chimen lakay droit locatif

2
OIM soti ti jounal sa a pou tande epi kominike avèk popilasyon ayisyen istwa : mike cha rles imaj : chevelin illustration desen : chevelin koulè: darthon 5 GOUD LAKAY SE LAKAY CHIMEN LAKAY www.sitwayenayiti.org www.twitter.com/citizenhaiti www.facebook.com/citizenhaiti nimewo espesyal regleman mèt kay ak lokatè chita sou bon kondisyon moun ki bezwen deyò chache chimen pòt masèl, m pap okipe w non ! si se pou mwen ou vini, ou pap jwenn mwen. o! yo di de mòn pa kontre se pa manti. janm te bezwen w sandra ! kòmè sandra, m gen 5 mwa nan kay la. se pa dat mouche a ap woule m, li pa janm banm kontra a non. ... ann janbe kòmè gen yon ti lonbray lòt bò lari a... men veye moto siklèt toujou ap touye moun sou wout sa a. jou pase yo, m pat gen tan kòmè… anplis m gen yon misye, m lwe de pyès kay nan men l k ap fè m monte yon kalvè tèlman l ap banm pwoblèm. anita ?! sa w genyen ou move konsa ? kote w ye menm anita? sa fè lontan m pa wè w vini nan reyinyon gwoup- man fanm yo ? kisa w di la ? ou pa t siyen kontra avan w te antre nan kay la? DWA AK OBLIGASYON ANT MèT KAY AK LOKATè SE DE BAGAY KI TOUJOU BAY ANPIL TèT CHAJE. ANITA SE YON JèN FI 20 LANE KI AN- FèMEN DE PYèS KAY NAN MEN MASèL KI SE MèT KAY LA. MEN DEPI KèK TAN DE MOUN SA YO NAN YON BOUCH LOUVRI KI METE YO DOZADO... YON TI TAN APRE, ANITA SOU CHIMEN POU LI ALE LAVIL... ...POU ACHTE MANCHANDIZ POU BIZNIS LI AN... KISA LALWA DI LÈ W SE LOKATÈ OUBYEN MÈT KAY ? Mèt kay ak Lokatè 1. Ni lokatè ni mèt kay gen dwa ak obligasyon. 2. Se moun ki gen 18 an ki ka lokatè oubyen mèt kay. 3. Dwe toujou genyen yon kontra ekri ant lokatè a ak mèt kay la. Zafè a pa dwe fèt nan bouch sèlman. Kontra dwe klè sou kondisyon yo epi yo tou de dwe dakò ak sa ki ladan l. 4. Tout kontra dwe genyen yon dat li komanse ak yon dat pou li fini. 5. Se yon jij de pè ki dwe ede lokatè ak mèt kay rezoud problèm yo genyen si yo pa rive fè sa poukont yo. Lokatè 1. Lokatè dwe peye pou kay la epi mèt kay la dwe bali kay la selon jan yo negosye a. 2. Lokatè a dwe respekte sa li di lap fè nan kay. Si li di se pou li abite li paka fè biznis ladan l. 3. Se lokatè a ki dwe peye dlo, kouran ak lòt sèvis lap itilize nan kay la. 4. Lokatè a dwe peye kay la selon dat ki nan kontra a. Mèt kay 1. Mèt kay dwe mete kay la nan bon eta pou lokatè a viv ladan pandan tout tan kontra li a. 2. Mèt kay la dwe bay lokatè a prèv se li tout bon vre ki se mèt kay 3. Se mèt kay la ki dwe fè tout gwo reparasyon kay la mande. 4. Mèt kay la dwe respekte vi prive lokatè a nan kay. 5. Mèt kay la pa gen dwa monte pri kay la san li pa avèti lokatè a. Kikote lokatè oubyen mèt kay ka jwen èd pou rezoud problèm yo genyen? 1. Se nan tribinal de pè oubyen palèdjistis pakè ki se kote nou ka jwen jij de pè yo. Men kèk adrès tribinal sa yo nan pòtoprens Tribinal de pè ri Ennri ant ri disant ak ri lantèman bò lise Fimen Tribinal de pè seksyon sidès/ri Lama toupre Tou 2004 Tribinal de pè seksyon Nò/Bisantnè bò kote biwo pòs Lasalin toupre Fatima Tribinal de pè Kafou/ Monrepo 36 Tribinal de pè Site Solèy Wout Nasyonal # 1 toupre sòti Site Solèy Tribinal de pè Petyonvil toupre legliz Don Bosco Tribinal de pè Delma/Delma 18 Pakè/BisantnèMen 2. kèk adrès òganizasyon ki ka ede nou KFAVIV(Christ-roi, ruelle moise, imp Percier / Tel : 3450-5053 / 3453-0081 / 3860-0045

Upload: iom-haiti

Post on 05-Mar-2016

331 views

Category:

Documents


9 download

DESCRIPTION

Chimen Lakay Droit Locatif

TRANSCRIPT

Page 1: Chimen Lakay Droit Locatif

OIM soti ti jounal sa a pou tande epi kominike avèk popilasyon ayisyen

istwa : mike charles

imaj : chevelin illustration desen : chevelin koulè: darthon

5 GOUD

LAKAY SE LAKAY CHIMEN LAKAY

www.sitwayenayiti.org www.twitter.com/citizenhaiti www.facebook.com/citizenhaiti

nimewo espesyal

regleman mèt kay ak lokatè chita sou bon kondisyon

moun ki bezwen deyò chache chimen pòt

masèl, m pap okipe w non ! si se pou mwen ou vini, ou pap jwenn mwen.

o! yo di de mòn pa kontre se pa manti. janm te bezwen w sandra !

kòmè sandra, m gen 5 mwa nan kay la. se pa dat mouche a ap woule m, li pa janm banm kontra a non. ... ann janbe kòmè gen yon ti lonbray lòt bò lari a... men veye moto siklèt toujou ap touye moun sou wout sa a.

jou pase yo, m pat gen tan kòmè… anplis m gen yon misye, m lwe de pyès kay nan men l k ap fè m monte yon kalvè tèlman l ap banm pwoblèm.

anita ?! sa w genyen ou move konsa ?

kote w ye menm anita? sa fè lontan m pa wè w vini nan reyinyon gwoup-man fanm yo ?

kisa w di la ? ou pa t siyen kontra avan w te antre nan kay la?

Dwa ak OblIgasyOn ant Mèt kay ak lOkatè se De bagay kI tOujOu bay anpIl tèt chaje. anIta se yOn jèn fI 20 lane kI an-fèMen De pyès kay nan Men Masèl kI se Mèt kay la. Men DepI kèk tan De MOun sa yO nan yOn bOuch lOuvrI kI Mete yO DOzaDO...

yOn tI tan apre, anIta sOu chIMen pOu lI ale lavIl... ...pOu achte ManchanDIz pOu bIznIs lI an...

KISA LALWA DI LÈ W SE LOKATÈ OUBYEN MÈT KAY ?

Mèt kay ak Lokatè1. Nilokatènimètkaygendwaakobligasyon.2. Semounkigen18ankikalokatèoubyenmètkay.3. Dwetoujougenyenyonkontraekriantlokatèaakmètkayla.Zafèapadwefètnanbouchsèlman.

Kontradweklèsoukondisyonyoepiyotoudedwedakòaksakiladanl.4. Toutkontradwegenyenyondatlikomanseakyondatpoulifini.5. Seyonjijdepèkidweedelokatèakmètkayrezoudproblèmyogenyensiyoparivefèsapoukont

yo.

Lokatè1. Lokatèdwepeyepoukaylaepimètkayladwebalikaylaselonjanyonegosyea.2. Lokatèadwerespektesalidilapfènankay.Silidisepouliabitelipakafèbiznisladanl.3. Selokatèakidwepeyedlo,kouranaklòtsèvislapitilizenankayla.4. Lokatèadwepeyekaylaselondatkinankontraa.

Mèt kay1. Mètkaydwemetekaylananbonetapoulokatèavivladanpandantouttan

kontralia.2. Mètkayladwebaylokatèaprèvselitoutbonvrekisemètkay3. Semètkaylakidwefètoutgworeparasyonkaylamande.4. Mètkayladwerespekteviprivelokatèanankay.5. Mètkaylapagendwamonteprikaylasanlipaavètilokatèa.

Kikote lokatè oubyen mèt kay ka jwen èd pou rezoud problèm yo genyen?

1. Senantribinaldepèoubyenpalèdjistispakèkisekotenoukajwenjijdepèyo.Menkèkadrèstribinalsayonanpòtoprens

✔ TribinaldepèriEnnriantridisantakrilantèmanbòliseFimen

✔ Tribinaldepèseksyonsidès/riLamatoupreTou2004

✔ TribinaldepèseksyonNò/BisantnèbòkotebiwopòsLasalintoupreFatima

✔ TribinaldepèKafou/Monrepo36

✔ TribinaldepèSiteSolèyWoutNasyonal#1toupresòtiSiteSolèy

✔ TribinaldepèPetyonviltoupreleglizDonBosco

✔ TribinaldepèDelma/Delma18

✔ Pakè/BisantnèMen

2. kèkadrèsòganizasyonkikaedenou✔ KFAVIV(Christ-roi,ruellemoise,impPercier/Tel:3450-5053/3453-0081/3860-0045

Page 2: Chimen Lakay Droit Locatif

koute byen anita. mèt kay ak lokatè dwe pran bon mezi lè y ap siyen kontra. paske yo tou 2 gen dwa ak devwa pa yo. se moun ki gen 18 lane lalwa rekonèt ki ka siyen kontra epi lokatè...

te kwè m diw mouche a pa janm banm kontra a kòmè sandra... o ann pran tap-tap sa a komè anita na finn pale lè nou monte

si li se mèt kay la tout bon vre li dwe fè tout gwo reparasyon kay la mande.

chay ou pa ka pòte, ou mete l atè dousman. lè gen pwoblèm ant mèt kay ak lokatè se nan tribinal oubyen palè jistis pou yo ale. konsa yon jij de pè ap tranche pwoblèm yo.

m t ap bliye di w gen kèk òganizasyon ki ka ede w tou san yon penich tankou avoka san fwontyè (asf)

kòme sandra m pa gen bouch pou m di w mèsi pou konsèy ou. men ou konnen fò m ale, sinon solèy midi ap pranm anba lavi l

kote m gen kòb pou m ale peye avoka sandra… sitou jistis pa gratis nan peyi isit.

m pa di non anita. sonje yon lokatè dwe respekte sa li te di l ap fè nan kay la. mèt kay la li menm dwe respekte vi prive lokatè a. nan ka bèl jenn fanm k ap dòmi nan kay pou kont li an. li pa gen dwa wè sa.

sanble m pral lajistis vre wi, paske m pa dwe mèt kay la yon yota. m peye mouche a tout kòb li yon sèl kou.

mouche a se rayi li rayi m tande sandra ! li fè kont menm ak kliyan m yo nan katye a epi yon jou li di m kouman fè yon bèl timoun tankoum fè ap dòmi nan yon kay pou kont li.

... dwe toujou gen yon kontra ki ekri nwa sou blan kote mèt kay la siyen ak kote lokatè a siyen tou. bon jan zafè pa fèt nan bouch, dayè se kondisyon ki bat kòk epi kontra a dwe klè kou dlo kòk pou pou tou 2 pati yo.

sa w pa konnen pi gran pase w

gade sa anita ! sa se kontra yon travay m fenk jwenn. jan w wè sa a, nan tout kontra dwe gen yon dat li kòmanse ak yon dat li fini. sonje nan siyati kontra a, fòk de moun yo mete yo dakò y ap respekte tout sa yo di ladann nan.

nan ka sa siw pa ka rezoud pwoblèm ou genyen ak mèt kay la se yon jij de pè k ap kab ede w fè sa.

ou konn sa k fè m mal sandra ; se pa dat twalèt la bouche, li pa ka flòch. chak jou li di m lap ranje l poutan se manti.

ale non anita ! pa bliye m ap tann ou samdi nan rankont lan.

si nan kondisyon li te gen ak ou, mèt kay la te di w pa fè biznis nan kay la ou dwe respekte sa.

ki biznis sandra ! yon galon lwil, kèk mamit diri ak kèk bwat lèt wi.

chay ou pa ka pòte, ou mete l atè dousman