bwat zouti òganizatè - miami foundation
TRANSCRIPT
1The Miami Foundation |
Ki sa ki istwa Miami ou a?Lavi nan Tout Zòn Miami kaptire nan istwa 2.6
milyon moun ki rele kote sa lakay yo. Istwa Miami
Mwen ajoute vwa ou nan konvèsasyon tout konte
an sou kiyès nou ye, kote nou prale ak kisa nou
kapab fè pou rive la.
2 | #MyMiamiStory
Sou
Ou menm ak tout lòt Miamiyen yo gen yon istwa ... ki
jan ou te rive isit la, poukisa ou rete, kisa ou vle nan
lavni. Lè nou gen yon chans pou pale de eksperyans
nou nan vil sa epi tande pa lòt moun, nou konekte epi
aprann kisa ki enpòtan pou nou tout.
SKonvèsasyon sa yo dwe fè Miamiyen yo reflechi sou
pwoblèm ki konsène yo, ke se swa asire ke timoun nou
jwenn yon bon edikasyon, jwenn yon kote an sekirite,
abòdab pou viv, oswa jwen yon djòb ki pre kay nou.
Yo vle kreye yon espas pou w’ konekte ak zanmi ou,
ansyen ak nouvo, ki gen menm santiman avèk ou (e
petèt kèk ki diferan). Yo vle dekouvri ki jan nou chak ka
mete ansanm ak dè milye de moun k’ap travay pou fè
Konte Miami-Dade lan yon pi bon kote pou viv pou tout
moun.
Konvèsasyon sa a se jis etensèl la. Se ou menm sèl ki
pou deside ki jan ou pral fè etensèl sa limen yon flanm
chanjman nan kominote w la.
Konvèsasyon pou pwovoke
chanjman
3The Miami Foundation |
Pou kòmanse
Jou a
17 Oktòb 2017. Tout konvèsasyon Istwa Miami Mwen
yo pral rive nan jou sa’a - dejene, repo mitan-maten,
pandan manje midi, cafecito, dine oswa nenpòt lè antre
tan. Sa depann de ou.
Enskripsyon
Asire ou ke ou vizite mymiamistory.org epi enskri kòm
yon òganizatè. W’ ap jwenn aksè a resous tankou
envitasyon pou envite epi, si w’ pami 300 premye
enskri, yon sak zouti pou òganizatèki plen ak yon gwo
kado pou ou andan l’!
Chif yo
Sis-a-dis moun ideyal pou tout moun gen yon chans
patisipe. Si ou vle òganize yon gwoup ki pi gwo, ou
kapab separe yo an pi piti gwoup apre sa fè, chak
moun rapòte bay tout gwoup la pita.
Envite ou yo
Lis envite a depann de ou - zanmi, fanmi, kòlèg,
vwazen ak lòt moun nan sèk ou yo. Mande envite yo si
yo konnen yon moun ki ta renmen patisipe. Se yon bon
fason pou rekonekte ak moun oswa konekte moun ki
pa deja konnen. Konsa tou ou kapab kontakte yon kote
rasanbleman nan kominote lokal ou tankou yon legliz,
sant rekreyasyon oswa bibliyotèk. Asire ou ke tout
envite ou yo anrejistre nan mymiamistory.org Se konsa,
yo ap resevwa yon sondaj aprè-konvèsasyon nan men
nou.
Pataje
Ki jan ou pral fè Tout Zòn Miami an yon pi bon kote pou
viv? Nou espere ke konvèsasyon sa pral ede enspire
w’ vin jwen ak moun k’ap pran aksyon sou zafè lokal ki
konsène w’ yo. Anvan, pandan ak apre konvèsasyon
ou, ou menm ak envite ou yo ka pataje ide, plan, ak
koneksyon ou fè an itilizan dyèz #MyMiamiStory la.
4 | #MyMiamiStory
Fè Pa Fè
Gwo Kesyon an se “Ki sa ki istwa Miami ou a?” Se
yon kesyon ouvè paske eksperyans ou ap kondwi
konvèsasyon an. Sa ki pi enpòtan se ke ou menm ak
envite ou yo amize nou epi santi nou alèz louvri, epi
pataje.
Pandan ke n’ap pale, eseye diskite fason ke moun ki
bò tab la ka fè Tout zòn Miami yon pi bon kote pou
viv. Konsantre sou solisyon ap ede envite yo santi yo
optimis epi ke yo gen pouvwa pou ede kreye kominote
yo vle viv ladan’l lan, konnen ke vwazen, fanmi, zanmi
ak kòlèg travay, yo tout enterese nan fè menm bagay
la.
• Ankouraje tout moun patisipe
• Itilize pwòp eksperyans ou
• Sèvi ak kat reyalite yo pou ede konvèsasyon an
• Kenbe yon lespri ouvè
• Pataje foto, videyo ak istwa an itilizan dyèz
#MyMiamiStory la sou Facebook, Twitter,
Instagram ak Snapchat
• Jere tout pati konvèsasyon an
• Jijman oswa pa bay kòmantè yon moun
oswa yon ide enpotans.
• Ankouraje diskisyon oswa deba ki pa
prodiktiv. Konvèsasyon sa a se pou
solisyon ak aksyon ke rezidan yo ka
pranpou amelyore kominote yo.
An nou pale Anvan envite ou yo rive
Gid Konvèsasyon
Kat Reyalite
Pou ede bagay yo deroule, sak zouti òganizatè ou enkli
kèk kat. Yo pataje enfòmasyon sou Tout Zòn Miami an
ki soti nan Our Miami Report, ke Fondasyon an pibliye
chak de zan. Li ede rakonte istwa Miami an kòm yon
kominote, li sèvi avèk enfòmasyon ki montre ki jan lavi
isit la konpare ak lòt gwo vil US yo tankou New York,
Chicago ak Houston.
Ou mèt sèvi ak kat reyalite yo jan ou vle. Pa egzanp,
ou ka mete yo deyò pou envite yo pran pou li lè yo rive.
Yo ka ede moun reflechi sou kijan ke n’ ap fè kòm yon
kominote epi sèvi kòm yon kòmansè konvèsasyon.
5The Miami Foundation |
Konvèsasyon an dwe deroule ouvètman, ki donk
kòmanse li jan ki pi alèz pou ou epi swiv konvèsasyon
an kote li ale.
Eseye kèk kesyon:
Ki sa ki istwa Miami ou?
• Kijan ou te rive Miami?
• Ki sa ou ta chanje nan viv nan Tout Zòn Miami an?
Ki jan lavi ye nan Miami?
• Ki pwoblèm lokal ki pi konsène w’?
• Èske ou eksite pou fiti kominote w’ la? Poukisa?
Ki jan rezidan yo kapab ede fè Tout Zòn Miami an pi bon?
• Kisa nou chak kapab fè pou atake pwoblèm ki
konsène nou plis?
• Nou te gen bon konvèsasyon sa a sou kote n’ap viv
la. Kisa pou nou fè apre sa?
Ankouraje envite yo reflechi pèsonèlman sou pwoblèm
ki konsène yo. Ki sa ke yon endividi kapab fè pou fè
yon diferans sou pwoblèm sa?
Lè konvèsasyon an fini, mande envite ou yo pataje
angajman yo ak koneksyon ki soti nan konvèsasyon
Istwa Miami Mwen an.
Kontakte zanmi ak fanmi sou medya sosyal pou
ankouraje yo oswa fè angajman pa yo.
• Yo ka anrejistre yon videyo kout sou telefòn yo pou
yo rakonte istwa Miami yo epi pataje li an itilizan
dyèz #MyMiamiStory sèvi avèk envit sa yo:
• Istwa Miami mwen se de tout...
• Pwoblèm ki pi konsène’m se ...
• Angajman mwen pou amelyore pwoblèm
lan se ...
• Moun ke mwen ta renmen tande istwa li se ...
• Nou tout ka anrejistre yon videyo gwoup ki bay
rezime konvèsasyon an ak angajman envite yo fè
pou adrese pwoblèm yo epi rezoud yo.
• Mande envite yo ekri angajman yo oswa solisyon
kominote yo sou yon kat reyalite epi poste li ban
nou (nou te bay en pe tenb pou kèk moun nan
bwat zouti ou). Nou pral pataje panse ou ak lidè ki
ki ka ede.
Konvèsasyon an Fini konvèsasyon an
6 | #MyMiamiStory
Pa gen efò ki twò piti e pa gen lide ki twò gwo. Men
kèk fason fasil pou amelyore pwoblèm ki pi enpòtan
pou envite ou yo. Santi ou lib pou sijere sa yo ak lòt
solisyon ou ka panse:
• Sipòte atis-Yo! Patisipe nan yon evènman kiltirèl.
• Li pou yon timoun pou ede avanse edikasyon li.
• Vote!
• Fè tès VIH; zafè sante ou enpòtan.
• Sipòte yon pwoblèm ki enpòtan pou ou nan Give
Miami Day - givemiamiday.org.
• Facebook Live yon ti mache nan pak katye w la.
• Sipòte yon biznis lokal yon fwa pa semèn.
• Tweet Komisyonè ou; mande pou lojman ki plis
abòdab nan zòn ou.
• Telechaje app Miami-Dade Transit Tracker a
9 lide pou fè yon diferans.
Ki ide ou genyen ?
Pran Aksyon
8 | #MyMiamiStory
Vini ansanm pou pale, rakonte istwa nou yo epi panse
a fason pou fè Tout Zòn Miami an pi bon se yon gwo
premye pa. Nou espere ke ou aprann plis sou moun ki
pataje kominote sa avèk ou epi devlope lide sou kòman
pou amelyore li. Yon fwa ankò, pa gen efò ki twò piti e
pa gen lide ki twò gwo.
Anvan envite ou yo ale, ankouraje yo ede nou anrejistre
panse, solisyon yo ak aksyon ki soti nan chak
konvèsasyon lè yo konplete yon sondaj imel kout ke n’
ap voye ba yo. Pou resevwa sondaj la, fè yo anrejistre
nan mymiamistory.org.
Patnè rechèch nou yo pral konpile rezilta yo noepi ede
lidè lokal sivik yo ak responsab chanjman yo konprann
pi byen eksperyans Miamiyen yo nan kominote a .
Kisa ki pase apre depan de ou. Mèsi dèske ou te
òganize yon konvèsasyon Istwa Miami Mwen epi
dèske ou envesti nan kominote w’ la.
Pa gen efò ki twò piti e pa gen lide ki
twò gwo.
Kisa ki vinn apre?
9The Miami Foundation |
Pou prèske 50 ane, The Miami Foundation kolabore
avèk moun, fanmi ak kòporasyon ki kreye plis pase
1,000 Fon filantwopik pèsonalize. Gras a yo, nou
bay plis pase $ 240 milyon dola nan sibvansyon pou
amelyore kalite lavi Konte Miami-Dade.
Pou 50yèm anivèsè nou an, nou ap selebre gwo
Miamiyen yo ki te defann sa ki enpòtan pou yo,
ankouraje tout abitan yo pou pataje istwa Miami yo
epi pou yo ini yo ansanm sou bagay ki nan enterè yo.
Istwa Miami Mwen konvèsasyon fè ede moun reflechi
ki nan Rapò The Miami Foundation Miami nou An,
yon apèsi reyalite lavi nan Tout Zòn Miami ke yo mete
ajou chak de zan. Li ede fè inisyativ kominote gen plis
enpak an swivan pwogrè nou, epi finalman sèvi kòm
yon vizyon kolektif pou lavni nou.
Aprann plis nan
miamifoundation.org/50 ourmiami.org
Yon fondasyon pou chanjman