bilten akademi kreyÒl ayisyen · 2018. 10. 5. · • tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an...

12
AKADEMI KREYÒL AYISYEN www.akademikreyol.net Bilten Editoryal • Kreyòl pale nèt san baboukèt • Lang matènèl nan edikasyon dwe tounen yon reyalite • Bonjan zouti pou jounalis yo pi byen kominike nan medya yo • Aprann mizik an kreyòl san grate tèt posib gras ak Metòd “Jaden mizik” • Misyon AKA nan Latibonit • Akademi Kreyòl Ayisyen nan Bomon • Tomond ap li • Fred Edson Lafortune ranpòte 4 èm edisyon Pri Pwezi Dominique Batraville • Lansman Regwoupman Pwofesè Kreyòl nan Vèrèt • Senatè Jean Renel Sénatus vizite Akademi Kreyòl Ayisyen • Amandman Konstitisyon an: kisa AKA panse? • Lanmò Akademisyen Rachel Beauvoir Dominique • Omaj pou Iv Dejan nan okazyon lanmò li • Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo! • Espas refleksyon Akademisyen • Kalandriye aktivite AKA pou mwa lang ak kilti kreyòl 2018 la p.2 p.2 p.3 p.4 p.4 p.5 p.6 p.6 p.7 p.7 p.7 p.8 p.9 p.9 p.10 p.10 p.11 Bilten #5, oktòb 2018 Enstalasyon 5 nouvo Akademisyen, 21 fevriye 2018

Upload: others

Post on 01-Jan-2021

5 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: Bilten AKADEMI KREYÒL AYISYEN · 2018. 10. 5. · • Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo! • Espas refleksyon Akademisyen • Kalandriye aktivite AKA pou

AKADEMI KREYÒL AYISYEN

www.akademikreyol.net

Bilten

• Editoryal

• Kreyòlpalenètsanbaboukèt

• Langmatènèlnanedikasyondwetounenyonreyalite

• Bonjanzoutipoujounalisyopibyenkominikenanmedyayo

• AprannmizikankreyòlsangratetètposibgrasakMetòd“Jadenmizik”

• MisyonAKAnanLatibonit

• AkademiKreyòlAyisyennanBomon

• Tomondapli

• FredEdsonLafortuneranpòte4èmedisyonPriPweziDominiqueBatraville

• LansmanRegwoupmanPwofesèKreyòlnanVèrèt

• SenatèJeanRenelSénatusviziteAkademiKreyòlAyisyen

• AmandmanKonstitisyonan:kisaAKApanse?

• LanmòAkademisyenRachelBeauvoirDominique

• OmajpouIvDejannanokazyonlanmòli

• Tankoutoutlang,kreyòlgenrègli,annourespekteyo!

• EspasrefleksyonAkademisyen

• KalandriyeaktiviteAKApoumwalangakkiltikreyòl2018la

p.2

p.2

p.3

p.4

p.4

p.5

p.6

p.6

p.7

p.7

p.7

p.8

p.9

p.9

p.10

p.10

p.11

Bilten #5, oktòb 2018

Enstalasyon 5 nouvo Akademisyen, 21 fevriye 2018

Page 2: Bilten AKADEMI KREYÒL AYISYEN · 2018. 10. 5. · • Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo! • Espas refleksyon Akademisyen • Kalandriye aktivite AKA pou

2

Editoryal

Depi se kreyòl, toutmounkonsène,paskekreyòl se lang tout

Ayisyen. Se yonn nan rezonki fèAkademiKreyòl Ayisyen(AKA)toujoumetezòrèyliantwonpèt pou li tande ak prannòt sou sa tout moun panseki ta dwe fèt pou lang kreyòllasèvitoutbonnantoutsektèaktivitenanpeyia.Nanlidesaa, Akademi Kreyòl Ayisyen,nan mwa fevriye 2018, te fèyonpremyepiblikasyonliv100Kesyon pou AKA. Anndanliv sa a, ou kapab jwenndivèskesyon elèv lekòl, etidyan aklòt moun nan popilasyon ante poze Akademisyen yo nandiferanvizityotapfènanpeyia.AKAappareyonlòtedisyonrevize, korije, ogmante poufevriye2019.Patisipanyopozeanpilkesyonnan kozri, konferans, ak lòtaktivite Akademi an òganize,men genyen yon seri kesyon

popilasyonanpozeplispandandiferandeplasmanAKAfènanpeyia.Paegzanp:Kilèlivlekòlyo ap an kreyòl? Poukisa yonlekòloblijebay timounkipalekreyòl pinisyon? Sou premyekesyon an, nou dwe dakò genjefòkidejafètpougenplislivankreyòledwegenplislivlekòlkifètankreyòl.Dezyèmkesyonan konsèneMinistèEdikasyonNasyonal ki dwe pran bonjansanksyon kont tout lekòl ki tapini yon timoun paske li palelang manman l anndan lekòl.Paske gen moun k ap pozekesyon sa yo, sa montre nanki pwen gen anpil travay kirete pou fèt sitou nan domènedikasyon.Pandan twa (3) premye aneegzistans li, Akademi ankòmanserasanblemateryopoubatifondasyonkappèmèttoutAyisyen, nan kèlkeswa domèny ap evolye a, jwenn zouti kiegziste nan lang kreyòl la pou

yo kapab fonksyone. Premyerezolisyon sou òtograf la seyonn toujou. Gen lòt ankòtankou:PwojèDiksyonèkreyòlayisyenaklòtrezolisyonkinanpreparasyon.Akademianpapplenyen, men tout moun dwekonnen limankemwayen pouli egzekite tout pwojè li gennan pwogram li. Akademisyenyo ak tout sekretarya egzekitif la motive, epi popilasyon anaptannkibonreziltakapsotinan travay Akademi an depikreyasyonlinanlane2014.Anpiltravay,anpilpwojè,anpildetèminasyon tou ap gideAkademi an nan batay l apmennenpou respè lang kreyòlla. Li kontan wè anpil patnèpotekole ak li men l ap tanntout moun nèt paske defanslang kreyòl la se zafè toutAyisyenepisenoutoutkidwepote kontribisyon nou pou litla tounenyonviktwapounoutout.

Kreyòl pale nèt san baboukèt

Akademi Kreyòl Ayisyen selebre mwa langakkiltikreyòl2017lasoutèm:“Jèn yo, an

nou sèvi ak lang nou tout kote san baboukèt!”Pouselebrasyonsaa,Akademiantemetekanpede(2)komite:yonkomitenasyonalkiterasanblereprezantan divès enstitisyon leta kou prive akyonkomiterejyonalnanDepatmanNòkitegenmisyon prepare kloti selebrasyon mwa lang akkiltikreyòllananMilonanlakouPalèSanSousi.Akademiante lansemwalangakkiltikreyòl lajou vandredi 6 oktòb 2017 la ak yon seremoni

ofisyèlnanJadenMUPANAH(Channmas).Pandantoutmwaa,Akademianteanimeplizyèkozrisoupwodiksyonliterèaksyantifiknanlangkreyòl, li te fèespozisyon liv tou.Akademisyen

Seremoni ofisyèl jounen entènasyonal lang kreyòl, oktòb 2017

Page 3: Bilten AKADEMI KREYÒL AYISYEN · 2018. 10. 5. · • Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo! • Espas refleksyon Akademisyen • Kalandriye aktivite AKA pou

3

yoakSekretaryaEgzekitif Akademiantepatisipenananpil emisyonnan radyoaknan televizyonepi Akademi an te òganize yon fòmasyon poupwofesè kreyòl nan Depatman Nò ak Nòdèsak konkou UNESCO epi Ministè EdikasyonNasyonalakFòmasyonPwofesyonèl.Akademi an te reyalizede (2) gwo aktivitepouli make 28 oktòb la ki se Jounen entènasyonallangakkiltikreyòl la.Sòti9èpou rive11ènanmaten, Akademi an te òganize yon espozisyon

liv akmateryèldidaktiknan langkreyòlnanvilMilo. Plizyè enstitisyon te patisipe nan aktivitesila a: Librairie du Succès, Kopivit L’ActionSociale, Editions Université Caraïbe, EditionsChoucouneakJounalBonNouvèl.Epi,a5ènanaprèmidi,nanPalèSanSousi(Milo),litereyalizeyon gwo koudjay kiltirèl ak patisipasyon plizyèjènatisMilo,fanfawayalanprezanstoutotoritelokalyo.

Lang matènèl nan edikasyon dwe tounen yon reyalite

Akademi Kreyòl Ayisyen selebre mwa langmatènèl2018lasoutèm:«Lang manman nan

edikasyon: wi. Aprann se konprann! »AkademiantechwaziDepatmanSidpoulidirijekaravànliasoti15pourive17fevriye.KaravànsilaatepasenanvilOkay,nankominSenjanaknanTòbèk.Akademi an te rankontre asosyasyon pwofesèkreyòl epi li te reyalize plizyè konferans souenpòtanslangmatènèlnanedikasyon.Seremoni ofisyèl pou klotire aktivite mwa a

te fètmèkredi 21 fevriye 2018 la ki se Jounenentènasyonal Langmatènèl soti 10è nanmatenpourive12è30nanaprèmidinansalkonvansyonBanque de la République d’Haïti, kote divèspèsonalitepolitik,relijye,soyalteprezan.Akademi an te pwofite enstale senk (5) nouvoAkademisyen ak douz (12) Manm KonsèyKonsiltatif la. Li te onore de (2) pèsonalite kimake devlòpman lang kreyòl la:Ekriven Emile Célestin Meggie (Togiram) ak Powèt Georges Castera.

Enstalasyon manm konsèy konsiltatif AKA, 21 fevriye 2018

Page 4: Bilten AKADEMI KREYÒL AYISYEN · 2018. 10. 5. · • Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo! • Espas refleksyon Akademisyen • Kalandriye aktivite AKA pou

4

Bonjan zouti pou jounalis yo pi byen kominike nan medya yo

Akademi Kreyòl Ayisyen te òganize yonjounenfòmasyonsoukominikasyonkreyòl

nanmedyapoujounalis.Litereyalizejounensaajoumèkredi2me2018lananlokalDirectiondesEtudesPost-Graduéesdel’Universitéd’Etatd’Haïti (UEH) a nan Pacot, sòti 8è nanmatenpou rive4ènan aprèmidi,nanokazyon Jounenentènasyonallibètelaprèsla(3me2018).Plispase20jounaliskitereprezante13medyatepatisipenan fòmasyon sila a ki te dewoule sou tèm :Inisyasyon sosyolengwistik, Teknik ak estratejikominikasyon sosyal oral ak ekri,Òtograf langkreyòl ayisyen epi Pwoblèm entèferans nankominikasyonkreyòl.

Entèvenan yo te montre gwo responsablitejounalisyogenyenpouyobyenitilizelangkreyòllanankadtravayyopaskeyapfè2travayalafwa:enfòmeepifòmepopilasyonan.Sakifèjounalissegwouppwofesyonèlkipiprepopilasyonan.Anpilnanpatisipanyotemeteaksansounesesitepousalnouvèlyo tagenyonseksyonkreyòlkipoutreteenfòmasyonankreyòlmenmjansafètanfransè.Akademianteremètchakpatisipanyonsètifikanan finisman fòmasyon an. Patisipan yo temontreyosatisfèeyosweteAkademianòganizepi souvan modèl fòmasyon sa yo ki pèmèt yojwennbonjanzoutipouyokominikekòmsadwa.

Aprann mizik an kreyòl san grate tèt posib gras ak metòd “Jaden mizik”

Vandredi8jen2018la,soti2è30pourive4è30nan aprèmidi, Akademi Kreyòl Ayisyen

òganizenanBibliyotèkMichèleTardieuPetyonvilyonkozrisou“JadenMizik”,yonmetòdpyanisMichelineLaudunDeniskreyepouanseyemizikankreyòl.Langkreyòllaapkontinyelayitekòlitoutkote,nanplizyèdomèn.Pwofesè mizik ki soti nan divès lekòl nanPòtoprens ak nan zòn ozalantou yo te fèdeplasman pou yo vin tande sa madamDenis

Foto souvni fòmasyon pou jounalis nan Pòtoprens, 2 me 2018

Atelye travay nan fòmasyon jounalis yo

Kozri ant Micheline L. Denis ak yon gwoup pwofesè mizik, 8 jen 2018

Page 5: Bilten AKADEMI KREYÒL AYISYEN · 2018. 10. 5. · • Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo! • Espas refleksyon Akademisyen • Kalandriye aktivite AKA pou

5

genyennandjakoutli.AvèkmetòdJadenMizik,plis timoun nan peyiAyiti kapab aprannmiziknan lang manman yo. Tank n ap sèvi ak langkreyòl la nan domèn aktivite nou, se tank langkreyòllaapmontrenoukapasitelpoulisèvinoutou,nantoutsitiyasyonlavia.AkademiKreyòlAyisyentereyalizeaktivitesilaanankadselebrasyonJounenNasyonalTimoun(10 jen 2018). Pou okazyon an, AkademisyenJean Pauris Jean-Baptiste, Prezidan KonsèyAdministrasyonAKAa, tepran lapawòlpou libaymadamDenisyonochansantokaypoubèlpasaa lipèmèt langpeyiafranchinandomènmizik. Li pa t bouke rafrechi memwa asistansla sou nesesite pou n bay timoun yo bonjanfòmasyonpandanyopiti.Soubòpali,MichelineLaudunDenistepwofiteremètpatisipanyoyonCDmizikpoutimounakyonlivgid-mètkikapabakonpayepwofesèmizikkitarenmentravaysoulobedyansmetòdJadenMizikla.JadenMiziklaprezantenande(2)lang:

kreyòlakfransè.Daprètemwayajkèkpatisipan,madamDenisreyalizeyontravayenpòtankialenansansmodènizasyonsistèmedikasyonnanpeyiasitounankindègadenn,kotesechantefranse,kipatoujougenyenrapòakreyalitetimounnouyoapviv,kidominerepètwachantepoutimoun.“Lekòl, kòm yon ajan sosyalizasyon ki puisananpil, ta dwe konsidere reyalite pa timoun yo.Chanteyoapapranntadwemakònenakreyalitelengwistikakkiltirèlyo”.Noutapsiteyonnnanpatisipannankozria.Akademi Kreyòl Ayisyen te pwofite remètMichelineLaudunDenisyonplakOnèakMerit,yonfasonpoulidilimèsipoutoutsalireyalizenan domèn mizik ak pou metòd sa a li potebay toutmoun k ap pratikemizik. Pyanis la teresevwaplaklaakanpilplezinanmenPrezidanJeanPaurisJean-Baptistekitegenyenbòkotelikat(4)lòtAkademisyen:AdelineChancy,PierreMichel Chéry, Clotaire Saint-Natus ak MarieRodnyLaurentEstéus.

Misyon AKA nan Latibonit

Sòti11pourive14avril2018,AkademiKreyòlAyisyen te reyalize yonmisyon pou premye

fwananÈnri,TènèvakGwomòn,3kominnanDepatman Latibonit.Li te anime plizyèkonferans pou elèvak pwofesè nan LiseToussaint Louverture,L’Ecole Nationalede Deranne, l’EgliseBaptiste ConservatricedeTerre-Neuveaknanoditoryòm Eulalue duRocher.Patisipan yo te vrèmankontan aktivite a.Akademi an te pwofitedistribiye premyerezolisyon òtograf lang

kreyòl ayisyen an, rezolisyon fowòm sou dwalengwistiktimounlekòlla,depliyanAKAakkèknimewoJounalBonNouvèl.

Prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen nan Tènèv, 13 avril 2018

Page 6: Bilten AKADEMI KREYÒL AYISYEN · 2018. 10. 5. · • Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo! • Espas refleksyon Akademisyen • Kalandriye aktivite AKA pou

6

Akademi Kreyòl Ayisyen nan Bomon

Akademi Kreyòl Ayisyen te patisipe naninogirasyon Bibliyotèk Entènasyonal Bomon,dimanch 21 janvye 2018, nan okazyon

selebrasyon 25èm anivèsè Lise Nasyonal Bomon an. Akademi an te pwofite moman sa a pou li onorememwaAkademisyenClaudeC.Pierre ki temoun Koray e kimouri an 2017.Prezidan Akademi an, Pauris Jean-Baptiste,te pwofite okazyon an pou li prezante travayAkademisyen Claude C. Pierre epi raple wòl lite jwenanmeteAkademiansoupye.Prezidananterankontretouotoritesivil,politikakrelijyezònnanpoulisansibilizeyosouenpòtanstravayenstitisyonlapdirijea.

Tomond ap Li

AkademiKreyòlAyisyen te reponnprezannankominTomondkòmEnviteEspesyal pou li tepatisipe nan aktivite kiltirèl « Tomond ap li »vandredi16aksamdi17mas2018.Aktivitesilaa tedewoulenanokazyonFètPatwonal kominTomond nan (19 mas). Plizyè asosyasyon temet tèt ansanm pou yo òganize aktivite sa yo,noukapab site :FondationdesAnciensElèvesde l’Ecole Marie Auxiliatrice de Thomonde(FAEEMAT), Collectif des Actions Socio-CulturellespourleDéveloppement(CASCUDE),SolidaritédesJeunesdeThomonde(SOJETHO)ak Mouvement des Jeunes Innovateurs deThomonde(MOJIT).

AkademiKreyòlAyisyenansanmavèkEditionsMiroir,Editionsdel’Universitéd’Etatd’HaïtiakEditionsChoucouneteespozeplispase300titlivkreyòlkiteresevwavizitplizyèdizènpatisipan(timoun, jèn kou granmoun). Se nan menmokazyon sa a reprezantan AKA yo te reponnkesyonpatisipanyoepiyotepwofiteremètchakvizitè yon depliyan prezantasyon Akademi an,yon jounalBonNouvèlak livrèRezolisyonsouòtograf lang kreyòl la ak sou Dwa lengwistikTimoun. Òganizatè Tomond ap Li yo mandeAkademi an akedisyonki teprezanyopouyotoujou patisipe nan aktivite kiltirèl sa a k apkontinyefètchakanenanmenmperyòdla.

Foto souvni delegasyon AKA ak elèv Bomon

Espozisyon liv nan Tomond

Delegasyon Akademi Kreyòl Ayisyen

Page 7: Bilten AKADEMI KREYÒL AYISYEN · 2018. 10. 5. · • Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo! • Espas refleksyon Akademisyen • Kalandriye aktivite AKA pou

7

Fred Edson Lafortune ranpòte 4èm edisyon Pri Pwezi Kreyòl Dominique Batraville nan JakmèlAkademiKreyòlAyisyenpatisipenanseremoniofisyèl pou remèt prim 4èm edisyon Pri PweziKreyòlDominiqueBatravillela.EdisyonPuliciatereyalizeseremoniannandat13janvye2018,nansalkonferansmeriJakmèlla.Edisyon Pulucia kreye Pri Pwezi KreyòlDominiqueBatraville lanan lane2014.Depi lèsaa,chakanelirekonpanse2ekrivenkipwoduiankreyòl.Poulane2017la(4èmedisyon),seFredEdsonLafortunekiranpòtepremyepria.Sekretè Egzekitif Akademi an, Luna Gourgue,

te pwofite okazyon sa a pou li rankontre kèkpwofesè lang kreyòl ak kèk jèn dizè, eslamè,powètDepatman Sidès la. Pandan rankont silaa, Direktè Jeneral Edisyon Pulucia a, AncionPierre-Paul,mandeAkademian pou lipatisipeofisyèlmankòmko-òganizatèPriaapatilane2018(5èm edisyon) menmjan ak Alliance Française.PwofesèkreyòlyomenmtemandeAkademianpou liòganize fòmasyonsoudidaktik langpouyo.

Lansman Regwoupman Pwofesè Kreyòl nan Vèrèt

AkademiKreyòlAyisyenpatisipe,sòti14rive16sektanm 2017 nan kominVèrèt, nan lansmanRegwoupman Pwofesè Kreyòl. Delegasyon

AkademiantepwofiteokazyonanpouliviziteBibliyotèkKominotèDechapèl la, kote li te fèyontikozeakpibliklakitegenladanlipwofesèkreyòl, ekriven, powèt, etidyan ak lòt manmpopilasyon lokal la. PrezidanAkademi an, JeanPaurisJean-Baptistekitenantètdelegasyonan,te pale sou kreyasyon ak misyon Akademi anpandanlipateneglijepatajekèktemwayajkigenrapòakistwalinanlitpoulangkreyòllarivepranplaslinansosyetea.AkademisyenRogédaDorcéDorcilteensistesouenpòtanslangkreyòllapouvansmanedikasyonnanpeyia.

Senatè Jean Renel Sénatus vizite Akademi Kreyòl Ayisyen PrezidanKomisyonJistisSenaRepiblikla,SenatèJeanRenelSénatus,tevizitebiwoAkademiKreyòlAyisyenanjoumèkredi13desanm2017la.SenatèSénatusakreprezantanAkademiantediskitesouitilizasyon lang kreyòl la nan preparasyon tèkslwayo,espesyalmannouvokòdpenallaaknouvokòdpwosedipenalla,janKonstitisyonanmande Senatè Jean Renel Senatus nan lokal AKA, 13 desanm 2017

Foto souvni Prezidan AKA ak yon gwoup elèv ak pwofesè, nan Vèrèt

Page 8: Bilten AKADEMI KREYÒL AYISYEN · 2018. 10. 5. · • Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo! • Espas refleksyon Akademisyen • Kalandriye aktivite AKA pou

8

sa. Senatè Sénatus ak Prezidan Akademi anpwomètyapkontinyechitapaleyo.ReprezantanAkademianmandeSenatèSénatuspoulifasilitetravayAkademiannanankourajeaplikasyonrèg

lang kreyòl la kòmsadwanan travay palman anespesyalmannanSenaRepiblikla.

Amandman Konstitisyon an: kisa AKA panse?

PrezidankomisyonkaptravaysouamandmanKonstitisyon1987la,DepiteJerryTardieu,te

viziteAkademiKreyòlAyisyenjedi5avril2018la,aprèyonpremyechitapale li te fèakDirijanAkademiansoukesyonamandmanKonstitisyonan.Vizit sa a se tepou rapousuivdiskisyon yote deja kòmanse yo. Prezidan komisyon an temande Akademi an èd li nan tradiksyon toutdokimankomisyon l apdirije a apprepare soukesyonamandmanan.

Akademi an vle mete aksan sou nesesite pouKonstitisyon amande a gen yon vèsyon kreyòlki respekte tout règ lang nan. Pou sa, li te ofrikomisyonanèdlipoulirevizetoutvèsyonkreyòldokiman yo. Se konsa Akademi an travay soupremyevèsyonkreyòlkomisyonantegenyenan”Sanasyonanpanse”eAKAapkontinyetravaysoutoutrèsdokimanyorivejisnanvèsyonfinalla.

Vizit Depite Jerry Tardieu nan AKA, 5 avril 2018

Page 9: Bilten AKADEMI KREYÒL AYISYEN · 2018. 10. 5. · • Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo! • Espas refleksyon Akademisyen • Kalandriye aktivite AKA pou

9

Lanmò Akademisyen Rachel Beauvoir Dominique

An t w o p o l ò gR a c h e l

B e a u v o i rDominique mourijouvandredi5janvye2018 la. KonsèyAkademisyen an,nanAsanble Jeneral

linanmwadesanm2017la,teapwouvekandidatiMadam Dominique kòm Akademisyen. Nanseremonienstalasyon5nouvoAkademisyennanmwafevriye2018la,semariliDidierDominique,ki te resevwa sètifika Rachel Dominique kikonsèvetitAkademisyenanmalgrelimouri.

Omaj pou Iv Dejan nan okazyon lanmò li

Akademi Kreyòl Ayisyen te òganize yonveye omaj pou Pwofesè Iv Dejan, madi

3 avril 2018 la nan lokalDirection des EtudesPost-Graduées de l’Université d’Etat d’Haïti(UEH), Pacot, nan okazyon lanmò li nan dat29mas 2018.Plizyè pèsonalite te pran lapawòlnan okazyon an pou yo temwaye sou zèv akvi Pwofesè Dejan. Pami pèsonalite sa yo nouka site: Sekretè Leta pou Alfabetizasyon an,Mesye Emile Brutus; Visdwayen akademik

Fakilte Lengwistik Aplike a, Mesye WilhemMichel; Pwofesè Lemète Zéphyr ; VisprezidanAkademi Kreyòl Ayisyen an, AkademisyenRodny Laurent Estéus; Akademisyen AdelineChancy; Akademisyen Jocelyne Trouillot.Tout temwayaj yo temete aksan sou kalite zèvpwofesèDejanyoakangajmanlipoulitedefannlang ak kilti kreyòl la. Jou mèkredi 4 avril lamenm,a9ènanmaten,yondelegasyonAkademiantepatisipenanantèmanPwofesèDejankitefètnanleglizSaintLouisRoideFrance,Turgeau.AkademiKreyòlAyisyensalyememwapwofesèIvDejanpoutouttravaylifèpouvansmanlangakkiltikreyòllasitounandomènedikasyon.

Delegasyon Akademisyen yo nan antèman pwofesè Dejan

Pwofesè Iv Dejan

Akademisyen Rachel B. Dominique

Page 10: Bilten AKADEMI KREYÒL AYISYEN · 2018. 10. 5. · • Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo! • Espas refleksyon Akademisyen • Kalandriye aktivite AKA pou

10

Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo !

Langakkiltise2makfabrikidantiteyonpèp.Pa gen yon pèp ki egziste ki pa gen yon

lang, yon kilti ki rele l chèmèt chèmètrès e kikarakterize li. E toulèdemache ansanm : Langnan se yon eleman anndan kilti a anmenm tanlangnanpèmètouesprimekiltia,liseyonnnanmanifestasyonidantitekiltirèlyonpèp.Se nan lide sa a, Akademi Kreyòl Ayisyen apselebreMwa Lang akKiltiKreyòl 2018 la soutèm:Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo!,seyonfasonpoulienvitetoutmounfèyonefòanplispouyorespekterèglangkreyòllananpaletankounanekri.Akademianchwazitèmsaaapatiobsèvasyonlifènanjanmounappale,janmounapekrikreyòllakipakoresponnakprensiplangnan.Jeneralman,paskesekreyòlgenmounkigentandansditoutvoumsedo.Yopanseyokapalelnenpòtkifason,yokaekriljanyovle.Menlèseyonlòtlangtoutmounkonfòmeyonanchèchekonnentoutrègyo,toutprensipyopouyopafèfot,pouyopaleak ekri yo byen. Alòske, kreyòl la se yon langmenmjanaktoutlangsayo.Ekòmtoutlangligenrègsentaksik,mòfolojik,fonolojikli,elatriye.Toutmounkapitilizelangnandwerespekteyo.Serègakprensipsayokifèyonlangdiferanakyonlòtlang,menmsiyogendwasanblesoukèkpwen.Sesakifèyonmounkapakonnni liniekrimenkouyonmounappaleyon langkipalanglialiidantifyesaa.

Sekonsa,nankadbataylapmennenpourespèlangnan,Akademian,nanmwajen2017,tefèsotiansanmakMENFP,FLA,yonrezolisyonsouòtograf langkreyòllapoupèmètpopilasyonanjwennzoutipouliekrilangnanbyen;nanmwanovanm2017,ansanmakUNESCO,MENFP,litereyalizenanDepatmanNòyonfòmasyonsoudidaktik langmatènèlpoupwofesèkreyòl ;nanmwame2018, li teòganize yon fòmasyon soukominikasyon kreyòl pou jounalis yon mannyèpou yo kapab itilize lang kreyòl la pi byennanmesaj, nan enfòmasyon y ap bay nan radyo aknantelevizyon.E,Akademianpapkanpela.Lapkontinye travaypou li potebonjanmateryèlpoupopilasyonankapabjwennzoutipoulibyenekri lang nan, pou direktè ak pwofesè lekòl yokapabanseyelipibyen.Pou mwa oktòb 2018 la, Akademi an prevwaòganize fòmasyon pou pwofesè ak jounalisGonayiv.Epinanpwojè li,Akademiangenyenpou li fè soti yon lòt rezolisyonk ap chita soukesyonsentakslangkreyòlla.Palelangnan,ekrilangnan,itilizelinantoutdomènsebyenmenpalelangnan,ekrilikòrèktemanserespektelangnanerespektetètnoukòmAyisyen.Sepousa,Akademianenvitetoutmounkapsèviaklangkreyòlla:editè,ekriven,jounalis,direktè,pwofesè,toutenstitisyonyo(Letakouprive)pouyorespektetoutrèglangkreyòllagenyenkitnanpale,kitnanekri.

Espas refleksyon Akademisyen

AkademiKreyòlAyisyendesideòganizechakmwayon«EspasrefleksyonAkademisyen»

poulipèmètAkademisyenyoreflechi,baylideyosoukèksijèenpòtansoukesyonlang,edikasyon,lajistis, elatriye. Se nan sans sa a, Akademi antereyalizepremyeespasrefleksyonansouPlanDécennal d’Éducation et de Formation 2017-

2027(PDEF),vandredi25me2018lasoti9ènanmatenpourive3ènanaprèmidi,nanlokalSociétéBibliqueHaïtiennenan.Akademiantapreflechisou dokiman sa aMinistèEdikasyonNasyonaltevoyebalinanlidepoulipwoduikòmantèaksijesyonli.Tegenyenanpildiskiysonsoudiferanpwen ki te nan plan sa a. Se konsa, apre tout

Page 11: Bilten AKADEMI KREYÒL AYISYEN · 2018. 10. 5. · • Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo! • Espas refleksyon Akademisyen • Kalandriye aktivite AKA pou

11

braselideyo,Akademiansotiakpwopozisyonsayo.

• Pwoblematik amenajman lang kreyòl lanan sistèm edikatif la dwe parèt klè nanmizankontèksdokimanPDEFla;

• Amelyorasyon kalite edikasyon an dwedaplonakitilizasyonlangkreyòllakòmlangansèymannanlekòlyo;

• Lekti ak Ekriti se pivo pou amelyore kaliteedikasyonyonsosyete,lienpòtanpouPDEFlabaykreyòllaplaslimeritenanaktivitelektiakekriti,PDEFladwegenplisanbisyonnanpèspektiv pou amelyore kapasite lekti-ekritielèvyo

• PDEF la dwe konsidere diferans lengwistikyonanSuiviakEvalyasyonaprantisajla;

• Evalyasyonpedagojikpoutimoun6lanekaprantrelekòldwefètnanlangkreyòl;

• Dokiman PDEF la dwe klarifye pou toutmounplaslangkreyòllaapjwenanpwogramnouvosegondèyo;

• Langkreyòlladwelangansèymanpoumatyètankou : Istwa, Jewografi,Enstriksyon sivik,Literatiaysisyen(Espresyonkreyòl)nantoutsistèmnan.

Kalandriye aktivite AKA pou mwa lang ak kilti kreyòl 2018 la

Aktivite Dat / Lè

1 KonferanspouLaprès(Nankad«Leslundisdelapresse») Lendi1eoktòb9è30nanmaten

2 SeremonilansmanMwaLangakKiltiKreyòlla Madi 5 oktòb 10ènanmaten

3Konferanssoutèmmwalangakkiltikreyòllananlekòl,inivèsite,bibliyotèk,santkiltirèl/Espozisyonlivakdokimankreyòl Toutmwaoktòbla

4 FòmasyonpoujounalisLatibonitJedi25oktòb8è nan maten-4ènanaprèmidi

5 FòmasyonpoupwofesèkreyòlLatibonitVandredi26oktòb8è nan maten-4ènanaprèmidi

6 KonbitbwazmanterenAKAnanmònblan(Gonayiv) Samdi27oktòb9ènanmaten

7Seremoniofisyèlpoumeteboutnanaktivitemwa langakkiltikreyòl la(Gonayiv).KoudjayKiltirèl

Samdi27oktòb4ènanaprèmidi

Page 12: Bilten AKADEMI KREYÒL AYISYEN · 2018. 10. 5. · • Tankou tout lang, kreyòl gen règ li, an nou respekte yo! • Espas refleksyon Akademisyen • Kalandriye aktivite AKA pou

12

AKADEMI KREYÒL AYISYEN#6, Ri des Marguerites, Turgeau, Pòtoprens, Ayiti

(509) 3333-0816 / [email protected]

www.akademikreyol.net

Ekip Bilten an

PwodiksyonDireksyonkominikasyonAKA

RedaksyonMidelineDragonJules-SaintEmmanuelLafalaiseAnivinceJeanBaptiste

KoreksyonLunaGourgueJeanRonyBeaucicault

RevizyonKomisyonKominikasyonAKA

KonsepsyonHeroldJoseph

PiblikasyonSekretaryaEgzekitif AKA

Pwovèb kreyòlKrab mache krab gra ki vle di yonmoun dwe toujouchachetravay,pozeaksyon,fèjefòpoulchanjekondisyonlapvivpaskesioulevechakjououpabouje,oupapjanmvanse.

Moun ki tonbe pou ou, se pou li ou woule ki vledimounki fè sakrifispouou,mounki edeounan lavi seli pou w ede lè li nan yonmove enpas, nan yonmovesitiyasyon.

Espas lektè yoOu bezwen bay lide w sou travay Akademi KreyòlAyisyenfèdejaak lòt travay li tadwefè !OubezwenenfòmasyonsouAkademiKreyòlAyisyenan!Ekri Akademi an sou: direksyonkominikasyon@akademikreyol.netoubyenoukavizitepajfacebookAkademian:facebook/akademikreyolaksitentènètli:www.akademikreyol.net