

YON KAT POU YON TRAVAY SOSYAL,SOLIDÈ E IMANITÈ

Kat ki lib yo ka bay bon enfòmasyon ki itil pou yon bezwen lokal paegzanp, kòman jwenn kote ki gen dlo? Ki wout pou fe pou pa pèdianndan yon bidonvil? Enfòmasyon katografik lib yo bay òganizasyonimanitè yo mwens travay e pèmèt yo pote plis èd nan zòn soudevlopeyo.

San yon kat, li preske enposib pou konnen kòman moun yo ap viv epikòman kay moun kap viv nan gwo bidonvil yo ye? Te gen yon pwojèan 2010 ki te la pou fe premye kat piblik nan Site Solèy. Site Solèy seyoun nan pi gwo bidonvil nan peyi Dayiti li gen 350 000 moun kap vivladan li. Akoz ke pat gen yon bon katografi, moun ki pat nan peyi apat ka wè nan ki kondisyon yo tap viv. Pat gen okenn enfòmasyon souasenisman, sou kibò ak kòman pou yo jwenn dlo pou bwè, wout akkòman kay moun yo fèt.

Kòman yo fè pa konnen yon gwo bidonvil konsa? Aprè echanj zoutikatografik yo avèk moun ki rete nan zòn nan pandan yap pataje sa yokonnen ak lòt moun, OpenStreetMap bay Site Soley yon lòt vizaj,pasèlman pou moun kap viv ladan li men pou moun ki ap viv deyò tou.

Gwo tranbleman tè ki te pase premye semenn Janvye 2010 yo anAyiti, te lage yon pakèt ayisyen nan viv nan kan de bra balan aprèanpil biwo leta, wout ak kay yo fin kraze. Katastwòf sa vin jwennkolaborasyon yon santèn gwo katograf avek foto yo pran anlè aprètranbleman de tè a. Imanitè yo ki tap pote èd yo te kòmanse itilizeenfòmasyon OpenStreetMap yo nan rapò yo tap bay plizyè lot ajan yopou te ka pote yon èd byen rapid bay Ayiti.

Mwayen pou jwenn sante ak pou jwenn sant sante yo, pou jwenn dlopou bwè ak tout lòt enfòmasyon pou deplasman yo tout te sou yonkat pou pèmèt imanitè yo bay moun ki te plis nan bezwen yo èd. Akozte manke dlo ak pwòpte kan yo te sibi gwo pwoblèm sante.Enfòmasyon katografik gratis yo ede moun kap bay èd yo chanjesitiyasyon sante nan kan yo ki gen pwoblèm sa.

JENN NAN SENMAK (SAINT-MARC) KAPKATOGRAFYE KOMIN YO

6

Page 7: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Èske nou konnen Rue Pivert? Sa se kesyon yon fòmatè poze trant (30)jenn ki, majorite nan yo, fèt e grandi nan komin nan e ki potko janmtande pale de katografi. Anpil nan yo te reponn non, men lè li mandeyo si yo konnen Le Troquet, yon espas kiltirèl trè itilize, anpil nan yo tereponn wi yo konnen li. Epi se konsa fòmatè a kòmanse eksplike yoenpòtans katografi nan lavi moun kap viv an kominote. Trapde gwoupla gentan mete yo sou sa pou aprann katografye ak sèl objektif kreyeyon kat pou Komin kote yo fèt la.

Genyen nan yo ki chwazi katografye teren foutbòl, makèt, plasgenyen tou c nan trase kay yo pran plezi, menm jan tou genyen senan trase wout tout kote, tout kalite men tout sa se sou sipèvizyonyoun ou plizyè fòmatè ak moun ki gen plis eksperyans nanOpenStreetMap.

Konsa tout jenn sa yo vin pran OpenStreetMap la pou yon egzèsislwazi kap devlope yo mantalman, fizikman ak teknolojikman e yoenvite lòt zanmi nan lantouwaj yo pou vin eseye li.

Aprè tout travay sa yo jije bon pou yo fòme yo kominoteOpenStreetMap pou komin sa non sèlman pou toujou genyen toutdènye enfòmasyon sou kat komin nan, men tou pou agrandi fanmiOpenStreetMap la. Nou espere ke wap wè OpenStreetMap enteresannan tout travay ou. Konsa ou menm si ou byen swiv liv sa wap kakreye yon kat e pote soutyen pa wou nan OpenStreetMap.

7

Page 8: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

3. ENPÒTANSOPENSTREETMAP POU AYITI OpenStreetMap se yon bon zouti katografik anpil peyi nan mond la apitilize.

Nou itilize li nan peyi Ayiti depi lane 2010, pou plis presizyon aprètranbleman tè 12 janvye 2010 la.

Te genyen yon ekip imanitè volontè OSM ki te soti aletranje ki te vininan peyi Ayiti, nan lide pou yo mete yon ekip katograf ayisen sou pyenan lide pou nou katografye wout, enfrastrikti, Objè imanitè yoelatriye .

Travay sa yo te ede oganizasyon lokal ak entènasyonal yo ede Ayititout bon vre nan bay bon jan sèvis sanitè ak enfrastrikti nanKominote yo e yo bay bon jan rezilta nan domèn Katografi a. Sapemèt tou kat jewografi Ayiti vini rich ak enfòmasyon.

Imaj anba a, konpare kat zòn Pòtoprens la avan tranbleman de tè 12janvye 2010 la ak kouman li vini ye 1 mwa aprè.

Mouvman OpenStreetMap la gaye kò li nan plizyè kwen nan Peyi a enou genyen bon jan fòmasyon ak materyèl nou jwenn nan menHumanitarian OpenStreetMap Team (HOT) pou nou fè travay sa a. Gras ak OSM nou genyen yon ekip Katograf Ayisyen (COSHMA) et(OpenstreetHAITI) ki genyen pou sig C-OSM.HA ki itil peyi a nanDomèn katografi. Nou itilize enfòmasyon OSM Ayiti yo:

Pou bay bon jan rezilta katografikPou Kontribye nan solisyon sou pwoblèm Kolera an AyitiPou montre Kondisyon kritik moun ap viv osinon, risk akkapasite yon kominoteMete sou pye yon rezo wout sou ayiti ak yon sikwi woutYo kreye yon plan aksyon kominotè pou devlopman zòn yo

Se yon zouti katografi rapid, vizib epi ki bay gwo rezilta nan kadkatografi ijans e li bay aksè ak lòt moun ki ap kontribye nan lòt peyi posibilite pou ede nou mete enfòmasyon malgre yo pa nan peyi a. Tout moun kapab gen aksè ak enfòmasyon sa yo.

Pou yon konnin tout sa ki egziste nan kominote yo a epitou gade kimenas ki kapab genyen si pa egzanm yon zòn ta frape pa yonkatastròf natirel.

Zòn kote yo katograye pral ede nou konprann nivo sove lavi moun kinan zõn riske yo epi wè dega sa ka koze sou la vi moun ak bagay kiitil nou nan kominote a tankou lopital, famasi, lekol, legliz, twaletpiblik, ak kote moun ka ale chache dlo elatriye. SA a montre nou lienpòtan anpil anpil travay katografik, pou nou ka gen bon janenfomasyon d disponib pou tout moun. Avek zouti katografiOpenStreetMap, Tout moun ka patisipe nan gwo travay sa a, ki sekatografye tout sa ki inpotan nan peyi a epi itlize enfòmasyonkatografik yo. Sa a ap ede tout moun oubyen oganizazyon ki vle potesoutyen yo nan èd yap ba nou. Li ta bon anpil pou jenn ayisyen genkonesans nan zafe katografi pou bay bon jan sevis sa a, ak peyi yo. Siyo moun ta konen ki enpotans katografi genyen nan devlopman yonkominote, yo peyi, Tout moun tap kouri mande kouman pou yo ede.

Li tap bon pou nou rakonte nou sa nou fe deja, ak gwo tonton zouti saa nan site soley, yo komin nan peyi a ki menase pa risk sitou riskinondasyon. nou fè yon katografi jeneral sou Zòn ibèn site soley la.Gade imaj anba a

8

Page 9: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

avan se te vid apre travay katografik nou vini genyen yon gwochanjman paske kat zon ibèn site soley la vin ranpli ak tout sa ligenyen kòm objè imanitè ak infrastrikti. Travay sa itil kominote a anpilpaske li pemèt:

Oganizayon OIM ak anpil lòt ankò fè kat risk sou zõn sa a. Nou bay Komisarya Site soley la yon Kat ki gen ladan li tout kaliteinfòmasyon sou rout.Anpil oganizasyon kap travay nan site Soley genyen kat sa yopou yo ka konprann reyalite katografi Site Soley la.Moun Kap viv nan kominote Site soley la itilise Kat sa yo sitou katnou fè sou kanal yo pou yo fè travay kominotè nan netwayaj pouretire fatra ki nan kanal ki anpeche dlo a byen sikile ki kòz kekinondasyon lè la pli ap tonbe.Anpil limyè fèt paske moun yon vini konnin bezwen e yo wè sa kipa fèt nan bon plas nan kominote yo a.Gen limyè sou vilnerabilite ak risk ki gen nan Zòn sa a.Kèk solisyon koumanse pote pifon nan domèn Sanitè nan SiteSoley.

Li tap vrèman bon pou travay sa fèt toupatou nan peyi a nan lide pounou kontribye nan bagay kap itil tout bon vre kominote nou an ekonsa nap ede peyi nou bay bonjan sèvis ak popilasyon an.

Nou ankouraje nou li Liv sa a, pou nou ka konnen kouman e kijan nouka patisipe nan bèl travay sa a, nan lide pou nou montre reyalie katjeografi ayiti a, pou ka genyen bon jan planifikasyon nan zafè projèpou amelyore la vi tout pèp Ayisyen an.

9

Page 10: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

4. YON LIDE SOU LIV SA ALiv sa a fèt pou moun ki renmen katografi epi ki fèk rantre nanaktivite sa, men ki poko konnen OpenStreetMap. Gran konesè OSM yoprale bay plis enfomasyon nan de (2) dènye seksyon yo.

Ouvraj sa a se yon tradiksyon plizyè moun te fè nan lokal Ayitikominotè a soti 03 pou te rive 07 Desanm 2012. Moun ki te patisipenan kokenn chenn travay sa se: Samuel Paul ALCÉ, Judith Cerisier,Waguens Acé, Jean Bully Prophete, Jean Junior Neptune, WaikhellJames Barthélemy, Rémy Schneider epi Anne Goldenberg ki tereprezante Floss Manuals Francophone.

Men objektif liv sa a:

Swete ou byenvini nan zafè katografi Fè ou fè konesans ak moun ki ap kontribye nan OpenStreetMapyo Bay bon jan eksplikasyon sou fondman kontribisyonpwojè OpenStreetMap yo Prezante zouti , kèk ti trik ak itilizasyon OpenStreetMap yo Pwopoze yon dokiman gratis pou kominote a kapab modifye li lèli mande sa.Nou espere ou ap li liv sa ak anpil kè kontan. Pa bliye baykontribisyon pa ou sou entènèt la pou liv sa kapab vin pi bonchak jou. Ou ap jwenn tout enfomasyon ou ap gen bezwen souhttp://fr.flossmanuals.net/openstreetmapayiti/. Nou espere konteou pami moun ki nan kominote sa a e ou ap kontan antre nanekip sa a.

Editè: Floss Manuals Francophone

Tèm: Katografi kolaborativ, open data, enfomasyon gratis.

Rezime: Liv sa a genyen anndan li: kisa katografi kolaborativ la yeavèk OpenStreetMap. Li bay eksplikasyon tou sou kominote kap itilizeenfomasyon OpenStreetMap yo, teknik pou modifye kat yo,Aplikasyon katografik mobil ak yon sèvè web ki fèt pou fini kat la.

Tip dokiman: Manyèl kolektif

Lisans: Creative commons BY-SA

Lang: Kreyòl, Tradiksyon nan vèsyon fransè: OpenStreetMap.

10

Page 11: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

POU KÒMANSE5. PREMYE ETAP6. ANKÈT SOU TEREN7. PRENSIP POU EDITE SOUOPENSTREETMAP8. METE KAT LA DISPONIB

11

Page 12: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

5. PREMYE ETAPGenyen anpil mwayen pou mete enfòmasyon sou OpenStreetMap.Nan tout mwayen sa yo yap mande nou, pou nou kreye kont itilizatènou pou nou kapap mete enfomasyon yo. Chapit sa a pral fè noukonnen kijan pou nou kreye kont itilizatè nou epi nou pral kapabkòmanse ajoute, antre enfomasyon.

TÈM ITILIZE SOU D'OPENSTREETMAPPou nou kapap kreye kont nou epi kòmanse kontribye ale sou sitOpenStreetMap la http://www.openstreetmap.org/

Pou ou kapab enskri epi genyen yon kont itilizatè, klike sou S'inscrireanlè paj la. Si ou te gentan kreye yon kont itilizatè klike souConnexion epi ale jis anba chapit la nan seleksyon « Premyemodifikasyon an ».

Men fomilè kreyasyon kont itilizatè a.

Ou dwe anrejistre 2 fwa adrès imel ou Adresse e-mail, pou ou asireou ke ou pa twonpe. yap mande ou apre pou ou antre non ou vle pouki parèt la Nom affiché, sa vle di non ou swete parèt pou idantifye oupou kontribisyon ou. E aprè ou prale anrejistre 2 fwa mod pas ou Motde passe. Klike sou Kontinye Continuer. Konnen enfomasyon sa yoap piblik.

Ou rive kounye a sou paj ki gen tèm Kontribitè a.

Chwazi non peyi ou vle a osnon chwazi Reste du Monde si ou pa wèli . Aprè, li Kondisyon Itilizatè a nan lang oubyen nan lang ou vle a. Yapmande ou pou ou deside kondisyon itilizasyon kontrinisyon ou yo. Toutenfomasyon yo prale direkteman sou lisans lib licence CreativeCommons Attribution-ShareAlike 2.0. Sa a bay posibilite pou yoitilize travay ou yo ankò a kondisyon ke ou di sous la nan lide poukonsève menm kontra lisans lib la pou lòt travay.

12

Page 13: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Ou kapap chwazi mete kontribisyon ou piblik nan sa ki gen a wè aklisans lib la. lè ou kroche kazye a. Nap fè nou konnen anko ke noupase chwa sa a. li se yon pasaj oblije li enplike ke ou otrize itilizasyon travay ou a san yo pa bezwen mande ou pèmisyon kelkeswa mounnan.Pou nou ka konnen plis detay sou sijè sou sit sa ahttp://www.osmfoundation.org/wiki/License/Why_would_I_want_my_contributions_to_be_public_domain.

Klike sou aksepte pou ou ka suiv metòd anrejistreman an. Avan oukonekte ou dwe al gade nan bwat imel ou te bay la, wap jwenn yonimel pou konfime inskripsyon an wap swiv sa li di yo.

Si ou deja genyen yon kont klike anlè paj la nan kwen kote ou wè kimake connexion an, wap vini dirèk sou paj koneksyon an.

Mete adres imel ou, non itilisatè ou e mod pass ou epui klike souconnecter.

Kounye a ou pare pou pote premye kontribisyon ou nan meteinfomasyon sou OpenStreetMap.

PREMYE KONTRIBISYONOpenStreetMap itilise yon editè online ki rele potlatch2 pou utilise unéditeur en ligne appelé Potlatch 2 pou travay ak done yo. zoutiedisyon sa sa ekri an flash sa a kòz ke li nesesite.

Par défaut, OpenStreetMap utilise un éditeur en ligne appelé Potlatch2 pour manipuler les données. Cet éditeur est écrit en Flash etnécessite donc que le plugin Flash soit installé sur votre navigateur. Sic'est déjà le cas, cliquez sur l'onglet Modifier et l'écran dechargement apparaîtra. Une fois le chargement terminé, vous serezprêt pour votre première modification des données.

Li posib pou nou mete tout sa nou imajine sou OpenStreetMap. Seyon bèl bagay men li ka yon pwoblèm pou yon moun ki fèk konnteknoloji a. Li bon pou yon moun ki fèk ap kòmanse ale ti pa pa, li kakòmanse mete yon restoran, ajoute yon lekòl, ranje yon enfòmasyonki pa te kòrek sou yon wout. Sou paj wiki OpenStreetMap gen lis kigen tout sa ki merite al sou katla http://wiki.openstreetmap.org/wiki/FR:Map_Features.

PA janm bliye sa lè nap edite sou OSM nou pa dwe janm kopye yonenfòmasyon ki sou copyright, ni enfòmasyon ki soti sou yon lòt kat kisou entènèt kòm Google Maps, Bing Maps. Enfòmasyon yo gratis menyo pa lib se sak ki fè nou pa kopye yo a. Fason ki pi senp pou nourespekte règ sa yo se pou na ta sèlman fè sa nou kapab fe yo ak zoutiki disponib sou OSM yo.

Nan egzanp sa nou pral ajoute yon guesthouse sou kat la, lè nou finfin chaje Potlatch 2, nap wè paj ki anba parèt konsa. Nou ka wè agoch paj la yon seri bagay nou konn itilize chak jou. Klike sou desennou wè ki gen rapò ak sa nou vle mete a, ale plase li nan plas li soukat la.

13

Page 14: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Si desen an pa twò sanble ak sa nou vle mete a, chache ak souri a nou ap yon pil enfòmasyon sou desen yo, nou kapab jwenn desen kibon "Guesthouse (B&B)" la pou menn mo sa moun ki pale angle yo diBed and Breakfast

Le nou fin byen mete dessen an sou kat nou pral paj ki anba parètkonsa. Agoch nap ka konplete enfòmasyon, ajoute non "Guesthouse(B&B)" la.

Toujou sonje anrejistre travay la. Se konsa lap monte sou kat OSM la epi lòt moun ap kapab itilize enfòmasyon sa. Pou nou anrejistre: fèSave sou paj anwo a epi paj anba ap parèt avèk yon ti kare ladan liki rele bwat dyalòg ki gen "Save Changes" make anlè li a goch nou,kapab klike sou Save anba sou bò dwat ti kare a.

14

Page 15: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Nou kapab modifye yon wout avèk Potlatch 2. Nou ka sèvi avèk akfoto satelit fè egzanp imaj Bing kòm yon kat ki parèt anba. Sa ap edenou pi byen plase tras yo. Si nap kreye yon wout ki pate ko la: klikesou yon wout ki la deja. Klike kote nou wè yo prale rankontre a,kòmanse li la.

Sonje sa, si nou pa rive klike sou wout la, nou dwe ajoute yon ne pouka kòmanse wout la. Klike sou wout la pandan nou kite men nou soutouch ki fè lèt majiskil la (shift), wout la ap parèt.Nou ap pale sou sa kirele ne a nan yon lòt chapit.

Nou ap itilize souri a pou nou trase wout la jan li ye. Lè nou rive koteki gen koub mete plizyè pwen pou ka jwenn fòm li. Nou ap kontinye jisnou rive kote li dwe rive a, lè sa nou ap klike de fwa.

Nou dwe di ki tip wout nou sot trase a. Yo ap ban nou tablo ki anbala. Nou ap wè yo ekri a goch li "No tags set" ki vle di pa genenfòmasyon. Nap klike sou ti triyang la, li ap ban nou yon lis. nou apchwazi "Roads" ki vle di wout. Yo ap ban nou tout tip wout yo egzanpwout primè, sekondè elatriye, nan egzanp sa se yon wout rezidansyèl(residential).

Aprè nou fini fè sa, nou gen posiblite pou nou ajoute plis enfòmasyonsou wout la pandan nou ap ranpli yon lis ki gen kesyon pou noureponn yo. Nou ka mete non wout la, nou ka di konbyen machin ki kapase sou wout san sa, èske se yon yon wout moute pa desann osnondesann pa moute.

Nou ka sèvi avèk sa nou wè sou foto satelit voye yo, enfòmasyon kitela deja osnon di sa nou te wè lè nou te sou tèren. Pi lwen nou pralewè kòman nou ka ajoute lòt enfòmasyon avèk lòt zouti anplis GPS akWalking Papers (http://walkingpapers.org).

15

Page 16: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

6. ANKÈT SOU TERENPi bon fason pou kontribye nan OpenSreetMap se pou itilize sawkonnen sou teren an, ou pa bezwen anpil bagay pou komanse.Tankou, ou konn ti zòn kote ou rete a byen ak zòn kote ou ap travayla, dayè se la ou pase plis tan. Ou ap kapab wè byen fasil si gen kèkchanjman ki fèt nan zòn nan men ki pa sou kat la. Ou ap kapabkatografye sa byen fasil ak imaj satelit oubyen kadas. Ou ka fè menmtravay sa tou nan yon zòn ou konnen trè byen.

Si ou kontribye konsa ou ede OpenStreetMap fè yon gwo vanse, epikat la ap toujou gen tout denye enfòmasyon yo ladann. Aprèsa waptoujou verifye si gen lot chanjman nan zòn ou an oubyen nan katyekotew rete a.

Men, siw vle kontribye nan zòn ke ou pa konnen trò byen, gen anpillòt mwayen pou fè ankèt teren an epi pou metel nan OpenStreetMap.Anpil moun kap kontribye itilize GPS. Chapit sa pral eksplikew kisa GPSla ye epi koman pou sèvi avèl.

Siw pa gen GPS, ou ka itilize yon bagay ki rele Walking Papers. Chapitsa pral eksplikew tou kòman wap ka fè yon Walking Papers. Nan lòtchapit yo nap wè kòman yo itilize lojisyèl ki ka pèmèt ou fè edisyonnan OpenStreetMap.

FÈ ANKÈT TEREN AVÈK GPS Chapit sa pral moutrew kòman yo itilize yon GPS pou nou ka kontribyenan OpenStreetMap. Nou pral itilize espesyalman yon model GPS ki seGarmin eTrex Vista HCx, se GPS sa yo plis itilize pou fè ankèt teren.Gen anpil lòt model GPS ki ka fè men travay la tou. Jan wap sèvi ak lòtmodel la ka pa menm jan ak Garmin eTrex Vista HCx men wap toujouitilize menm prensip yo.

kisa GPS la sanble avèk yon telefòn selilè, li pa resevwa siyal rezotelefòn selilè yo men li resevwa siyal satelit ki ap fè laviwonn tè a.

Foto satelit yo kap fè laviwonn tè a Foto GPS la kap chache siyalsatelit yo

Lè GPS la jwenn siyal satelit yo voye a, GPS la ap diw ki kote ou ye soutè a. Li diw ki kote ou ye sou fòm Latitid ak Lonjitid. Lonjitid la diwkotew ye soti nan LÈS rive nan LWÈS daprè sa meridyen Griwitch labay. Latitid la menm diw ki kote ou ye sou tè a daprè EKWATÈ sotinan NÒ rive nan SID. Chak kote ou pase sou la tè li gen latitid aklonjitid pal.

Egzanp: Pwen sa ki gen pou latitid 18°32'20.43"N ak lonjitid72°18'27.31"W se Pòtoprens Ayiti.

16

Page 17: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Imaj sa fèt sou Google Earth li montre nou latitid ak lonjitidPòtoprens Ayiti ye sou la tè

Kòman pou nou limen GPS laNap wè yon arebò dwat GPS la, nap pezel pou jiskaske GPS la limen.Nap wè yon foto tankou sa nap gade anba ki parèt nan GPS la. Fotosa vle di ke GPS la ap chache siyal satelit yo poul ka diw ki kote ou yesou tè a.

Lè wap limen GPS la fòk ou soti deyò poul ka jwenn siyal Satelit la. Oupap jwenn siyal satelit la si ou anndan kay.

GPS la ap chache siyal Satelit

Lè GPS la jwenn kantite siyal li ta dwe jwenn nan, foto sa ki parèt sounan ekran GPS la ap efase epi wap wè paj "menu" GPS la parèt. (wapjwenn egzanp lan nan lòt paj yo)

Fouye anndan "menu" GPS laGPS sa gen plizyè paj. Chak paj sa yo diferan . Pou chanje paj, pezebouton ki arebò dwat GPS la ki gen ti siy (X), ou ka fè bak ak menmbouton (X) la tou siw vle tounen sou yon bagay ou te ye avan sa. Wapjwenn bouton sa anba bouton ouvè/fèmen an ki arebò dwat GPS la.

Depi ou antre yon kote ou pat dwe antre oubyen depi ou ta fè yon erèpeze bouton (X) pou ka tounen deyè. Gen anpil paj sou GPS la, menkèk paj nan sa ki pi enpòtan yo ke nap bezwen pou nou fè ankètteren.

17

Page 18: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Nan 2 paj sa yo, nou wè "menu principal" a goch ak paj pounou anrejistre tras yo a dwat

Nan 2 paj sa yo, nou wè paj satelit la a goch epi paj ki gen katgewografik la a dwat.

Lè ou gade paj satelit la wap wè ak konbyen satelit ou konekte, epilew voye jew na kwen anwo paj la a dwat wap wè Latitid ak Lonjitidkotew ye a sa vle di wap wè pozisyònmanw.

Lèw gade a dwat sou paj ki gen kat gewografik la wap wè tout bagayki gen sou kat la. Tankou wout, boutik, restoran ak latriye. Men pou kawè tout bagay sa yo fok ou "telechaje" emfomasyon OpenStreetMapyo, anrejistrel sou yon kat memwa epi metel sou GPS la. De ti boutonki anwo a goch GPS la ap baw mwayen pou rale kat la vini ak pouseltounen.

Chak fwa ou peze bouton (X) la ki arebò dwat GPS la, wap ale sou younan paj sa yo ke nou wè anwo a.

Tras ak pwen GPSGPS la ka pran de (2) kalite enfòmasyon ki trè itil pou nou ka fè kat la.Depi kounyea, nou ka kòmanse fè pwen kote nou ye a la. Pwen sa apanrejistre nan memwa GPS la. Lè ou pran yon pwen, GPS la tou diwotomatikman latitid la ak lonjitid la, ki donk li tou diw ki kote ou ye soula tè, epi li tou bay pwen sa yon non tou tankou li ka relel 001, 002,003 elatriye. Lèw fin pran yon pwen GPS la wap ekri pwen sa sou yonpapye oubyen nan yon kaye epi wap mete tout lòt enfòmasyon kinesesè yo bò kotel. Enfòmasyon tankou adrès, nimewo, ki kalite woutki pase devan kay sa (si se yon kay). Pwen nou pran yo nou rele yoabityèlman "PWEN GPS" oubyen waypoints.

Lòt bagay nou ka itilize ankò pandan ankèt teren an se yon kameranimerik. Ou pa bezwen gen yon dènye model kamera oubyen yonkamera ki vann chè, depi ou byen konn sèvi ak kamera epi ou konnenke li se yon kamera ki bon (menm si li tonbe oubyen men si lapli li papgen gwo pwoblèm). Li tap pi bon toujou si se yon kamera ki pa twogwo. Toujou regle gwosè foto a nan "meni" kamera a pou kat memwaka pran anpil foto. Pa egzanp nou ka regle gwosè foto yo konsa(800x600).

Imaj lè nan ekran GPS la

18

Page 19: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Avanw pran chimenw pou ale nan ankèt teren ou dwe regle lè ki souGPS ou a ak lè ki sou kamera. Siw paka regle lè a janl ta dwe ye awap sèlman pran yon foto ekran GPS la. (GPS la ta sipoze gen bon lèsiw byen regle lè a nan "menu" GPS la). Wap ka fè lè GPS la ak lè kisou foto yo vin menm lè tou lè ou fin mete yo sou Java OpenTreetMpa(JOSM).

Chak pwen GPS ou pran wap fè yon foto pou li. Foto a dwe byenparèt. Ou ka pran foto ansèy, pankat, pano siyalizasyon.

Lòt bagay GPS la ka anrejistre ankò se tras. GPS la pap anrejistreselman kotew pran pwen an men la trase tout kote ou pase,se yonpaket ti pwen ki telman pre ki fè tras GPS la. GPS la ka trase chak paou fè, chak segonn, chak lè ou fè yon (1) mèt. Lè wap gade yon trasou ka wè ke se yon pakèt ti pwen ki trase wout ou sot fè a. Tras GPSla ap edew trase wout ak tout espas tankou yon jaden, lakou elatriye.

Imaj yon GPS ki ap pran tras

Menm jan nou te dil tanlè a GPS la ka pran pwen men si pwen yo papre, epi li ka trase wout wap fè a tou. Lè w mete pwen sa yo sou katla pwen yo ap monte selon jan ou te pran yo a epi tras yo ap parèttou. (tras yo ka gen koulè vèt)

Nan imaj sa wap gade tras GPS la, li gen koulè vèt

Koman pou nou pran yon pwen GPSPran yon pwen GPS, wap kanpe nan pozisyon ou vle pran pwen an,wap peze bouton (X) la pou ka chanje paj, ou prale sou paj saelit lapou ka verifye si oou gen anpil siyal satelit, wap gade anwo paj satelitla si pozisyon an nòmal, si tout bagay anfòm wap peze bouton (X) laankò pou ale nan paj "menu principal la", wap itilize ti souri a poudeplase jiskaskew rive sou "Marque",Nan paj sa wap gentan wè kèkenfòmasyon sou pwen GPS ke ou pran an. Wap wè nimero pwen an,si se premye pwen ou pran lap rele 001 si se dezyèm nan lap rele 002elatriye, se nimewo sa ou dwe ekri sou papye a oubyen nan kaye kewap pran enfòmasyon yo, wap ka wè dat ak lè ou pran pwen an, wapka wè latitid ak lonjitid tou.

Paj GPS la lè wap pran yon pwen GPS.

19

Page 20: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Pran anpil prekosyon pou ka byen ekri nimewo a lè wap ekril nanpapye a ak tout enfòmasyon ki mache avèl yo.

Peze bouton (X) la pou chanje paj, lè rive sou paj kat la fè yon tikanpe... wap gentan wè pwens GPS la parèt sou kat la.

Kòman pou fè GPS la pran trasNou gentan konnen koman pou nou pran yon pwen GPS kounyea anou aprann kòman nou ka fèl anrejistre tras kote nou pase yo. Toujousonje pou nou kòmanse pran tras depi lè nap fèk kòmanse epi fòknou sonje lè nou fini tou pou nou fèl sispann pran tras tou. Konsa wapka wap ka wè tout kotew te pasee yo sou òdinatè a, epi sa ap edewanpil nan kat kew pral fè a tou. Si ou ap trase yon wout toujou sonjepran yon pwen GPS nan kòmansman wout la ak lè wout la fini, epi nankaye a wap metetout sa ki enpotan de wout la pa egzanp ki kalitewout wout sa ye, sil prensipal, segondè, sil asfalte elatriye.

Pou ka kòmanse pran tras wap peze bouton (X) la pou ka chanje pajjiskaske ou rive sou paj "menu principal" la, wap deplase ak souri ajiskaskew rive sou kote ki make "traces" la, pou ka efase tras ki te ladeja yo (siw pa bezwen yo ankò) wap deplase ak souri a jiskaske ourive sou "effacer" epi peze bouton souri a. Kounye a lap make 0%. Savle di li pa gen okenn tras sou li ankò.

Pou ka kòmanse pran tras wap deplase souri a jiskaskew rive sou koteki make "On" na epi klike sou li. Kounyea ou pare pou kòmanse prantras.

Peze bouton (X) la pou ka ale sou paje ki gen kat la. Wap wè wout lakap swiv ou tout kote ou pase.

Dechaje pwen ak tras ki sou GPS laDepi ou soti nan ankèt teren, premye travay ou dwe fè, se dechajeGPS la pou ka itilize enfòmasyon yo (pwen ak tras yo) nan lojisyeloubyen nan pwogram ke ou pral fè kat reyèl la.

Premye etap: konekte GPS la nan òdinatè a

Premye bagay pou fè lèw sot nan ankèt teren se asirew ke tras lafèmen/off. Wap chache paj "menu" an epi antre nan "traces" epi klikesou "off".

Wap konekte GPS la nan òdinatè a avèk yon kab "USB". Yon pwentkab la ap konekte nan òdinatè a lòt pwent la ap konekte nan GPS la.Wap jwenn kote pou konekte GPS la dèyè dol anba yon ti kouvè ti ki fèan kawotchou. Pa bliye! Fòk GPS la limen pou ka dechajel...

Dezyèm etap: enstale "DRIVER" pou GPS la

Li enpòtan anpil pou nou enstale "driver" ki mache ak GPS la."GARMIN USBDrivers" a se yon ti pwogram ki fè òdinatè a rekonètGPS la. Si ou gen ti pwogram sa sou òdinatè ou men ki pot ko enstaleann tou enstale li kounye a. Fè de (2) klik sou pwogram nan epi swivtout sa o`dinatè a ap diw pou fè youn dèyè lot san manke youn.

Siw pa genyenl sou òdinatè ou, ou ka "Download" oubyen "Telechajel"li sou sit entènetsa: http://www8.garmin.com/support/download_details.jsp?id=591

Lèw fin antre sou sit sa wap klike sou "Download" oubyen"Télécharger" pou ka kopye ti pwogram sa sou òdinatèw. Lèw fini fède (2) klik sou pwogram nan epi swiv tout sa o`dinatè a ap diw pou fèyoun dèyè lot san manke youn.

Twazyèm etap: download oubyen Telechaje "GPSBabel"

"GPSBabel" se yon pwogram enfomatik ki la pou kopye enfòmasyon kisou GPS la epi metel sou òdinatè a. Si ou gen GPSBabel enstale souòdinatè ou a ou pap bezwen fè etap sa.

Siw pako gen GPSBabel la ale sou entènet epi wap ka "Download li"oubyen "Telechajel" sou sit entènètsa: www.gpsbabel.org/download.html.

Lèw fin antre sou sit la klike sou Download ki ekri anwo paj la.

Glise paj entènèt la desann jiskaske ou rive anba kote ki ekri "LatestRealease" sa vle di (dènye vèsyon).

Si òdinatè wap itilize a gen sistèm "Windows" la sou li wap pranGPSBabel ki pou "Windows" la. Pou ka konnen sa ki pou "Windows" la byen wap gade sa ki gen "exe" dèyèl la.Si òdinatè wap itilize a gen sistèm "Mac OS" la ki sou li wap pranGPSBabel ki pou "Mac Os" la. Pou ka konnen sa ki pou "Mac Os"la byen wap gade sa ki gen ".dmg." dèyèl la.Si òdinatè wap itilize a gen sistèm "Linux" la sou li wap pranGPSBabel ki pou "Linux" la. Pou ka konnen sa ki pou "Linux" la byen wap gade sa ki gen ".tar.gz." dèyèl la.

Katryèm etap : kòman pou enstale GPSBabel la

20

Page 21: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Katryèm etap : kòman pou enstale GPSBabel la

Lèw fin "Download" oubyen "Telechaje" GPSBabel la wap chache kikote pwogram nan ye sou òdinatè a epi wap fè de (2) klik sou li pouka kòmanse enstalasyon an. Lè enstalation an fini Klike sou "Finish"oubyen "Terminer" ti pwogram GPSBabel la ap ouvè poukont li.

Se konsa "GPSBabel" la ap parèt

Senkyèm etap : dechaje GPS la

Anwo paj la nan zòn ki make antre a "input" wap klike sou ti wonn kidevan "Device" la, sa vle di ke se yon aparèy ki antre nan ti pwogramsa. Kote ki make "Format" wap klike sou ti flèch la epi wap chwazi "Garmin serial/USB protocol". Sa se fòmat ki ap soti anndan GPS la.tout enfòmasyon GPS la tap pran yon li pran yo nan fòma sa.

Nan mitan paj la gen yon kote ki make "Output" wap klike sou ti wonnki devan "file" la, epi nan kote ki make "Format" wap klike sou ti flèchla epi wap chwazi "GPX XML".

Klike sou "File Name"sa pral pèmèt ou bay enfòmasyon ou pral metesou òdinatè a yon non. Enfomasyon kite sou GPS la. Wap chwazi yonnon ki byen klè, ki ka fèw konnen nan ki zòn ou te travay la, epianrejistre enfòmasyon sa kotew vle a sou òdinatè a. Tankou ou kabay enfòmasyon an yon non konsa 23-dec-2012_delmas.

Toujou asirew ke GPS la limen epi byen konekte

Klike sou "Apply" oubyen sou "Appliquer", wap jwenn li anba paj la adwat.

Si pa gen okenn erè nan demach yo, wap wè yon pakèt bagay kapekri kap fèw konnen ke ti pwogram nan ap kopye tout enfòmasyon kisou GPS la. Lè li diw ke li fin kopyel wap jwenn tout enfòmasyon sa yokotew te kopye yo a.

Si ou fè yon erè, verifye si kab USB a bon, verifye si GPS la limen si sapa mache rekomanse ak tout demach yo ankò. Si sa pa janm macheale sou sit entènèt sa connect.garmin.com.

Pou finiNou rete kwè ou konprann pati sa byen. Si ou poko fin konprann fèplis egzèsis pou ka plis alèz.

Nan rès chapit sa, nou pral aprann kòman yo sèvi avèk "WalkingPapers". Se yon lòt mwayen pou nou fè ankèt teren pouOpenStreetMap. Lè wap sèvi avèk "Walking Papers" wap bezwen yonplim ak fèy papye.Lè wap sèvi avèk "Walking Papers" se kòmsi ou tapsèvi avèk yon GPS.

21

Page 22: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

KÒMAN YO FÈ ANKÈT TEREN AVÈK"WALKING PAPERS"Nan pati sa nou pral apran fè ankèt teren san GPS. Pou nou fè yon"Walking Papers" sou zòn ou pral travay la, ou prale sou sitsa http://walking-papers.org/, aprèsa ou ka ekri, ou ka fè desensou "Walking Papers" a. Lèw fin travay ak "Walking Papers" ou kaeskane li pou ka sèvi avèk enfòmasyon ou sot pran yo nanOpenTreetMap.

Kòman pou nou fè yon "Walking Papers"Nou pa ka ap pale de "Walking Papers" san nou pa montre kijan poufèl.

Premye etap : Kòman pou fè yon "Walking Papers" pou yonzòn

Fòk ou konnen depi avan nan ki zòn ou pral fè ankèt teren an, ou kachwazi swa yo desen enfòmasyon ki sou OpenStreetMap la osnonimaj "BING"reyèl yo prann sou tèt tè a. Lèw fin chwazi ou ka enprimekat sa.

Dezyèm etap: Kòman pou itilize "Walking Papers" a

Wap itilize kat sa pou ale nan ankèt teren. Ou ka mete pwen, tankouboutik, otèl, ponp gaz, ou ka trase wout ou wè ki pa sou kat la, ou katrase kote yon bòne. Ekri tout enfòmasyon yo sou kat la, osnon chazinimewo pou ekri sou kat la epi wa mete enfòmasyon yo nan yon lòtkaye.

Sa se yon imaj "Walking Papers". Nan imaj sa wap wè anpil "Walking Papers", chak se pou yon kalte zòn

Twazyèm etap: Fè "Walking Papers" paw la parèt sou òdinatèa

Siw pa gen eskanè ou pa fè foto "Walking Papers" ki nan menw lan, sikameraw la osnon si telefòn ka bay bon kalite foto. tankou(1200x1600). Wap jwenn mwayen pou voye foto sa sout sit "WalkingPapers" a. Ou dwe byen pran foto "code barre" la poul ka byen parètnan foto a. Sit "Walking Papers" la ap bezwen anpil poul ka konnennan ki zòn "Walking Papers" sa soti.

Se konsa "Code Barre" la ap parèt anba "Walking Papers" la

Katryèm etap : Mete "Walking Papers" ou a sou JavaOpenStreetMap (JOSM) osnon sou Potlatch

Depiw fin mete "Walking Papers" la anba travay ou (background) ouka kòmanse fè desen ou yo vin reyèl.

Men plis detay sou "Walking Papers"kounyea nou pral antre nan plis detay sou sa yo rele "WalkingPapers"

Kòman pou nou fè kat la

Ann fè yon ti kout pye sou sit "Walking Papers" la.

22

Page 23: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Nan desen sa ou ka wè kèk zòn sou kat la. Pou souke kat la wap klikesou bouton goch souri a menm jan ak Java OpenStreetMap (JOSM),wap itilize ti woulèt la ki nan mitan souri a pou pouse kat la ale avèkrale kat la vini, konsa tou ou ka klike sou bouton + avèk - ki anwo nantèt paj la.

Anwo kat la gen yon kote ki make "Chercher" . Ekri non zòn oubezwen an anndanl pou ka wè kote zòn sa ye sou kat la, epi klikesou "Chercher". Si sit "Walking Papers" a rekonèt zòn wap chache a,lap fèl parèt lapoula nan mitan kat la.

Anba kat la wap jwenn kèk lòt bagay ki enpòtan anpil tankou

"Orientation du papier " ap bay mwayen pou chwazi gwosè ou vlefè kat la tou. Anba ap fèw jwenn mwayen pou fè kat la fè plizyè mòso.

"Provider" a bay mwayen pou chwazi kalite kat ou vle a, tankou katki gen koulè, kat ki gen gwo ekriti oubyen kat ki gen desen reyèl tè a((BING).

Lè wap fè yon kat li tap pi bon pou fèl nan nivo "zoom" 15, 16 ak 17.konsa kat ou a ap parèt pi byen.

Si tout demach yo respekte , nou ka enprime kat la. Pou ou enprimekat la nap klike sou bouon ki make "Make" oubyen "créer" a.Wap wèyon lòt paj parèt.

Lè "Walking Papers" la pare, wap kilke sou telechaje sou fòma "PDF".lèw fin telechaje li ou ka ouvè kat sa sou òdinatè ou ap itilize a. Wapsèlman konekte yon enpremant epi ou enprime kat sila.

23

Page 24: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Kat sa wap gade la se yon kat ki gentan enprime, yo gentan fè ankètteren avèl. Li gentan pare pou yo eskanel.

Jan ou ka wèl la "Walking Papers"la edew wè kisa ki sou kat la ak kisaki manke. Lèw fin fè ankèt teren, kat la ap gen plizyè desen sou li kifèt ak plim osnon ak kreyon menm jan wap gade anwo a. Lèw fini nètou ka eskane "Walking Papers" a.

Kòman pou eskane "Walking Papers""Walking Papers" a itil anpil nan katografi paske se selman papye("Walking Papers") avèk plim osnon kreyon wap itilize selman. Se payon maji non! men nou opral fè papye sa parèt nan ti pwogram kotenou pral travay la. Nou pral fè enfomasyon sa yo vinn bon janenfòmasyon ki sou OpenStreetMap.

Premye bagay pou fè se mete foto kat sa sou òdinatè a (fè foto lioubyen eskane li). Si wap fèl avèk kamera fòk ou metel yon kote kiplat anpil tankou sou yon tab, fòk kamera sa ka pran bon kalite foto,epi fòk "Barre Code" la byen parèt. Ann gade desen sa ki anba

Depi ou fin fè demach sa yo, depi foto a sou òdinatè ou wap retounensou sit "Walking-Papers" la http://walking-papers.org. Wap klike sou"Envoi".

24

Page 25: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Wap kilke sou "Parcourir" epi ou pral chwazi foto ou te eskane a koteou te metel la sou òdinatè ou a.

Klike sou "Envoyer".

Lè wap voye "walking-papers" sa ale li ka pran bon ti tan, sa depannde siyal entènèt la, si li fò osnon si li fèb. Depi li fin kopye "walking-papers" la, gen yon lòt paj kap parèt ki gen kesyon sa yo ladann.

Lè yo pozew kesyon "Avez-vous l'intention de la modifier vous-même?" klike sou "non". Lè sa tout moun ap ka wè "walking-papers" ou waepi yap ka sèvi avèk "walking-papers" ou a tou.

Nan ti paj ki anba, ekri kisa ou te pran nan ankèt teren an, ou ka ekrinon kote ou te fè ankèt teren an, epi ki kalte bagay ou te pran nanankèt teren an.

Kilke sou "Enregistrer". Sit entènèt la ap pran bon ti tan pou li verifyeki kalte bagay ou voye ba li a. Si ou te klike sou "non" lè li te pozewkesyon an ou ka fèmen paj entènèt la pi wa retounen lè li fini ak toutdemach yo.

Kòman pou ouvè"walking-papers" la sou JavaOpenStreetMap (JOSM)Lè tout demach yo fini, ou ka sèvi avèk "Walking-Papers" la sou JavaOpenStreetMap (JOSM), sa vle di ou ka sèvi avèl anba enfòmasyonOpenStreetMap (OSM) "Background". Ekri http://walking-papers.orgnan paj entènèt la pou ka Retounen sou sit "walking-papers" la.

Klike sou "Scans".

Wap jwenn "Walking-Papers" ou te voye ale a. Lap parèt konsa.

25

Page 26: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Pou ka fè "walking-papers" la parèt sou JOSM ou dwe kopye sitentènèt la. Wap jwenn li nan tèt paj entènèt la, wap seleksyone li epiwap peze "Ctrl+C" nan klavye a. Men yon egzanp: sa wap kopye a kaparèt konsa http://walking-papers.org/scan.php?id=fmxcgdqd.

ouvè JOSM epi chache kote ki make "Walking Papers" la klike sou li, lèou fin klike sou li wap wè yon kote ki make "Carte Scannée" klike souli tou. Lèw fini wap peze "Ctrl+V" sou klavye òdinatè a pou ka meteadrès entènèt ou fenk sot kopye a, epi klike sou "ok"

Si tout demach demach yo fèt byen, wap wè "walking-papers" laparèt nan JOSM. Nan chapit kap vini an nou pral apran koman pounou fè enfòmasyon sa yo vin reyèl sou OpenStreetMap (OSM).

Si ou pral travay nan menm zòn sa ankò ou dwe fè yon lòt "walking-papers" paske chak jou enfòmasyon yo ap vin plis sou OpenStreetMap(OSM).

26

Page 27: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

7. PRENSIP POU EDITE SOUOPENSTREETMAPSe vre nou konn di nenpòt moun ka edite enfomasyonOpenStreetMap yo, men fòk moun sa konnen kèk tèm kle de baz. Chapit sa pral fèw wè kèk nan tèm wap bezwen konnen poukomanse kontribye.

OpenStreetMap gen plizyè kalite figi/fòm jewometrik: Pwen, Tras,relasyon ak tag.

Pwen: Se yon figi/fòm jewometrik ki gen latitid ak lonjitid. Yon pwenka reprezante yon bagay ki enpotan/ pwen denterè tankou yon pyebwa, yon bwat postal, li ka montrew tou ki kote yon vil ye oubyen kikote yon vilaj ye.

Tras: Se yon liy ou trase avek zouti ki disponib pou sa. Liy/tras sa kareprezante yon wout ki asfalte, yon wout tè ou si non yon ti koridò.

Espas/Sifas: Se yon liy/tras ki fèmen, pwen komansman vinrankontre ak pwen final la. Atansyon tout liy/tras ki fèmen kote pwenkomansman vin rankontre ak pwen final la pa fòseman yonsifas/espas. Tankou won pwen yo, yo se liy/tras femen, men yo pareprezante yon sifas, pandan si espas kote liy/tras ki fèmen an ye a se yon lak ki la alòs li reprezante yon sifas/espas (sifas nan ka sadiferan de matematik).

Relasyon: Yo itilize relasyon pou regwoupe on paket bagay ki relyejewografikman. Li pi fasil pou konprann Relasyon an ke saw sot wèavan yo, men ou pap bezwenl kounyea pou kontribye nanOpenStreetMap. Ou ka itilize Relasyon an pou gwoupe ansanm woutki nan yon sikwi tap-tap. Nan ezamp sa, ou pa bezwen trase wout pousikwi tap-tap sa men wap itilize wout ki deja la nan OpenStreetMappou relye ak estasyon tap-tap ou kreye a. (si wout la pot ko souOpenStreetMap se nòmal pou kreyel...)

Tag: Se de tèm yo met ansam youn rele Kle lòt la rele Valè ke yoitilize pou di ki sa yon figi/fòm ye.

Kle: a di ki sa figi/fom nan ye, tankou yon wout, yon lekòl, yonboutik. Aprèsa nou mete Valè a pou nou bay plis presizyon soufigi/fòm sa. Pa egzanp yon wout Kle (Highway) ka gen pouValè (residentiel, secondaire). Gen yon pakèt ak yon bann Tagki deja egziste nan OSM, men li posib pou kreye pwòp tag pawsiw vle mete yon bagay nan OSM ke pèsonn lòt moun potkomete avan sa. Ou ka mete tout Kle ak tout Valè ou panse ki bonki kòrèk. Anpil nan lojisyel yo propozew kèk tag ke yo plis itilize lèwap edite, sa vin fè edisyon an vinn pi rapid pi fasil tou.

Changeset: Se yon pakèt modifikasyon oubyen yon ansanm detravay ou fè sou OpenStreetMap. Lè ou voye yon travay ale souOpenstreetmap oubyen lè ou fè yon chanjman nan yo Objè kelkonkyo anrejistre yon nan yon ansanm, nan yon gwoup. Gwoup sadisponib sou OpenStreetMap sou kont ou te kreye a. Wap jwenn li nankote ki make "Historique la".

27

Page 28: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

8. METE KAT LA DISPONIBPandan nap fè jefò pou nou mete anpil nouvo enfòmasyon sou"OpenStreetMap (OSM)", ou ka anvi pataje bèl travay ou fè yo nanfòm yon kat gewografik dapre jan lidew diw la. Si tout enfòmasyon oumete yo kòmanse fè kat la bèl ou ta sipoze pataje bèl kat sa ak lòtmoun tou. Chapit sa pral montre ou kòman ou kapab baw yon mounosnon yon òganizasyon kat gewografik sa ke ou fè a.

Pou kòmanse fòk ou konnen ke sit http://openstreetmap.org la ba ouyon mwayen pou itilize "Permalink", sa vle di li tou mete Latitid avèklonjitid la nan adrès entènèt la, konsa lè ou itilize"Permalink" wapjwenn egzakteman zòn ou vle fè yo (moun osnon yon òganizasyon)wè a

Siw vle jwenn bouton "Permalink osnon Shortlink" wap gade a dwat,anba paj entènèt la lè ou sou sit "OpenStreetMap (OSM)".

KÒMAN POU VOYE "PERMALINK OSNONSHORTLINK" Lè ou klike sou "Permalink osnon Shortlink" adrès entènèt la chanje litou bay latitid la ak lonjitid la. Ou ka kopye adrès sa epi ou ka patajelak lòt moun osnon yon òganizasyon si ou vle voyel sou imel li, souforòm, sou blòg elatriye. Pou ka jwen bouton "Permalink" la fòk ouklike sou "voir". Wap jwenn li anwo paj entènèt lahttp://openstreetmap.org

Men kòman "Permalink" lan ap parèt lè ou klike sou li

http://www.openstreetmap.org/index.html?lat=[Latitude]&lon=[Longitude]&zoom=[Niveau dezoom]&layers=[Code de couche]>

Pozisyon (Latitid avèk lonjitid)Nan adrès "Permalink" la Latitid avèk lonjitid la parèt konsa "lat, lon". Pouka mete yon makè sou kat sa wap sèlman mete "m" devan lat avèk devan lonegazanp "mlat, mlon".

ZoomOu ka zoume soti nan 1 rive nan 18. Lè ou nan zoum nivo 1 wap wètout peyi ki sou latè, zoum 18 la ap fèw wè tout enfòmasyon menmyon ti wou a pye. Pou ka met yon makè sou yon peyi li ta bon si ou tamete kat la nan zoum 6, 7 osnon 8.

KouchOu ka chwazi enfòmasyon OpenStreetMap yo nan fòm kouch. Nanchak kouch enfòmasyon yo parèt yon fason ki pa menm.

Kouch M = Sa se kouch ou toujou wè ki parèt lè ou ouvè pajentènèt OpenStreetMap la.

Kouch O = Sa se yon lòt kouch OSMarender yo fè sou aplikasyoneponyme

Kouch C = Sa montrew yon kat ki plis rete sou wout ki fèt poubekàn

Kouch T = Se yon kouch ki fèt pou transpò piblik. Nan kouch sawap wè a klè wout machin, estasyon bis, ak wout pou train.

Kouch Q = Se yon kat ankachèt MapQuest fè men ki ap sèvi.

Pou pi fasil, ou ka klike sou ti siy ki anwo a dwat kat la wap jwennanpil kouch konsa ou ka klike sou ti wonn devan kouch ou vle chwazia. Kouch ou chwazi a ap parèt nan adrès "Permalink" la. Gen kouch kigen pi bèl koulè ke lòt.

Kòman pou fè yon "Shortlink"

28

Page 29: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Siw gade byen wap wè "Permalink" la bay yon adrès oubyen yon sitentènèt ki long anpil paske li bay tout ti detay ki nan kat wap gade a.Siw ta pi renmen jwenn yon adrès ki kout ou ka gade menm kote oute wè "Permalink"wap wè "Shortlink" . Lèw fin chwazi "Shortlink" la,wap ka kopye adrès la pou pataje ak (moun osnon yonòganizasyon).

Men Kòman adrès sa ka parèt: http://osm.org/go/xVvjORC

Si ou fè yon klik dwat sou kat la pou ka metepati ou vle a nan mitan "Shortlink" la ap mete yon "marker" pou ou sou kat la epi lap mete "?m" dèyè adrès la (URL).

Ti adrès (URL) kout sa yo bon anpil sitou lè wap voye yon SMS, lè wapvoye mesaj sou Facebook. twitter elatriye.

Kòman pou mete yon kat nan yon Paj WebSi wap itilize wèb paj ou pou ka montre ki kote biwow ye, makèt ouelatriye sa pral depann de kisa wèb paj sa vle montre,ou sipoze pranyon kòd HTML pou mete sou paj wèb ou a. Konsa, nenpòt moun ka wèkat sa sou telefòn li osnon li ka enprimel tou.

Men kòman pou pran kòd HTML la

1. Sou OpenStreetMap klike sou "Voir" chache kote ou vle montrea byen, metel kote poul byen parèt

2. Klike sou "Exporter". Lè paj la ouvè wap wè yon kote kimake"Format à exporter" wap chwazi kote ki make "HTMLincorporable".

3. Si ou vle mete yon makè sou kat la ki pou di ki kote egzaktemanklike sou opsyon"Ajouter un lien à la carte" epi fè de (2) kilik soukat la pou ka mete makè a epi pou ka mete zòn ki gen pwen annan mitan kat la.

4. Wap wè yon kote ki make "Sortie" wap kopye tout bagay ki ekrianndan ti kare a

5. Kole saw te kopye sou paj wèb la kote ou te vle mete kat la.

Swiv 5 etap sa yo youn dèyè lòt san manke yonn...

29

Page 30: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

KÈK ZOUTI POUEDITE SOUOPENSTREETMAP9. MODIFYE ENFÒMASYON SOU KAT LAAVÈK POTLATCH 210. MODIFYE ENFÒMASYON AK JOSM11. FASON POU EKRI YON NON SOU OSM

30

Page 31: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

9. MODIFYE ENFÒMASYONSOU KAT LA AVÈK POTLATCH 2Kounye a, nou kapab konnen kijan pou nou ajoute enfomasyon souOpenStreetMap avèk editè Potlatch 2. Ou ka itilize li tou sou navigatèweb ou a. Pi devan nou ap bay eksplikasyon sou aplikasyon biwo JOSMnan, ou ap kapab enstale sou odinatè ou a, ak lòt aplikasyon mobilvespucci e mazen.

Potlatch 2 se yon editè OpenStreetMap ki pèmèt ou fè modifikasyonnan baz enfomasyon OSM la. Anvan ou fè edisyon, ou dwe idantifyetèt ou anvan sou OSM ( Jan sa ekri nan chapit anlè a)

Atansyon: Menm lè nou wè Aplikasyon JOSM la nan lang kreyòl.Potlatch 2 poko tradui nan lang kreyòl Ayisyen an.

Nou kapab louvri edit Potlatch 2 nan sit web OpenStreetMap la. Pajaplikasyon sa a ekri an Flash. Nou pa kapab pa gen Flash sou pajentènèt nou. Klike kote nou wè ki make edite a nan komand anlè pajla. Nou ta dwe wè entèfas Potlatch 2 a sou imaj sa a.

ANREJISTRE CHANJMAN NOU FÈ YOAnlè entèfas Potlach 2 a, nou ap wè bouton ki pi enpòtan an:

Anrejistre/Enregistrer. Aprè nou fini fè yon chajman, fòk nou pabliye klike sou

Anrejistre! Bouton asistans la louvri yon fenèt Potlatch 2,

Anile/Defaire efase edisyon nou te fè avan yo, e Refè/Refaire fèdènye chajman nou te fè epi nou te efase avèk bouton Anile yoparèt.

DEPLASE KAT LANou kapab deplase kat la avèk souri. Anmenmtan nou ap kite dwètnou sou bouton gòch souri a

Anlè nan kwen dwat, nou kapap wè twa bouton. Bouton + ak - yopèmèt nou wè imaj pi gwo oubyen nou wè imaj la pi piti. Loup la louvrifenèt lè nou ap chache yon zòn

AJOUTE PWEN D ENTERÈSou pano agoch kat la, nou ap wè plizyè kalte pwen d entrè noukapab ajoute sou kat la.

Pou ajoute yon pwen enterè nou sèlman glise ti ikòn kote ou vle metepwen enterè a sou kat la.

31

Page 32: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Lè nou fini plase pwen enterè a, nou ta dwe wè sou pano goch plizyèonglè ki ap pèmèt nou modifye atribi sou objè yo. Ou kapab toujouedite yon lót lè atribi yon objè pandan ou ap seleksyone li. Ann souliyeonglè ak enfomasyon nou ap antre yo depann de kalte objè a. Anpilnan objè yo gen plis onglè ladan yo.

Kounye a n ap gade onglè ki gen rapó ak magazen mizik (MusicShop). Nan Onglè Basic, nou ap kapab ajoute non magazen an.

Onglè "Details" gen anpil tèks ki ka modifye selon tip objè n ap editea.

Onglè Adress pèmèt nou gen enfomasyon sou adrès postal objè a,ak adrès web li a.

N.B.: ou Ka kreye yon ne pandan nap fè twa klik sou yon espas ki vidnan kat.

KREYE LIYNou ka kreye liy pandan nap klike sou kat la. Premye klik la ap meteyon ne a, lot klik yo ap ajoute lot ne. Fè de klik pou pozisyone dènyene a.

KREYE SIFAS

32

Page 33: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Pou kreye yon sifas, kreye yon liy pandan ou ap swiv prensip nou diavan yo epi fè de klik sou premye ne a pou fini sifas la.

SELEKSYONE OBJÈklike sou yon objè nan kat la, pou seleksyone l e edite l. Objè a ap piklere, pi vizib.

Ou ka menm rive seleksyone plizyè objè ansanm, klike sou objè yopandan ou apiye sou touch "Ctrl" la.

DEPLASE NE (PWEN) YOPou deplase ne yo, klike sou yon objè pou seleksyone l, ou ap wè neyo parèt.

Kounye a, ou ka klike sou yon ne epi rale l nan yon lot pozisyon.

33

Page 34: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Ou ka klike tou sou yon liy epi glise l pou deplase bwat zouti edisyonan.

Ou ta dwe wè anba adwat kat la zouti ki ka deplase yo.

Bwat sa a ap pèmèt nou modifye jewometri objè ki la yo. Ann gadenan tablo sa a enpotans ikón sa yo.

Delete Efase objè ki seleksyone a.

Reverse Vire sans objè ki seleksyone a (OpenStreetMap bayenpotans nan jan ling ak Direction sifas yo trase, saenpotan nan jan lari sans ink yo trase yo)

Split way Koupe liy yo an de moso.

Merge ways Fè de liy ki seleksyone fè youn; fok de liy yogen ne komen.

Straighten way Alinye diferan ne ki nan liy ki seleksyone yo

Make circular Fe zon ou chwazi a vinn anwon

Make right-angled Transfome sifas la pou li ekè

Create parallel way kreye yon liy kot a kot ak yon lot liy ouseleksyone a

GADE NAN KAT JEWOGRAFIK LAAnba bouton zoom yo, nou ka we yon desen loup, fonksyon sa pemetnou jwen yon kote spesyal nan Open Street Map, klike sou bouton saa, yon bwat dyalòg ap ouvè.

Ekri non kote wap cheche a klike Search wap yon lis ki koresponn aksa wap chèche a

34

Page 35: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Selksyone kote ou vle modifye a aprè klike sou Jump to.

OPSYON POTLATCH 2meni anwo adwat Potlatch 2 a genyen bouton sa yo:

Pandan nap klike sou Background nap we yon meni kap paret, poupemet ou mete yon kat anba enfomasyon OpenStreetMap yo. Imajsatelit Bing yo afiche nan Potlatch2.

Pandan nap klike sou stil kat sa nap chwazi style enfomasyonOpenStreetMap.

Pandan nap klike sou Options nap ka chanje lot paramet Potlatch 2.

35

Page 36: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

10. MODIFYE ENFÒMASYONAK JOSMTELECHAJE JOSMJOSM se yon editè OpenStreetMap pou òdinatè biwo. se yon editè oupa bezwen konekte sou entènèt pou pou itilize l. Men, Lojisyèl sa adwe enstale sou òdinatè ou la. JOSM se sig java OpenStreetMap, Liekri nan langaj java a e li nesesite prezans JRE (Java RuntimeEnvironment oubyen Aviwonnman pou reyalize java). Si li pokoenstale sou òdinatè ou la, ou ka telechaje JRE sou sit saa: http://www.java.com/fr/download.

Sa se ekran demaraj JOSM nan.

ENSTALE JOSMChapit sa a bay anpil detay sou fason pou telechaje oubyen enstaleJOSM, mosopamoso. Nou pral wè tou premye bagay pou fè poukonfigiire l pou fè l vin pi senp pou itilize. Pou fini, nou pral telechajeyon kat ki senp e nou pral wè premye fonks

Yon lojisyèl yo genyen.

Nan navigatè web ou pi renmen an, ale sou sit JOSM nanhttp://josm.openstreetmap.de. Ou ka tou pwofite chache JOSM nanyon motè rechèch.

Sit web JOSM nan( vèsyon fransè)

Si ou ap itilize windows, klike sou "L’Installateur JOSM pourWindows" pou telechaje JOSM. Si ou ap itilize yon lot sistèmeksplwatasyon, klike sou sit entenet ki apwopriye a. Telechajman tadwe komanse.

An jeneral, JOSM fonksyone menm jan ak lot sistem eksplwatasyonyo, sof faz enstalasyon an. Nou ap bay detay sou ka sa yo sinesesèChache fichye enstalasyon JOSM nan sou dikedi ou la. Fè de klik sou li poudemare enstalasyon lan.

Ou dwe gen pou pi piti v èsyon 6 Java sou sistèm ou an pou JOSM nanfonksyone.

Anba Windows la, sa k ap fè enstalasyon an ap fè ou chwazi lang lan,epi l ap afiche ekran ak èy la. Klike sou suivan/Suivant epi sou "je suisd'accord" pou aksepte lisans lan. Apre sa, ou ka chwazi sa ou vle a.Pou fini, chwazi wout enstalasyon an epi klike sou enstale. Lèenstalasyon an fini, klike sou suivan/Suivant epi sou "terminer" poulanse JOSM nan. Apre, lè ou vle lanse JOSM yon lot fwa, Ou prale nanmeni demare, epi klike sou ikón JOSM nan.

Sou Mac OS X, Klike de fwa sou fichye a pou louvri l, epi klike de fwasou fichye Aplikasyon an pou lanse JOSM.

Sa ka rive ou wè fenèt k ap pwopoze ou renouvle Lojisyèl la. Ou p apbezwen sa, paske enstasyon an fèk fèt: Klike sou bouton "Abandon".Si ou pa vle wè mesj la, koche ti kare anba avan ou fè sa.

Ekran demaraj JOSM nan sanble ak sa a:

36

Page 37: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

PREMYE DESEN NAN JOSMAnn louvri fichye OSM nan kounye a pou n ka w.

è premye desen yo nan JOSM. Ann souliye kat sa a pa reyèl, nan sans se pa yon vrè kat yon kote ki te egziste deja. nou p ap anrejistre nanOpenStreetMap.

Navigatè ou la la, ale nan adrès sa: epi anrejistre fichye sa a soudiskedi ou la.

Kounye a, ann louvri fichye JOSM sa a. Lanse JOSM, epi klike soubouton louvri a ki anwo agoch la.

Jwenn fichye Sample.osm nan, seleksyone li epi klike soulouvri/Ouvrir. ou ka wè yon kat kom egzanp, nan tip sa.

Egzanp fichye (sample) OpenStreetMap

37

Page 38: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Premye Operasyon Pou deplase kat la nan kat direksyon, apiye sou bouton adwat souri a,epi souri a.

Gen plizyè fason pou rale oubyen pouse imaj la sou kat la. Avèk souria, molèt la ap fè sa. Ou ka itlize tou echèl ki anwo agoch kote desenan ye a: Peze sou li ak bouton goch.

Gade objè fichye egzanp sa yo. genyen kèk objè ki reprezante: yonlarivyè, Forè, kèk kay, plizyè, wout ak plizyè kèk magazen. Pouseleksyone yon objè, anlè avèk bouton goch la.

PWEN, LING AK SIFASPandan ou ap klike sou diferan objè sou kat la, ou ka note gen twa tipdiferan; ne yo, ling yo, sifas yo (poligonal).

Ne yo se objè ki toujou la, se senbol ki reprezante yo. nan egzanp saa, gen de ne: yon magazen rad (yon mayo reprezante l) e yonsipèmache (yon kadi reprezante l).

Ou kapab tou wè plizyè ling sou kat la, ling sa yo reprezante wout. Lèou gade pi pre, ou ka wè wout prensipal la gen plizyè ti moso, se neyo ki limit yo. Ne sa yo pa gen senbol oubyen lot enfomasyon kimache ak li: yo sèvi sèlman pou defini ling ki reprezante wout la.

Pou fini, gen tout kalte ling ki fèmen sou kat la, ki reprezante diferanobjè yo: yon forv, yon pati nan yon larivyè ak kay yo. yon ling kifèmenreprezante yon sifas an jeneral, tankou yon jaden oubyen yonyon kay. Yon ling fèmen ki gen plizyè segman,li menm jan ak yonling, sèl diferans yo genyen dènye pwen Ling nan fv yon ak premyepwen an.

Ou ka remake lè ou seleksyone yon objè, yon lis parèt adwat nan patiki rele atribi a. Eleman ki nan lis sa a yo rele atribi (Tags an anglè). Seenfomasyon ki gen rapò ak objè a (ne, ling, oubyen sifas) ki pou dekril. kounye a, ou bezwen konnen enfomasyon sa a pèmvt nou presize siobjè se yon forè, yon larivyè, yon kay, oubyen lot bagay.

MODIFYE OBJÈ YOSeleksyone forè a, agoch kat la. Atansyon byen klike sou ling kiantoure objè a men pinga ou klike sou yon ang. Kounye a, pezebouton goch souri a san ou pa lage l : ou ap ka deplase forè a sou katla.

Klike kounye a sou youn nan ang yo kote l fini an. Kenbe epi pezebouton goch la souri : ou ap deplase pwen sa a. Se konsa ou kamodifye fòm yon objè oubyen deplase yon pwen.

Kolonn agoch JOSM nan fèt ak bouton. Anpil ladan yo louvri lot fenètsou kote dwat la pou afiche plis enfomasyon sou kat la. Men, sa yo piitilize yo se kat bouton anwo yo: yo modifye aksyon souri a ap fè a,pandan y ap pèmèt ou:

Seleksyone

Desine

Fè zoom

Efase

Jiskounye a, ou te itilize zouti seleksyon ki sanble ak sa a:

Anvan ou fè desen, asire ou pa gen anyen ki seleksyone: klike sou pati nwa kat la, kote ki pagen anyen anyen.

Klike sou dezyèm bouton an, zouti pou fè desen.

38

Page 39: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Mete souri a sou yon pati ki vid nan kat la epi klike de fwa : fè desen yon pwen poukont li.

Pou desine yon ling, klike yon fwa, deplase souri a epi klike yon lot fwa anko.Kontinye mete segman jiskaske fom ou bezwen an parèt, epi fè de klik sou premyepwen nan ling nan.

Pou desine yon sifas, se menm bagay la, pou fe sa ou dwe fe de klik sou premyepwen an.

Ajoute atribi yo

Kounye a nou konn trase pwen, ling ak sifas, men nou pokodefin sa yo reprezante.Nou vle di pwen yo se magazen yo ye, lekòl oubyen lòt bagay, epi yo se ling tou,wout ak sifas, forè, paregzanp.

Klike sou bouton seleksyon an.

Seleksyone youn nan objè ou te desine yo ak pwòp men pa ou. Klike sou meniAtribi/Attribut epi seleksyone avèk souri a sa ou ta ta renmen defini an pandan ou apitilize sa ki andan meni an.

Lè ou klike sou yon modèl atribi, yon bwat dyalòg parèt, ou ka ranpli avèk lòtenfòmasyon. Ou pa oblije ranpli tout sa ki ladan l, men li ta toujou bon pou ranpli saki pi enpòtan yo tankou non objè a.

Lè ou fin antre enfòmasyon yo, klike sou Aplike atribi/Appliquer les attributs. Si toutbagay fèt byen, objè ou la ap chanje koulè oubyen ap gen yon senbòl afiche sou li.

Fè kat pa ou la

Mete kat la lwen objè egzanp yo: kenbe outon dwat souri a epi deplase souri jiskaskeou jwenn yon zòn vid pou, modifye.

Itilize zouti pou fè desen an pou ou ka kreye lòt pwen, lòt si yak lòt fòm. Epi ale nanatribi pou ka dekri objè a.

Lè ou fini, ou déjà gen kat pa ou la ki sanble ak egzanp nou te bay nan fichyesample.osm nan.

MODIFYE OPENSTEETMAPNan pati sa a, nou pral aprann kijan pou modifye enfòmasyon OpenStreetMap yo epikijan pou ajoute sa nou fè yo. Men premye demach nan katografi OpenStreetMap la.

Etap 1 : Telechaje Pran enfòmasyon ki fèk tonbe yo nan OpenStreetMap yo.

Etap 2: Modifye Modifye kat la pandan ou ap itilize enfòmasyon ou gen dwa pou itlizeyo(paregzanp : imaj yo pran anlè yo, tras GPS yo, oubyen nòt yo ekri sou yon «walking paper ».

Etap 3: AnrejistreVoye Chanjman ou fè yo sou OpenStreetMap.

AVAN OU KÒMANSE : PREPARE JOSM

Lè ou sou windows, klike ou meni demaraj la anba agoch epi ale sou ikón JOSM nan.Si ou sou Mac, fè dech klik sou aplikasyon JOSM nan pou lanse.

Apre sa, telechaje tout kouch ki koresponn ak sous enfòmasyon yo(imaj yo pran anlèyo, tras GPX yo, oubyen nòt yo ekri sou yon « walking paper »). Ou pa oblije louvritout sa yo anmenmtan, kanmenm ou ka fè sa.

Si ou pran yon foto pandan ou soti avèk GPS la, ou ka mete foto sa yo sou kat la. Nanblok kouch (layers) ki anwo agoch ekran an, ou ap jwenn lis fichye gpx ki koresponnak tras GPS la. Fè yon klik dwa sou li epi seleksyone Importer des Images nan meniki ap dewoule a. Seleksyone repètwa foto yo ye, epi sou louvri/Ouvrir. Depi foto finkopye, yo ap parèt sou tras fenè t prensipal la, epi ap gen yon lot kouchenfomasyon"Images géoréférencées" k ap parèt nan blok kouch la anwo adwat fenètla. si foto yo pa ta nan bon plas yo, sa kapab gen rapo ak yon pwoblèmsenkwonizasyon aparèy foto a, sa vle di li dwe gen menm lè ak GPS la. Ou ka korijedefo sa si ou fè yon klik dwa sou kouch "Images géoréférencées" epi senkwonize lè aavèk lè GPS la, epi ou ap jwenn foto ki montre ekri GPS la. Endike lè ki afiche sou fotoa yo, fok ou sonje dekalaj lè a parapo a lè inivèsèl la. sa a ap mete tout foto yo nanplas yo sou kat la.

Telechaje enfomasyon OSM yoAvan ou modifye kat la, nou dwe telechaje enfomasyon ki egziste nan zòn ou sible a.Pou fè sa, ou dwe konekte sou entènèt.

Lè ou louvri tras gpx oubyen walking paper ou la, fenèt presipal la ap tou pwente soubon kwodone yo. Le ou fin louvri fichye ou, gade nan kwen anba a agoch nan JOSMnan. Ou ap jwenn kwodone avèk souri ou la an latitid e an lonjitid.

39

Page 40: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Menm jan fenèt Katografik la montre kote ki modifye a, li fasil poutelechaje enfomasyon enpotan yo. Nan meni JOSM nan, l ap pi senpsi ou itilize bouton telechajman an ki anba meni an:

Lè ou fenèt la louvri, ou ta dwe wè yon ka avèk yon yon rektangwoz ki pa fin twò parèt. Si sa pa ta fèt, klike sou onglè ki ekri "Carteglissante" lan.

Rektang woz la reprezante zòn enfomasyon ou ap telechaje a. si oupa deplase kote ou te wè a apre ou fin kopye fichye a (GPS oubyewalking paper), rektang lan ta dwe kouvri apti ou te pran an. Men siou vle telechaje yon lot zòn ki pi gwo, ou ka desine yon lot rektang:klike sou kat la, Peze bouton goch souri a epi deplase souri a poudelimite rektang ou a. Lage bouton an pou valide zòn.

Lè ou fin nan zòn ou chwazi a, klike sou bouton Telechaje/Telecharger anba a nanfenèt la. JOSM ap rekipere enfomasyon yo sou sèvè OpenStreetMap la epi reprezanteyo nan pati katografi a pou modifye yo.

Edite enfomasyon yoApre sa, modifye kat la epi ajoute lot objè yo. Sa pa toujou fasil lè ouap komanse, men ou prale rapid.

Si ou vle deplase yon pwen, yon ling oubyen yon fom, itlize zoutiseleksyon an. Klike sou yon objè epi rale l mete l nan plas li. Se fasilpou mete yo nan plas yo.

Itilize zouti pou fè desen an pou trase lot ne, liy ak sifas. Dekri objè sayo avèk meni atribi/Attributs.

Sonje tras GPS ak walking papers ou la p ap tou alimanteOpenStreetMap. Ou dwe ajoute l ak men ou sou kat OSM nan pandanou ap itilize zout desn an. Men enfomasyon (tras ak GPS yo, WalkingPapers) sou fon an pou gide ou.

Ann imajine nou te pran yon pwen d entere. (waypoint) nan GPS nousou nimewo 030, epi nou te note nan kaye nou 030 se yon lekol. Poumete obje sa nan OpenStreetMap, noub dwe seleksyone zouti desenan epi klike de fwa sou pwen 030 nan fenet katografik la. Sa ap kreyeyon pwen nan kouch enfomasyon. Apre, ou ap louvri meniatribi/Attributs epi ou ap jwenn mwayen pou mete enfomasyon pouyon lekol. Nan fomilè a, antre non lekol la epi aplike. Fè menm jan an pou liy aklot fom yo. fin

Voye ale chanjman yoLè ou fin fè kèk modifikasyon pou amelyore kat la, se moman pou voye enfomasyonsou OpenStreetMap. Nan meni prensipal la, klike sou Fichier>Envoyer lesdonnees, pou louvri fenèt pou voe l ale. Pou pi fasil, ou ka klike sou bouton sa a poulouvri l:

40

Page 41: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Fenèt ki parèt la ap afiche lis objè ou te ajoute oubyen modifye yo ak tout sa ou teefase yo, lè ou t ap travay sou odinatè ou la. nan sa ki anba yo yo, aplikasyon apmande pou antre yon komantè ki gen rapo ak chanjman ou te fè yo. Li enpotan anpilpou bay rezon ou te fèe sa (operasyon ou te fè yo, rezon ou te modifye l la,..).

Klike sou Envoyer les changements.

Lè ou fenk eseye voyel ale, aplikasyon ap mande ou antre non itilizatè ou ak modpasou te kreye nan chapit 2 a. Si ou koche kare awopriye a, enfomasyon sa ap anrejistrena lokal epi ou p ap gen pou bay yo apre. Klike kounye sou identifye ou/s'identifier.

Ou dwe tann kèk segonn pase pou li ale nèt, epi se fini: ou te fè premye modifikasyonnan OpenStreetMap! Ou ka kontinye edisyon an pou ajoute lot enfomasyon si ou vle.asire ou toujou voye enfomasyon ou yo avan ou femen JOSM nan.

Wè chanjman ou fè sou kat la.Louvri navigatè la sou openstreetmap.org. Ale sou zon ou vle modifye a. Ou ta dwewè chanjman an parèt sou kat la. Osnon, eseye "Ctrl+R" pou rafrechi paj web la.Pafwa kat la pa tou renouvle epi ou dwe revoye l. Si ou pa wè chanjman an? Paenkyete ou: sa ka pran yon ti tan pou chanjman yo parèt sou kat la. Pa pè verifyemodifikasyon yo nan JOSM pou asire ou yo ajoute komsadwa. Si pwen ou lan gen yonikón nan JOSM, Ou ta dwe ka wè l sou sit OpenStreetMap la.

POU ANTRE PI FON NAN JOSM.

Kounye a ou konnen koman ou ka itilize JOSM, nou pral bay plis detay sou jan kèklojisyèl fonksyone, pou ka byen konprann.

Fonksyonalite itil JOSM

JOSM nan gen anpil fonksyonalite. Ou deja abitye ak fenet prensipal la. (osnon fenetkatgrafik), kote aksyon prensipal la ap fèt! Se la ou ap gade epi modifye enfomasyonOpenStreetMap la.

41

Page 42: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

nan fenèt prensipal la, li detaye nan blok seleksyon ak atribi a. Non moun ki te kreyel la ap afiche tou, nan blok Moun ki te fè l la.

Sou kote goch la, ou ap jwenn plizyè trè zouti k ap pwopoze plizyè bouton. Anwo, ouap jwenn bouton prensipal yo, sa k ap pèmèt ou chanje mod itilizasyon souri a. Oudeja konnen de premye yo: Seleksyon ak Desen. lot yo se zouti pou fè zoom, pouefase, pou kreye sifas epi kreye liy paralèl.

Anba, ou ap jwenn anpil lot bouton. Bouton sa yo soun kote dwat la. Ou ka louvri epifèmen blok ki adwat la.

Kal JOSM nan

Si ou poko fè l, louvri fichye GPS ou eoi telechaje enfomasyon OenStreetMap yo. Ouremake chak fwa ou louvri yon fichye, telechaje enfomasyon, elatriye. yon item apajoute nan lis kal la. Blok sa a sanble ak imaj sa a.

Chak item nan lis sa a reprezante yon sous enfomasyon ki louvri fenèt katografik la.Nan egzanp sa a"kal enfomasyon 1" li gen enfomasyon OpenStreetMap ki te edite."Makè" se lis pwen d enterè (waypoints) GPS la epi "30-jen-2011.gpx" se tras gpsla.walking papers" la se yon kouch ki te kreye lè yo t ap ajoute walking paper nanJOSM nan

Ou ka ajoute kal imajri ki fet anlè (satelit) Bing, nou ap klike sou m, ". Imagerie >Bing Sat.

Pou kache yon kal ki afiche, ou ap selman klike sou bouton Afiche/Kache(Afficher/Masquer),

Ou ta dwe wè kal ki gen rapò ak fenèt prensipal la. yon lòt klik ap fè l parèt ankò. Ou kafèmen kal pandan ou ap itlize bouton siprime a:

Pou fini, ou dwe konnen ou ka modifye kal JOSM chwazi pou aktif la. Si editè aanpeche yo modifye kat la nan fenèt prensipal la, sa ka rive ou pat aktive kal ki bonan. Anpil nan kal sa yo, tankou GPS ak walking paers ak imajri satelit pa ka modifye.sèlman kal OpenStreetMap yo ki ka fè sa, yo toujou rele yo"Kal enfomasyon 1(Calquede donnees1). Pou aktive yon kal, seleksyone li nan lis epi klike sou bouton Aktive:

JOSM gen kèk zouti anplis kap fasilite ou trase liy ak fò m. Zouti sa yo wap jwenn yonan lis zouti yo ki anwo nan JOSM nan.

Pou travay ak lis sa yo ou chwazi yon desen (pwen,liy, oubyen zòn) ki nan karewap travay la. Travay zouti sa yo fè ki pi enpòtan yo se :

Anrejistre fichye OSM:

Pafwa lè ou fin chaje enfomasyon OSM yo, ou pito anrejistre li sou machin ou an pou kamodifye li lè ou dekonekte (off-line), epi ou voye li apre fin konekte sou entènèt. Pouanrejistre yon fichye JOSM, ou dwe komanse verifye kal ki gen rapo ak li a, epi klike sou menifichye>anrejistre (Fichier > Enregistrer). Ou ka tou itilize bouton rakousi a.

Chwazi yon kote pou mete yon non pou fichye ou la sou diskedi a, fichye ou la ap anrejistrekonsa:Non.OSM" meni fichye > louvri fichye (menu: Fichier > Ouvrir un fichier).

ZOUTI ANPLIS POU FÈ DESEN Koupe: Pèmèt ou koupe yon liy fè de. Li itil lè wap mete plizyè tag ki pa menmsou yon Sèl wout (limit vitès pa egzanp). Pou itilize zouti sa ou dwe chwazikote liy nan ou ap koupe a.Fizyone: Sa se kontrè koupe. Pou fè de liy fè youn, yo dwe rankontre nan yonmenm pwen. Pou itlize zouti sa, ou dwe chwazi tou de liy sa yo. Ou kapabchwazi tou plizyè liy men fòk ou kenbe touch kontwòl la (Ctrl) ki sou klavye aepi klike sou chak liy yo.

Chanje direksyon: Sa li menm li chanje direksyon liy la. Si liy ou a se yon wout yon sèl direksyon oubyen yon rivyè ou kapab toujou bezwen chanje direksyon.Nan lòt ka yo sa pa gen twòp enpòtans.

Semplifye: Si liy ou a genyen twòp pwen sou li zouti sa fèl vin pi senp pou kontli.Mete tout pwen yo sou fòm yon won: Si wap eseye trase yon desen ki gen fòmyon won

(yon wonpwen), eseye fè yon liy an won pi byen pase jan ou kapab epi itilizezouti sa:lap ranje pwen sa yo tankou yon bon won.Mete pwen yo youn dèyè lòt: zouti sa kapab mete yon pakèt pwen sou yon liydwat.

Fè yon fòm kare: zouti sa itil anpil nan trase kay oubyen teren espò avèk toupou fè desen yon zòn ki gen kat pwent byen kare.

Atribi (tag)

Lè wap trase yon desen (pwen,liy,ak zòn), ou bay fòm li men ou pa di kisa li ye. Ou kadi tou ou konn kote li ye men ou pa konn sa li ye. Jiskounya nap itilize tag pou di kisayon desen ye.

42

Page 43: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Sèl fason pou di kisa yon desen ye nan OpenStreetMap se ak atridi (tag). Yon tagse yon etikèt ou kole nan yon bagay. Egzanp sim fè yon kare,se sèlman yon kare.Men mw kapab mete plizyè atribi sou li aprè pou di kisa li ye:

Kare sa se yon kay (building) Non an (name) kay sa se "Mache Kwabosal" Kay sa gen de (2) etaj (levels)

Sou yon desen ou kapab mete valè atribi ou vle. Chak tag sa yo anrejistre tankouse yon pè mo, kle (key) ak valè (value).Tout eksplikasyon anlè yo tradui konsa(pabliye kle yo ak valè yo toujou an anglè):

building = yes name = Mache Kwabosalbuilding:levels = 2

Lè ou klike sou yon desen sou JOSM, ou ka wè tout tag li yo nan fenèt tagyo (properties).

Ou ka mete, chanje ak efase tag nan fenèt sa. Nòmalman tout tag yo toujou ananglè. Se sak fè lap pi fasil pou ou ale nan lis presèt yo.

Pou travay pi rapid ak klavye a:

Pafwa li Nuizib pou ou ap klike sou tout lis JOSM yo. Erezman genyen fason pou alepi rapid sou klavye pou fè travay nou pi konnen yo e menm lòt travay nou pa tèlmanfè.Men kèk rakousi nou pi itilize:

.s - itilize zouti pou chwazi

.a - itilize zouti pou fè desen

.z - itilize zouti pou fè zoum

.+ (plis) - pou fè zoum sou imaj la

.- (mwens) - pou dezoume sou imaj la

.p - koupe yon liy an de.

.c - fè de liy fè youn

.o - fè plizyè pwen tounen won

.l - mete plizyè liy youn dèyè lòt

.q - fè kare

Si ou bezwen plis detay sou tout chemen kout sou klavye a wap jwenn li nan sit JOSM

nan: http://josm.openstreetmap.de/wiki/Fr:Shortcuts

43

Page 44: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

11. FASON POU EKRI YONNON SOU OSMKisa yon non ye?

Yon non se mwayen yo rekonèt nenpòt ki bagay pa egzanp, yonmoun: Junior, yon zòn: Delmas, yon ri: Pivert, elatriye.

Nan OSM, menm jan ak nan règ gramè a, nou dwe kòmanse tout nonnou ap ekri ak lèt majiskil.

Pa egzanp : Gonaïves oubyen Gonayiv.

Menm jan nou tout konnen gen plizyè tip non :

Non senpNon konpozeGen sig

Non senp :

Se yon non ki ekri ak yon sèl mo. Yon non senp toujou kòmanse ak yon lètmajiskil:

Delmas, Gonaïves, Titanyen, Jamaïques, elatriye.

Non konpoze :

Non sa yo se non yon sèl bagay men ki ekri an plizyè mo. Chak mo sayo ka separe ak yon tirè, yon atik oubyen yon atik ak yonprepozisyon (non an fransè).

Non ak tirè yo toujou kòmanse ak majiskil, sèl si yo gen yon atikoubyen yon prepozisyon nan mitan, pa egzanp: Port-au-Prince, Saint-Marc,

44

Page 45: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

ITILIZE KAT LA NONREYALITE A12. ITILIZE ENFÒMASYON OSM YO SOUTEREN13. VERIFYE ENFOMASYON OSM YO14. KONPRANN ESTRIKTI ENFOMASYONOPENSTREETMAP

45

Page 46: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

12. ITILIZE ENFÒMASYONOSM YO SOU TERENYo pa itilize enfòmasyon gewografik sèlman devan odinatè men nouka itilize yo pou gide sou wout, nan vil nap vizite yo. Lè sa nou kapabgenyen yo sou GPS oubyen yon telefòn selilè. Enfòmasyon yo lib, nouka itiliwe zoute kite la deja pou nou konvèti yo nan lòt fòma e ka alesou lòt periferik, nou ka enprime yo tou. Nan chapit sa nou pralmontre plizyè fason nou ka fè sa.

JWENN POZISYON AVÈK OPENSTREETMAPNou kapab sèvi ak Open street Map pou nou kreye fichye ak GPSgamin la e menn li yo, nou ka fè l ak gàm eTrex ak Nüvi. Nan pati sanap telechaje enfòmasyon yon zòn OSM ke yo te konvèti deja mete lsou kat SD GPS gamin la e nou ka sèvi ak yo kòm gid sou wout. Liposib tou pou nou konvèti enfòmasyon OSM yo nan fòma gamin mensa pa nan nivo liv sa men si nou bezwen sa nou ka al sou paj wikihttp://wiki.openstreetmap.org/wiki/FR:OSM_Map_On_Garmin (enfrançais).

Nou kapab kòmanse vizite sit gamin la kisehttp://garmin.openstreetmap.nl/

Nou kapab wè kat monn lan ke yo divize an san pati konsa ki gen fòmrektang wap wè sis lis ki ka defile. Chak kontinan gen yon lis, pakontinan Amerik la separe an de pati kise Amerik Nò ak Amerik Sid.

A pati lis ki ka defile sa yo, nou ka chwazi zòn geografik ke w vle metesou gamin la. Chak rektang yo pèmèt nou we Zòn k kouvri yo. Lè wwè vrèman se zòn ou vle a ekri emel ou kote ki make "EmailAddress" la anlè a goch paj la aprè klike sou bouton ki di "Build mymap" pou n mande enfòmasyon nou vle yo.

Wap jwenn yon mesaj kap di ou men kòman pou suiv demach yo eyap di ou tou nan konbyen tan konsa wap jwenn sa ou te mande a.Aprè lè yo fin rasanble enfòmasyon yo, sistèm nan ap voye yon lòtmesaj ki gen yon sit entènèt ak fason pou ou itilize enfòmasyon yo.Nou kapab itilize sit entènet sa "osm_routable_gmapsupp.zip"poutelechaje fichye OSM yo sou machin nou.

Fichye nou te sot telechaje a zip fok nou dezipe li pou nou jwenn yon nouvo fichye kise "gmapsupp.img". Nou kapab kopye fichye sa nandosye espesyal ki sou kat SG GPS la pou l ka monte sou GPS gsmin la.

Ale sou paj meni ki sou GPS la klike sou entèfas e aktive mòd"stockage de masse" (mass storage mode), pran kab GPS ou tèt ki pitia foure nan GPS la, mete lòt bout la nan òdinatè a, lap monte sou GPSa kòm yon sipò egzanp yon dyonp konsa. Kopye fichye"gmapsupp.img" nan ''folder'' "Garmin" nou te kreye a.

Nou ka etenn GPS la epi retire kag USB a. Lè nou relimen GPS la napjwenn kat nou sot mete a ki gen enfòmasyon OSM yo. Felisitasyon.

ENPRIME PLAN YON VIL SOUOPENSTREETMAPGen lòt fason nou ka itilize OSM, nou ka enprime yon kat e sèvi avè lpou nou deplase. Nou wè Walking Papers deja, li ban nou posiblitepou note sou li enfòmasyon ki pat la e mete yo sou kat OSM la.Kounye a nou pral montre yon sèvis ki diferan de lòt yo ki kreye planegzanp plan vil kòm si se bagay moun we nan dòmi:

Ale sou sit entenet sa: http://maposmatic.org/ li pemet nou kreye ka.

46

Page 47: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Klike sou bouton "Créer une carte". Pou nou kòmanse nou dweprezize zòn nou vle a, gen de jan nou ka fè sa. Premyèman, nou kachwazi yon vi l ki anndan chan "Nom de la ville". Dezyèmman nou kachwazi "Zone géographique". Sa ap ede nou chwazi yon rektang(zòn)ki sou ''carte glissante OpenStreetMap''. Prese "Ctrl" kenbe l eseleksyone tout rektang la, lè w fini klike sou bouton "Générer".

Yon nouvèl paj ap parèt lap di w kòman chajman ap avanse lapkontinye chaje enfòmasyon tanzantan jis li fini. Lè l fini gen yon imaj"Succès" kap parèt sa vle di ke ou kapab telechaje kat la. si siyalentènèt la tonbe li pa ka fin chaje kat la nou ka ale souhttp://maposmatic.org/jobs/ pou ka wè jan chajman tout kat yo apavanse e pa nou an tou.

Denyè plan ap prezante an de moso. Nou ka telechaje chak moso sayo sou twa fòma: PNG, SVG ak PDF selon sa w bezwen, sa kap pi fasilpou w enprime epi ki pèmèt ou pote chanjman.

Felisitasyon dèske nou te itlize enfòmasyon OSM yo pou nou te kreyeplan pa nou. Si nou wè gen bagay plan nou an manke nou met ajouteepi refe plan aprè.

KAT KI AN LIY KI SOU TELEFÒNKounye gen seri telefòn ki pisan anpil, nou ka mete OpenStreetMapsou yo. Gen anpil sous lib pou platefòm mobil yo. Pi gwo bagayOpenStreetMap fè se pèmèt nou telechaje yon kat konsève li, sèviavèk li menn si nou yon kote ki pa gen entènèt ditou sa anpil zouti kianfas li pa ka fè. Pou nou ka konnen plis sou selilè kap itilize OSM alesou sit sa http://wiki.openstreetmap.org/wiki/Software/Mobile.

Nou pral detaye youn la dan yo, sa ki pou Android la : OsmAnd. Seyon aplikasyon ki pèmèt nou al sou entènèt, ki kapab gide nou (turn-by-turn), nou ka sèvi avèk li lè gen siyal entènèt ni le pa genyen. ProjeOsmAnd vle bay tout moun chans navige sou entènèt gratis se sa kifè li itilize enfòmasyon OSM yo.

KÒMAN ENSTALE OSMAND SOU TELEFÒNANDROID

47

Page 48: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

1. Ale sou sit entènèt sa ak telefòn nou osnon ak odinatè nouhttp://osmand.net/ klike sou bouton "Installation" ki agoch paj.

2. Klike sou premye vèsyon ki gratis la (free version), oubyen nouka eskane QR ki se yon kòd asosye pou kòmanse telechajmandepi Android Market.

3. Lè li fin entale, lanse li. Klike sou Paramètres. Ouvè Donnéeshors-ligne epi klike sou Télécharger. Aprè kèk sekond nou kawè lis fichye nou ka telechaje yo. Nou ka ekri non peyi nou, nondepatman nou. nou ka jwenn enfòmasyon sou yon zòn ke nouswete. lè nou fin make fichye nou vle a, klike sou Téléchargeranba ekran.

4. Nou ka telechaje li, konsève li. nou ka enstale li san entènèt.Felisitasyon nou ka itilize OpenStreetMap sou telefòn nou(smartphone).

48

Page 49: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

13. VERIFYE ENFOMASYONOSM YOKòm nenpòt moun ka modifye baz done OpenStreetMap la , li posibke enfòmasyon yo pa egzat, gen vye remak bwèf.OpenStreetMaptoujou ap chanje. Li nòmal ke enfòmasyon sa a ap klarifye sou tan,gras a nouvo done ki disponib epi tou ak konesans amater espesifiknan domèn nan.

VERIFYE KALITE DONE OPENSTREETMAPYOPa gen moun ki soti nan iminitè distrè. Erè sa ka deranje vi aplikasyonyo ki baze sou OpenStreetMap. Pou evite sa yo, epi asire done piegzat ke posib, plizyè kalite zouti kontwòl yo te aplike. Zouti sa yo kikonplemantè. Ou pwal pwobableman jwenn kèk analiz enteresan nanchak nan yo. Kòm ou te dekouvri OpenStreetMap, ou ka li evokasyonkoreksyon nan scripts yo, konnen tou kòm 'robo'. Itilizasyon yo pakouvri pa travay sa a. Pa gen anyen ki anpeche itilize zouti sa yo, menli mande pou yon konesans sou bon jan fonksyonman OSM ak nankou yon preparasyon parfèt pa la peche prejidis a. Itilize scripts genkritik li yo ak septik. Li fèt pou li konvenk nan ekzaktitid ak nanapwòch la. Lè w gen dout, kite li deyò epi yo jis asire w ke ou fèkoreksyon manyèl.

OSM ENSPEKTÈOSM enspektè a pwopoze wè enfòmasyon espesifik URL:http://tools.geofabrik.de/osmi/ Adrès kouch: Adrès yo fe pati nanenfòmasyon ke yo itilize pou anpil aplikasyon (GPS, repèrtwar...). Avèkkouch enfòmasyon wan, ou ka tcheke adrès yo ke ou ap enfòme nanyon fason ki ka efektivman rekonèt. Selon pwoblèm kouch wout yo:Kouch sa prezante rezilta yo de yon analiz ki montre ke fen onchemen trè proch ak yon lòt seksyon, men ki pa konekte. Tou depankonesans ou sou lokal yo, verifye pa yon foto ki fet anle, ou kadetèmine si chanèl yo de dwe aktyèlman konekte. Si se pa ka sa, ouka ajoute atribi nan "noexit = wi» nan ne tèminal nan segman ki pakonekte.

Validate JOSMJOSM gen yon zouti eskanè ki pral kontwole done wap edite sou JOSMyo, ak mete aksan sou kèk erè komen. Zouti sa gen avantaj pou li teprezan nan JOSM a editè debaz yo, malgre li pa detekte anpil kaliteerè ki fèt tankou osmoz, ki se yon zouti anplis. Menm si ou sèvi akJOSM san yo pa fe ka de validate yo, li posib ke sa manifeste deja.Vreman vre, anvan yo voye chanjman sou sèvè OpenStreetMap,validate ya analize tout objè ki chanje , epi si li jwenn ere, li montreyon bwat dyalòg poul avèti nou. Validate a prezante sou fòm yonfenèt sou bò dwat editè a. Pou w gade li, ale nan meni an epi chwaziFenèt Rezilta ki valide ya. Fenèt sa a kapab montre erè yo ki yo tejwenn nan done yo apre validation. Si ou klike sou Valide done yo e pagen okenn objè ki chwazi, tout done yo prezante nan kouch la pralanalize. Si wap travay sou yon zòn ki gen anpil objè, tankou yon distriiben ki gen anpil kay, analiz la ka long anpil. Olye de sa, si ou techwazi yon kantite objè, se sèlman yomenm ki pral analize.

ITO MapIto Sèvis Kat se yon kouvri ekspozisyon done devlope pa Mondyal Ito.URL: http://www.itoworld.com/product/data/ito_map/main li genKouvèti mondyal. Li pemet nou mete aksan sou anpil kouchenfòmasyon ki 'kache' sou OpenStreetMap la. Kache nan sans ke sepa enfòmasyon ke yo pral bay valè ni rann klasik . Objektif la seamelyore bon jan kalite nan kat la, sa ki pèmèt nou tcheke konsistansnan enfòmasyon sou gwo zòn yo, pou zòn espesifik. Zòn sa yo yo se:distribisyon elektrik an liy vòltaj baryè ki anpeche mouvman (mi yo,kouveti) Ray tren ki gen rapò ak enfrastrikti (estasyon, pon,elèktrifikasyon...) Vwa navigab Wout yo ak limit vitès yo. nouvo kouchenfòmasyon yo aplike toutan.

METE LIV POU KORIJE YO POU YO WEOpenStreetBugs Avèk OpenStreetBugs, li pa nesesè pou enskri kòm yon kontribitèOpenStreetMap pou mete ti erè oswa erè ki evidan. Ale nan adrès saa: http://openstreetbugs.org/ Sit entènèt la bay OpenStreetBugs yonkoòdone senp pou ajoute kòmantè yo sou kat la. Jis rale sou zònenterèse ou, epi klike kote ou panse ki gen yon pwoblèm. Yon ti fenètouvè, kote ouap bay yon deskripsyon ekri sou pwoblèm nan kòm "LaRue du chimen de fèr se yon sèl-fason ès-wès" oswa "College JeanMoulin a se isit la." Ou kapab ajoute tinon ou, sitou si ou se yonkontribitè.

49

Page 50: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Apre anrejistre rapò a, li vin vizib kòm yon makè wouj. kontribite yo kaajoute kòmantè. Yon lòt moun menm ka make pwoblèm ou an kòmrezoud, nan ka sa a, li pral parèt nan on semèn ankò sou fòm yonmakè ble. Anplis sou sit entènèt li ya, OpenStreetBugs ap entegreanpil lot aplikasyon , aplikasyon OsmAnd mobil, ke nou mansyonedeja, ki pemet nou mete sign ak konsilte yo. li genyen tou yon modilpou editè JOSM yo. OpenStreetBugs ka sèvi kòm yon rapèl pou makezòn ki bezwen nou kolekte kèk done sou zon nan, oswa lè nou nan zonnan , nou ka ajoute kèk enfòmasyon nan lide nou pral antre pita souOpenStreetMap. Nan senplisite li , OpenStreetBugs se yon zouti kenou konseye pou moun kap itilize done OpenStreetMap, men kinesesèman konn korije done yo, yo ka kontribye nan echèl yo.

SUIVI DES MODIFICATIONS DE LA BASEOPENSTREETMAPVous avez ajouté des informations concernant votre voisinage, etdésormais, si vous n'avez rien contre les personnes qui viendrontagrémenter la zone de précisions complémentaires, vous nesouhaitez pas voir vos efforts partir en fumée par la faute d'unétourdi ou pire, d'un malveillant.

Des outils existent et vous permettent d'être alerté des modificationspour ces zones que vous souhaitez surveiller. Même si cettesurveillance peut effectivement servir à corriger rapidement deserreurs ou des actions malveillantes, bien souvent ce sera égalementl'occasion de mieux savoir qui est actif dans votre région ou un autreendroit qui vous intéresse.

Cela peut permettre de se coordonner dans les contributions, serencontrer pour confronter ses expériences ou bien organiser desmanifestations liées à OpenStreetMap.

OpenStreetMap Watch ListOpenStreetMap Watch List, très souvent appelé OWL est un servicede couverture mondiale. URL : http://matt.dev.openstreetmap.org/owl_viewer/

Pour mettre en place le suivi d'une zone, commencez par installer unlecteur de flux RSS sur votre ordinateur.

Rendez-vous ensuite sur la page d'accueil du site. Vous y trouverezdes liens pour afficher par des tuiles colorées les zones modifiées laveille, la semaine précédente ou bien depuis toujours. Cliquez sur l'und'entre eux pour afficher une carte glissante OpenStreetMap.

Centrez la carte sur la zone que vous souhaitez contrôler, et zoomezjusqu'à faire disparaître la mention "Data not visible at this zoomlevel, please zoom-in to see stuff". Un clic sur le lien "Click here to generate an ATOM feed" faitapparaître la mention "Drag a box to define the area for the feed". Cela signifie qu'en délimitant une boîte avec la souris sur la carte, lefeed ATOM sera créé. Lorsque vous avez correctement définil'emprise du secteur, vous trouverez en bas à gauche une URL seterminant par .atom. Copiez-là, puis collez-là en tant que nouveau flux dans votre lecteurRSS.

Désormais, quand le service OWL détectera que des informations dela base OSM sont modifiées sur cette zone, vous en serez désormaisaverti par votre lecteur de flux.

ITO OSM MapperOSM Mapper, développé par ITO, propose de visualiser lesmodifications sur une zone précise durant les derniers jours, lesdernières semaines. URL : http://www.itoworld.com/static/openstreetmap.html L'inscription sur le site est nécessaire.

L'un des principaux attraits est de pouvoir afficher des rendus colorésprésentant les modifications par date, ou par contributeur.

50

Page 51: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Sur le même principe, ITO propose au sein du service ITO Map(présenté plus haut) une carte glissante affichant de manière coloréeles modifications effectuées lors :

des derniers 7 jours http://www.itoworld.com/product/data/ito_map/main?view=130 des derniers 90 jours, http://www.itoworld.com/product/data/ito_map/main?view=129

51

Page 52: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

14. KONPRANN ESTRIKTIENFOMASYONOPENSTREETMAPEstrikti enfòmasyon OpenStreetMap yo se yon fason senp men fòanpil pou reprezante enfòmasyon jewografik. Ou sipoze byenkonprann enfòmasyon yo si ou vle travay avèk enfòmasyonOpenStreetMap yo jan yo fèt la, pa egzanp si ou vle ekri yon pwogrambyen spesyal pou edite kat oubyen yon pwogram kap pèmèt ou pranenfòmasyon sa yo pou konvèti yo nan yon lòt aplikasyon.

Nan yon sistèm infòmasyon jeneral (SIJ) nòmal, nou gen enfòmasyonkatografik yo twa fason : yon pwen ki se yon senp kote nan yonespas ki gen yon kowòdone, yon liy se yon tras dwat ki ka reprezanteyon wout yon fontyè epi yon poligòn ki se yon espas fèmen.Enfòmasyon ki sou desen sa yo toujou anndan yon dezyèm bazenfòmasyon ki gen rapò ak baz jewografik la.

Nan OpenStreetMap twa mo sa yo eksplike nan ne, Liy ak relasyon,epi yo mete atribi (etikèt) ki di kisa chak desen ye. Chapit sa a se sa lifè: detaye mo sa yo ki se baz OpenStreetMap.

Tout sa yo se yon sijè teknik ki ap ede ou deside si ou vle antre pi fonnan OpenStreetMap, pa egzanp si ou vle mete yon zouti ki pa teegziste deja oubyen pou fe yon zouti ki te la deja vin pi bèl. Ou kaantre nan enfòmasyon an gwo yo swa pandan wap travay sou kèkfichye oubyen pandan wap travay nan yon fenèt pou pwogramasyon(API OpenStreetMap),menm jan avèk API REST la ke yo itilize pouchanje enfòmasyon OSM yo. Siw vle konnen plis sou API REST la, alesou paj wiki a: http://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht (anfransè).

ATRIBI (ETIKÈT) YO Atribi (etikèt) yo se yon pè mo "kle=valè" ki ka kole nan chak elemanoubyen desen sou kat OpenStreetMap la. Atribi sa yo di kisa desen sayo ye. Kle a avèk valè a se de mo ki paka depase 255 lèt (san bliyeespas yo), men yon sèl bagay pou toujou sonje: toujou itilize yon sèlkle pou tout desen ki menm. Si yon desen sou kat la pa gen okennatribi, ou pap ka wè li sou plizyè pwogram ki la pou fèw we imaj sa yo.

NE (PWEN)Yo rele yon pwen ou mete sou yon kat "ne" li gen yon latitid ak yonlonjitid e menm plizyè etikèt. pa egzanp yo konn itilize yon pwen poumontre swa yon magazen, yon stasyon bis, ban, tèt mòn e menm poumontre yon legliz. Yon pwen san tag (etikèt) ta sipoze yon pwen kikonplete yon desen osnon se yon erè.

LIY (TRAS)Se yon pakèt pwen youn dèyè lòt. Yon liy gen pou pi plis 2000 pwen,pou si ke moun kap travay yo pa gen twò gwo desen pou yo ap traseki kapab difisil pou touche. Liy yo la pou trase desen ki dwat tankouchemen, kay, wout pou machin, bò lanmè ak fontyè.

Pou kounya, poligòn pa yon tip enfòmasyon apa: yo se sèlman yonpakèt liy ki fèmen, sa vle di premye pwen an fè yon sèl ak dènyepwen an. Yo itilize yo pou trase kay, plas, ak yon ki okipe.

RELASYONYon relasyon se yon pakèt pwen, liy, ak relasyon ki youn aprè lòt.Chak pati nan yon relasyon gen yon wòl avèk opsyon ki mete yonenfòmasyon sou yon ti pati. Menm jan avèk tag la wòl sa yo anndanyon mo ki pa ka depase 255 lèt. Yonj relasyon ka montre ou yonsikwi wout pou machin oubyen moto, li ka montre ou bòn yon zòn, latou sa depann de ki tag yo gen sou yo.

Sonje byen yon relasyon se pa yon kategori e yo pa dwe itilize yosèlman pou mete desen ansanm. Pou sa yo wap ka jwenn tag yo fèpou sa. Siw bezwen plis enfòmasyon ale sou paj wikisa: http://wiki.osm.org/wiki/FR:Relations/Relations_are_not_Categories.

SA KI IDANTIFYE YON ELEMANNenpòt eleman nan baz enfòmasyon OpenStreetMap la gen yonnimewo ki idantifye chak. Nimewo sa pa gen yon definisyon pou li; yosèlman la pou pèmèt ou rekonèt chak grenn eleman. yon relasyon akyon liy sèvi ak li pou montre chak grenn eleman li gen anndan l. De(2) liy ap kontre sèlman si yo idantifye menm jan men se pa paske depwen yo gen menm kowòdone. Se menm jan pou yon liy fèmen kireprezante yon zòn dwe idantifye ak menm nimewo de fwa.

52

Page 53: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

FÒMA YON FICHYE OPENSTREETMAP Fichye enfòmasyon OpenStreetMap yo, depi lontan, toujou sou fòmaXML* ki reprezante pwen, liy ak relasyon ak yon chema byen senp. Yon fichye fòma XML konn gwo anpil se sak fe yo itilize pwogram kibon anpil pou fe konpresyon an tankou gzip ak bzip2. Pifò zouti ki fètpou travay sou fòma XML la ap kapab jere XML ki konprese a.

Pou rezoud pwoblem gwosè fichye ak pwoblèm tan fichye XML sapran pou ouvè, yo fè yon dezyèm fòma ki itilize Protocol BuffersGoogle la; fòma pa li a se PBF. Fòma sa li menm ka pran toutenfòmasyon yo epi fè yo fè youn nan yon fichye ki binè (). Sa li bay lamenm pi sere ke yon fichye .bz2, avèk sa ou kapab fè yon trètman kipi rapid toujou avèk fichye sa ki byen konprese a. Genyen plizyèlòt liv ki pèmèt ou li fòma sa nan lòt fòm ekriti.

53

Page 54: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

POU PLIS DETAY15. ADRÈS AK SIT ENTÈNÈT16. DEKOUVRI KOMINOTE OSM NAN17. MOUN KI KONTRIBYE POU REYALIZELIV SA A

54

Page 55: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

15. ADRÈS AK SIT ENTÈNÈTSe gras a dokiman kite la deja nou rive reyalize liv sa, nou konseyenou ale sou blòg, sit entènèt, kontakte moun OSM yo. Yo ka ban noukonsèy ki kapab ede nou kreye e fe kominote vanse.

MEN KELKE BLÒG AK PAJ ENTÈNÈTOnline maps:

Kondwi direksyon (OSRM): http://j.mp/osmroutingMap makè: http://j.mp/osmmarkerKat OSM an Kreyol (Multi-lengwal Kat Demo):http://j.mp/osmankreyol-demoTap Tap Map:http://wiki.openstreetmap.org/wiki/TapTapMap, http://taptapmap.org

Enpresyon kat:Walking Papers: http://j.mp/osm-wpMapOSMatic: http://maposmatic.org

Lis imèl: http://j.mp/osmht-talkFacebook: http://j.mp/mappinghaiti-facebookBlogs:

http://mappinghaiti.posterous.comhttp://osm-haiti.blog.lemonde.frhttp://opensource.com/osm

Projè Wiki Ayiti: wiki.openstreetmap.org/wiki/WikiProject_Haiti Humanitarian OpenStreetMap Team (HOT): http://hotosm.org

55

Page 56: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

16. DEKOUVRI KOMINOTEOSM NANOpenStreetMap pa sèlman yon baz pou enfòmasyon, se yon kominoteak anpil lajwa ki gen moun kap ede nan tout mond lan, ki rankontresou entènèt tankou nan lavi. Ke se swa pou katografye, pou fè lojisyèle menm pou ekri liv sa!

Yon katopati se yon evenman kote kominote OpenStreetMap larasanble pou mete enfòmasyon ansanm ak mete enfòmasyon souOpenStreetMap. Fason pou chwazi kote pou ou katografye a se fe yongato. Menm jan ak gato sa ki pi ba a ki te fèt nan katopati poukatografye Fleet Street nan peyi Londres nan mwa Me 2010. Jan ou kwe a zòn nan dekoupe e nimewote. Chak moun kap patisipe yo pranyon moso epi al mete enfòmasyon sou zòn li chwazi a. Kounya genyon zouti, MapCraft, ki ede ou fè sa pi byen(http://mapcraft.nanodesu.ru/).

Kèk nan evenman sa yo fèt nan ba, kote moun kap ede yo karankontre menm detann yo tou. Dèfwa moun kap patisipe yo konnrankontre yon kote tankou devan yon ti ba, yon plas pou soti al sanbleenfòmasyon epi retounen pou antre enfòmasyon sa yo.

Rankont sa yo konn fèt pandan yon wikenn oubyen yon nwit poukatografye yon zòn oubyen pou rankontre moun kap katografye nanzòn sa. Konn genyen tou moman lojisyèl kote moun ki fè lojisyèl souOpenStreetMap yo rasanble pou pou amelyore lojisyèl sa yo.

Nan evenman sa yo nou konn jwenn gato tout bon ak kat sou li. Seyon tradisyon ki vin genyen aprè ide Ivàn Sànchez Ortega, ki nankominote espanyòl la. Lide ki gen dèyè tradisyon sa pou di si vrèmanou gen yon lisans ki gratis, pap gen okenn pwoblem si ou pranenfòmasyon ou yo epi ou mete yo sou yon gato pou manje, san ou pakont lisans la. Tradisyon sa bay plizyè gato OSM nan tout mond la!Tankou nan imaj anba a, yo te manje gato sa nan yon katopati ki tefèt nan Bank Mondyal nan eta Washington D.C.

56

Page 57: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

LIS ENFÒMASYON PA IMELKominote OpenStreetMap la gen plizyè lis enfòmasyon pa imel.Genyen pou nenpòt mo nan yon peyi oubyen nan yo zòn, konsa tougen lis jeneral pou diskite oubyen reponn kesyon moun ki fenkkòmanse. Ou ka jwenn plizyè lis pou enfòmasyonnan: http://wiki.osm.org/wiki/FR:Mailing_lists . Men pou ayiti ou ka jwennyon enfòmasyon pa imel nan adrès sa: http://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht

IRCPlizyè moun ki ap ede yo sou IRC, nan yon salon diskisyon souentènèt. Sa pèmèt youn ede lòt nan menm moman an. Sèvè ki pipopilè a se irc.oftc.net e chèn ayisyen ke nou ka itilize yo se #hot,#osm, osm-fr ak osm-ht ki se dènye chanèl ki fenk kreye men ki pokodisponib sou http://irc.openstreetmap.org. Si ou pale anglè byen ou kaale sou #osm pou diskisyon jeneral yo avek #osm-dev pou echanj kipi wo nivo yo tankou pwogramasyon OSM. Wap jwenn yon lis ki gentout chèn ki egziste yo sou paj wiki sa:

http://wiki.openstreetmap.org/wiki/FR:IRC.

Ou ka itilize yon IRC senp pandan li enstale sou òdinatè w, e lap posibtou pou ou antre nan diskisyon an avèk navigatè entènèt ou asou http://irc.openstreetmap.org/. Sou paj sa wap sèlman chwazi yonsounon avèk chèn IRC ou vle antre ladan an.

ÈD Genyen yon sit kesyon repons menm jan ak StackOverFlow. Se yonkote chak moun ka poze yon kesyon, reponn yon kesyon yo poze evote pou yon kesyon ki bay ti pwoblèm.

http://help.openstreetmap.org/.

FOWÒM Genyen fowòm diskisyon ki disponib nan adrèssa http://forum.openstreetmap.org/. Yo toujou gen mwens aktivite ke lispou enfòmasyon yo sou kèk sijè, men kèk kominote pito itlize li,genyen pou tout gou. Ou ka jwenn yon fowòm diskisyon an kreyòl:

KONFERANS STATE OF THE MAP Konferans entènasyonal State of the Map la oubyen SotM fèt chakane avèk anpil patisipan ki soti nan tout mond la. Dènye ane ki sotpase yo, yo t fè yon jounen biznis ak de jounen kominote. Nan jounenbiznis la yo fè sèlman pwojè kap fè lajan avèk OpenStreetMap epijounen kominote yo pale de sijè ki konsène OpenStreetMap. State ofthe Map gen pwòp sit pa li avèk tout enfòmasyon an gwo soukonferans la: http://stateofthemap.org/.

KÒMANSE KAT AVÈK NOU!

57

Page 58: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

58

Page 59: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

17. MOUN KI KONTRIBYEPOU REYALIZE LIV SA AEditè: Floss Manuals Francophone

Tèm: Katografi kolaborativ, open data, enfomasyon gratis.

Rezime: Liv sa a genyen ladan l: kisa katografi kolaborativ la ye avèkOpenStreetMap. Li bay eksplikasyon tou sou kominote kap itilizeenfomasyon OpenStreetMap yo, teknik pou modifye kat yo,Aplikasyon katografik mobil ak yon sèvè web ki fèt pou fini kat la.

Tip dokiman: Manyèl kolektif

Lisans: Creative Commons BY-SA

Lang: Kreyol, Tradiksyon nan vèsyon fransè: OpenStreetMap.

Mèsi anpil Nicolas Chavent, Severin Menard, Kate Chapman,Humanitarian OpenStreetMap Team (HOT), tout moun ki fèkontribisyon sou Kickstarter, Anne Goldenberg, Brian Wolford, JaakkoHelleranta ak Haiti Communitere (http://haiti.communitere.org).

Kisa katografi a ye?

Modifications : waikhell - Waïkhell James BARTHELEMY 2012 Remy - Remy schneider 2012 jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 samuel - ALCE Samuel Paul 2013, 2012 GoldenbergAnne - GOLDENBERG Anne 2012 wguens - Waguens ACE 2012 Judith - CERISIER Judith 2012

Kisa OpenStreetMap la ye?

Modifications : Mr.Dorval - Serge Dorval 2012 waikhell - Waïkhell James BARTHELEMY 2012 Bully - Jean Bully Prophete 2012 jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 samuel - ALCE Samuel Paul 2012, 2013 GoldenbergAnne - GOLDENBERG Anne 2012 Judith - CERISIER Judith 2012

Enpòtans OpenStreetMap pou Ayiti

Modifications : Mr.Dorval - Serge Dorval 2012 waikhell - Waïkhell James BARTHELEMY 2012 Remy - Remy schneider 2012 jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 samuel - ALCE Samuel Paul 2013, 2012 GoldenbergAnne - GOLDENBERG Anne 2012 wguens - Waguens ACE 2012 Presler - Presler Jean 2012

Yon lide sou liv sa a

Modifications : Remy - Remy schneider 2012 waikhell - Waïkhell James BARTHELEMY 2012 jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 samuel - ALCE Samuel Paul 2013, 2012 GoldenbergAnne - GOLDENBERG Anne 2012 wguens - Waguens ACE 2012

Premye etap

Modifications : waikhell - Waïkhell James BARTHELEMY 2012 jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 Presler - Presler Jean 2012 samuel - ALCE Samuel Paul 2013, 2012 GoldenbergAnne - GOLDENBERG Anne 2012 wguens - Waguens ACE 2012 Judith - CERISIER Judith 2012

Ankèt sou teren

Modifications : jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 GoldenbergAnne - GOLDENBERG Anne 2012 samuel - ALCE Samuel Paul 2012 Presler - Presler Jean 2012 waikhell - Waïkhell James BARTHELEMY 2012

Prensip pou edite sou OpenStreetMap

59

Page 60: OpenStreetMapAyiti - Floss manuals fr

Modifications : jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 Remy - Remy schneider 2012 samuel - ALCE Samuel Paul 2012 Presler - Presler Jean 2012 GoldenbergAnne - GOLDENBERG Anne 2012

Mete kat la disponib

Modifications : jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 Judith - CERISIER Judith 2012 samuel - ALCE Samuel Paul 2012 jeandany - duperval jeandany 2012 GoldenbergAnne - GOLDENBERG Anne 2012 Presler - Presler Jean 2012

Modifye enfòmasyon ak Potlatch

Modifications : waikhell - Waïkhell James BARTHELEMY 2012 Remy - Remy schneider 2012 jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 Judith - CERISIER Judith 2012 GoldenbergAnne - GOLDENBERG Anne 2012 wguens - Waguens ACE 2012 Presler - Presler Jean 2012

Modifye enfòmasyon ak JOSM

Modifications : jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 GoldenbergAnne - GOLDENBERG Anne 2012 wguens - Waguens ACE 2012 Presler - Presler Jean 2012 Bully - Jean Bully Prophete 2012

Fason pou ekri yon non sou OSM

Modifications : Bully - Jean Bully Prophete 2013

Itlize enfòmasyon OSM yo sou teren

Modifications : jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 GoldenbergAnne - GOLDENBERG Anne 2012 Judith - CERISIER Judith 2012

Verifye enfòmasyon OSM yo

Modifications : jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 GoldenbergAnne - GOLDENBERG Anne 2012 wguens - Waguens ACE 2012 junior - Neptune Jean Junior 2012

Konprann estrikti enfòmasyon OSM

Modifications : jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 GoldenbergAnne - GOLDENBERG Anne 2012 samuel - ALCE Samuel Paul 2012 Judith - CERISIER Judith 2012 Bully - Jean Bully Prophete 2012

Adrès ak sit entènèt

Modifications : jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 GoldenbergAnne - GOLDENBERG Anne 2012 Judith - CERISIER Judith 2012 Bully - Jean Bully Prophete 2012

Dekouvri kominote OSM nan

Modifications : jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 Bully - Jean Bully Prophete 2012

Moun ki kontribye pou reyalize liv sa a

Modifications : jaakkoh - Jaakko Helleranta 2012 GoldenbergAnne - GOLDENBERG Anne 2012 Presler - Presler Jean 2012

60