2012-2013 pakè anrichman pou ete a...pakè anrichman pou ete a gen aktivite ki eksplore...

29
2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a

Upload: others

Post on 18-Jan-2020

4 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

2012-2013

Pakè Anrichman pou Ete a

Page 2: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

Entwodiksyon Jiyè a Out se de mwa nan ete a ki gen anpil « Tan e Amizman pou Fanmi »! Rechèch demontre ke de mwa sa yo kritik pou

elèv bliye enfòmasyon valab yo te aprann pandan ane lekòl la. Nan yon efò pou asire ke ti moun ou yo kontinye

joune yo pou yo prè pou kindergarten, pwofesè ki nan « Orange Early Childhood Department », mete ansanm

espesyal Pakè Anrichman pou Ete sa a pou ede ti moun ou yo kontinye aprann diran TOUT ete a!

Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana

nan yon jan ki amizan e pètinan. Nou planifye 8 sijè pa semèn ki konekte a wèbsit a Ipad e tablet Apps pou kreye

anpil eksperyans ki rich, long ak fòmasyon. Swiv leson yo chak semèn jan yo ye a, ou byen melanje aktivite nan

fason ou renmen… Se desizyon pa ou!

Pakè Anrichman pou Ete te fèt pou fanmi ka kreye aktivite ak men yo e ekspoze ti moun yo avèk eksperyans yo ka

jwenn nan pwòp kominote yo ! Plizyè nan eksperyans yo nou ka jwenn yo la a nan Oranj, epi kèk lòt nou ka jwenn

yo nan vil alantou yo. Pwofesè yo rekòmande pou itilize librèri ki nan zòn lakay ou yo epi siyen GRATIS pou

« REBEL CARD » nan librèri a pou seleksyone liv yo. Nou rekòmande tou pou retounen kèk nan aktivite nou fin fè

yo nan kòmansman ane lekòl 2013-2014 la pou pwofesè yo ka wè yo.

SONJE: Fòmasyon aktiv enpòtan pou siksè ti moun ou yo; yo aprann pi byen lè yap jwe! Kontinye stimile jan ti

moun yo panse diran mwa ete yo epi li chak jou avèk yo!

PASE YON ETE SEN E SOF!

Page 3: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

Tab dè Matyè 1. Ete & Plaj

2. Fanmi & Zanmi

3. Transpòtasyon

4. Mwen menm, Tèt mwen & Mwen

5. Kominote & Moun kap Ede nan Kominote

6. Nitrisyon & Mache

7. Animal & Zou

8. Preparasyon pou Kindergarten

9. Materyèl pou Fòmasyon Siplemantè

a. Wèbsit Syians

b. Bokal Istwa

Page 4: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

1. Ete & Plaj Liv ki Relate

It Looks Like Spilt Milk

by Charles G. Shaw

Rainbow Fish by Marcus

Pfisher

Sali de Paseo by Sue

Williams & Julie Vivas

Sea, Sand, Me! By

Patricia Hubbell & Lisa

Campbell Ernst

Materyèl

Koki (seashells)

Grenn diferan

Magazin

Boutèy soda

Lwil

Vinèg a bikabonad

(ajoute koulè [food

coloring] pou fè

lav (lava) la parèt

pi reyèl)

Boutèy (bokal

manba, bokal

manje pou ti moun,

etc.)

Sann

Kreyati lanmè (Sea

Creatures)

Wòch

Dlo

Aktivite Syans

Vag nan yon Boutèy

Ranpli yon boutèy soda

plastik rive nan mitan

avèk dlo ki gen ten (blue

dye) ble. Aprè, ranpli rès

la avèk lwil. Kounyè a ti

moun ou an ka fè vag lè li

panche boutèy la.

* SYANS: Fè yon papye

mache ou byen yon vòlkan

avèk ajil nan yon ti goblè.

Aprè ou ka fè volkan an

antre an eripsyon avèk

vinèg e bikabonad (ajoute

koulè [food coloring] pou

fè lav (lava) la parèt pi

reyèl).

Konsèy: Pou fè li parèt pi

Plis Aktivite

Five Little Fishies in the

Sea

Five little fishies in the sea

teasing Mr. sharky

you can't catch me

you can't catch me

Well along came Mr.

sharky (softly) as quiet as

can be

He snapped! a fish up

right out of the sea.

Four little fishies in the

sea

teasing Mr. sharky

you can't catch me

you can't catch me

Well along came Mr.

sharky (softly) as quiet as

can be

He snapped! a fish up

right out of the sea.

Aktivite Matematik

Mete objè été pou konte

nan yon kontenè. Kèk ide

se koki, grenn diferan,

linèt solèy ki gen diferan

koulè avèk fòm. Ti moun

nan ka itilize menm objè

sa yo pou triye e fè patèn

tou!

TRIYAJ

Koupe foto nan magazin

de moun kap patisipe nan

diferan aktivite. Invite ti

moun ou an ede ou triye

yo pou mete nan gwoup

aktivite pou ete e ivè.

Aprè ou fin fè triyaj la, ba

li magazin yo e kite li

chèche foto pou kont li

pou li fè yon kolaj ou byen

yon liv pou klas li de

aktivite lè gen bon tan.

Page 5: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

reyèl, kouvri volkan an

avèk ti wòch a pousyè.

*Lanmè nan Boutèy

Sa Ou Bezwen:

Boutèy (bokal manba,

bokal manje pou ti moun,

etc.), Sann, Kreyati lanmè

(Sea Creatures), Wòch,

Dlo.

Sa Pou Fè:

Kite ti moun ou mete sann

avèk ti wòch nan yon

boutèy. Aprèsa, fè li

ajoute ti piti kreyati nan

lanmè ki fèt an plastik

avèk zèb (seaweed).

Finalman, fè li mete dlo a

sèl. Sa a va fè yon bèl

« Lanmè nan Boutèy ».

Nòt: Mete lakòl nan

bouchon boutèy yo pou ti

moun ou yo paka ouvri yo.

Three little fishies in the

sea

teasing Mr. Sharky

you can't catch me

you can't catch me

Well along came Mr.

sharky (softly) as quiet as

can be

He snapped! a fish up

right out of the sea.

Two little fishies in the sea

teasing Mr. Sharky

you can't catch me

you can't catch me

Well along came Mr.

Sharky (softly) as quiet as

can be

He snapped! a fish up

right out of the sea

One little fishy in the sea

teasing Mr. Sharky

you can't catch me

you can't catch me

Well along came Mr.

Sharky (softly) as quiet as

can be

He snapped! that fish up

right out of the sea

Now Mr. Sharky is lonely

can't you see.

Page 6: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

Aktivite Alfabetizasyon

Rainbow Fish

(Aprè ou fini li liv:

« Rainbow Fish » la)

Sa Ou Bezwen:

Papye postè ou byen

papye konstriksyon,

napkin, jwèt zye (Googly

Eyes), papye aliminyòm

(pou fè pwason an klere

[Shiny Gills]), Penti,

Glitter, Boul koton ou

byen papye ki koupe,

Lakòl.

Sa Pou Fè:

Li liv la epi kite ti moun

ou desine pwason

lakansyèl pa yo.

Ide:

Lese ti moun ou pentire

avèk vètè ki fèt avèk

kawotchou ki atache nan

yon zen!

Plis Aktivite

* I'm a Beach Bunny

I'm a little beach bunny

look at me, living on an

island by the sea

I like to dive and I like to

swim

the fish and the sea stars

are my friends

I'm a little beach bunny

look at me, climbing to the

top of a coconut tree

I'll pick a coconut to share

with you

kiwis and bananas and

pineapples too

I'm a little beach bunny

look at me. . .Dancing the

hula. . .One, two, three

Joune

Mennen ti moun ou nan

yon jounen arebò yon plaj.

Li ka kolekte koki, bati

chato ki fèt ak sann epi

obsève kreyati nan lanmè

tankou « jellyfish » (si

genyen). Li ka tou jwe nan

sann lan avèk jwèt tankou

ti bokit, paswa ak pèl, jwe

avèk Frisbee, epi ale

chèche bagay diferan nan

yon chas o trezò (treasure

hunt). Fè yon piknik avèk

manje ou jwenn nan plaj

tankou sandwich, salad

patat avèk banann peze

(chips).

Page 7: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

2. Fanmi & Zanmi Liv ki Relate Bear’s New Friend by Karma Wilson

Corduroy by Don Freeman

Do You Want to Be My Friend? By Eric Carle

Chrysanthemum by Kevin Henkes

How to Lose all your Friends by Nancy Carlson

The Mommy Book by Todd Parr

The Daddy Book by Todd Parr

The Family Book by Todd Parr

The Doorbell Rang by Pat Hutchins

Bertie Just Like Daddy by Marcus Pfister

Goldilocks and the Three Bears (traditional)

I’m a Big Brother/ I’m a Big Sister by Joanna Cole

My Grandma/MiAbuelita by Ginger Foglesong Guy

And The Relatives Came by Cynthia Rylant

Vokabilè

fanmi

paran

zanmi

kowoperasyon

santiman

Materyèl

Chalimo (plizyè koulè, si sa posib)

Fil, fisèl

Papye, papye postè

Kreyon, kreyon koulè, makè

Riban pou mezire

Foto diferan manb nan fanmi ou

Sizo

Ab jenealojik (Family Tree)

[Included]

Kiyè bwa ou byen (Craft sticks)

Aktivite Syans Sosyal

Fè yon manje fanmi an renmen ansanm!

Pran yon randevou pou jwe (play date) avèk

yon zanmi. Ki kote ou prale? Kisa ou pral fè?

Konsidere vizite yon mize (museum), librèri,

ou byen yon pak ansanm.

Ab jenealojik (Family Tree)- Pou sa a, ou va

bezwen foto manb fanmi ou. Koupe foto yo e

mete yo nan yon ab jenealojik (family tree)

(attached). Diskite chak manb fanmi ou e ki

jan nou relate.

Aktivite Syans & Matematik

Trase e koupe men chak moun ki nan

fanmi ou epi ekri non yo sou li. Ki

men ki pi piti? Ki men ki pi gwo?

Mete men yo an òd sòti nan pi piti rive

nan pi gwo.

Mezire otè chak manb nan fanmi ou

an pous (inch) epi itilize adeziv pou

make otè yo sou mi an. Ekri non chak

moun sou adeziv la pou otè yo. Kiyès

ki pi wo? Kiyès ki pi kout? Konbyen

pous oumezire? Eske ou ka konte rive

Teknoloji & Wèbsit

www.familyeducation.com ofri

atizana amizan ak aktivite pou fè

manje epi li gen anpil enfòmasyon

pou fanmi ak ti moun.

www.bedtimemath.org Sou sit sa a,

ou ka siyen pou fè pwoblèm

matematik chak jou pou ti moun. Pou

ti moun ki nan preschool, chwazi

Wee Ones!

www.kidzui.com gen yon lojisyèl

(browser) ki gen anpil sekirite pou ti

moun, avèk anpil jwèt, videyo ak

Page 8: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

nan nimewo sa a?

Koupe plizyè foto manb fanmi ou, sa

ou abite avèk yo e sa ou pa abite avèk

yo. Desine yon mezon sou yon gwo

moso papye ou byen papye postè.

Kole foto fanmi ou abite avèk yo a

andedan kay la. Kole foto fanmi ou pa

abite avèk yo a andeyò kay la. Konte

konbyen fanmi ki abite avèk ou e

konbyen ki pa abite avèk ou. Dekore

foto ou la!

wèbsit ki bon pou ti moun.

Aktivite Alfabetizasyon

Spektak de Maryonèt an Fanmi (Family

Puppet Show) - Kreye yon poupe pou chak

manb fanmi an. Itilize foto fanmi yo pou

chak figi oubyen desine figi pa ou ak papye.

Koupe yo e kole yo nan yon ti bwa (craft

stick) ou byen dèyè yon kiyè bwa. Itilize

poupe yo pou kreye pwòp istwa pa nou

ansanm!

Desine e ekri yon liv de fanmi ou. Wap

jwenn yon lyen (link) la a si ou vle itilize yon

ekzanp.

http://printables.atozteacherstuff.com/downlo

ad/book_family_all.pdf

Ekri yon lèt bay yon zanmi.

Aktivite Sosyal-Emosyonèl

Fè yon braslè avèk chalimo e fil pou

tèt ou e yonn pou chak zanmi ou.

Koupe chalimo a an ti pyès ki mezire

yon pous (1 inch). Mete fil la andedan

chak ti moso chalimo a. Koupe yo fòs

yon braslè.

Aprè ou fin li, How To Lose all Your

Friends by Nancy Carlson, diskite jan

yo aji nan liv la. Kòman nou sipoze

trete zanmi nou? Kòman ou santi ou lè

zanmi ou ba ou kou, pa separe, etc.?

Page 9: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

3. Transpòtasyon Liv ki Relate

-The Big Book of Transportation By

-My Car By: Bryton Barton

-School Bus BY Donald Crew

-Trucks By Donald Crew

-I love Trucks by Philemon Sturges

-The Mighty street Sweeper By: Patrick Moore

-Cars and Trucks and things that go By: Richard

Scarry

-The truck Book By Harry MaNaught

-Go, Dog, Go By: P.D Eastrman

-My Big Train Book

-Thomas and Friends

-Freight Train

-The Fire Engine book

-Little toot By HardieGramatky

-Boats By Byron Barton

Materyèl

Kat avèk foto transpòtasyon

Katon ze ki vid

« Cure-pipe » (Pipe cleaners)

Lakòl

Foto machin (A car print out)

Ti machin /plastik ki laj

Transpòtasyon

Papye

Bouchon boutèy

Fil

Bwat ki resikle (Recycled)

Makè

Liv ki relate ak transpòtasyon

Aktivite Matematik

1. Nimewo Pakin

Itilize machin piti e ekri nimewo sou tèt yo,

epi sou yon moso papye ki kare. Desine lin

sou paye a tankou plas pou pakin aprèsa mete

nimewo sou plas yo avèk menm nimewo sou

machin yo. Kite ti moun nan kondwi ale sou

plas ki gen menm nimewo yo.

2. Teknoloji Syans, Jeni e Matematik

Avèk sipèvizyon, bay ti moun nan kenpòt

transpòtasyon ki laj e fèt an plastik (machin,

bis, kamyon) avèk yon tounevis

(screwdriver). Kite ti moun nan retire vis yo e

dekole transpòtasyon an e vise li ansanm

ankò. Pran yon foto transpòtasyon an pou ti

moun nan ka refere a sa ki sanble

transpòtasyon anvan li te dekole.

Tren Katon Ze

Materyèl – Katon Ze (koupe chak tas ze) «

Cure-pipe » ou byen fil.

Deskripsyon- nan chak tas ze, ekri nimewo

(yon nimewo pa tas) fè ti moun nan mete fil

nan tas ze yo avèk nimewo yo nan òd yo

sipoze ye a. Ti moun nan ka konte e matche

sirèt (jelly beans) ou byen kenpòt lòt bagay

piti a nimewo ki nan tas ze a.

Page 10: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

Aktivite Alfabetizasyon

1. Jwèt: « Devine Transpòtayon an »

Materyèl: Kat a foto transpòtasyon.

Deskripsyon: sou yon fich (index card) mete yon

foto transpòtasyon avèk mo deskriptiv pou

transpòtasyon sou kat la. Kite ti moun nan devine

ki transpòtasyon li ye baze sou ide kap bay yo.

Tren Katon Ze

Materyèl – Katon Ze (koupe chak tas ze) « Cure-

pipe » ou byen fil.

Deskripsyon- nan chak tas ze, ekri lèt ki nan non

ti moun nan (yon lèt pa tas) fè ti moun nan mete fil

nan tas ze yo avèk lèt yo nan òd yo sipoze ye a.

Aktivite sa a ka fèt avèk mo epi avèk non a prenon.

2. Alfabetizasyon et Atizana: Fè liv

transpòtasyon Ti moun ka fè pwòp liv transpòtasyon pa yo si yo

koupe diferan fòm de foto sou transpòtasyon, kole

yo nan yon fèy papye epi asiste yo pou ekri non

transpòtasyon an.

3. Diskite Liv yo aprè nou fin li yo sou diferan

sòt de transpòtasyon. Depann sou laj ti moun yo ou ka ajiste kòman pou

« li » liv sa a.

* Mande ti moun yo pou yo dekri sa yo wè nan

foto yo avèk sa kappase.

* Ki non transpòtasyon yo?

Atizana & Jwèt Kreyativ

1. Kreye yon limyè sikilasyon (traffic

light) ansanm

Materyèl: kenpòt bagay nan kay la ki

koresponn a koulè limyè sikilasyon

(Wouj, Jon, Vè).

Deskripsyon: Itilize materyèl ki nan

kay la pou fè limyè sikilasyon an epi

an fanmi jwe limyè wouj/limyè vè.

Pandan wap kreye limyè sikilasyon an

ansanm, pale ak ti moun ou de koulè ki

nan limyè yo e sa chak koulèyo vle di.

Pale tou sou lòt bagay ki ka gen menm

koulè. Ti moun ki pi gran ka fè son mo

yo e ekri yo sou yon moso papye pou

poste sou koulè ki koresponn avèk yo.

2. Kreye yon transpòtasyon

Materyèl: Bwat ki resikle a kontenè,

lakòl, fil, tout sòt de moso atizana a

bouchon boutèy.

Kite ti moun yo kreye pwòp

transpòtasyon yo.

Chante a « Fingerplays »

The wheels on the Bus Goes Round and

Round

Little Red Caboose

Down By the station

Wagon

Lonely Bus Driver

Get A Ticket

Flying Man Flying Man

Joune

1. Pran yon tren epi pran yon bis; e kolekte

tikè yo, ti moun yo ka konpare tikè pou

diferan sòt de transpòtasyon.

2. Vizite “Imagine That” ki nan Parsippany,

yo gen diferan sòt transpòtasyon ti moun a

eksplore.

3. Vizite “Ikea Parking Lot” nan Elizabeth

pou gade avyon kap pran vòl.

Page 11: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

* Ki moun ki kondwi diferan sòt transpòtasyon

yo?

* Ki kote transpòtasyon fèt? (tè, lè, lanmè, ray)

*Konbyen moun ki ka jwenn plas nan yon gwo

transpòtasyon vs yon transpòtasyon ki piti ?

* Konbyen wou li genyen?

4. Jwèt Machin Alfabè

Materyèl: Foto yon machin pou koupe, alfabè A-Z

nan lèt majiskil e miniskil koupe an sèk.

Deskripsyon: ti moun yo dwe jwenn lèt ki matche

lèt majiskil e miniskil yo lè yo mete lèt yo nan plas

kote wou yo sipoze ye sou machin kite prente a.

Aktivite pou Devlope « Muscle » Piti &

« Muscle » ki Gwo (Gross Motor & Fine

Motor)

1. Pentire kawotchou – Sou yon gwo moso papye,

kite ti moun nan mete machin nan nan penti epi

kouri wou machin yo sou papye a pou kreye

diferan tras.

[Fine Motor] (devlope « muscle » ki piti yo)

2. Ti moun ka itilize pat (play dough) pou kreye

transpòtasyon yo vle.

3. Lave Machin (Car Wash) – ti moun ka itilize

kiyè (scooper) pou retire ti machin nan yon bòl ki

genyen dlo a savon.

Page 12: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

4. Mwen menm, Tèt mwen & Mwen Liv ki Relate

I Like Me

What I Like About

Me

Leo the Late

Bloomer

When I Feel Good

About Myself

Chocolate Me

Materyèl

Fil

Mèt riban

Adeziv

Lakòl

Papye

Makè,

kreyon,

kreyon koulè

Loup

Kaye ki pa

toksik (Non-

toxic ink

pad)

Papye

konstriksyon

[Hole

puncher]

Papye postè

Katon ze

Grenn

vejetab ak flè

Sizo

Pwa

Aktivite Matematik

1. Ki otè mwen ye? Fè ti moun ou an kanpe

e kenbe yon fil sou kò

li. Si gen lòt frè ak sè,

yo ka patisipe. Tepe fil

la a tè a. Kite ti moun

nan itilize yon mèt riban

pou mezire longè fil la.

Ede ti moun nan ekri

meziman li sou papye.

Ti moun ka konpare

pou wè kilès ki pi wo

ou byen pi kout.

2. Konte Katon Ze Prente nimewo 1-12 sou

yon moso papye. Koupe

chak nimewo, klipe

kwen yo pou yo ka

antre nan chak

konpatman ze. Tepe

yon nimewo nan chak

katon ze. Ranpli pati

anlè kontenè ze a avèk

pwa sèch. Travay avèk

ti moun ou an pou konte

konbyen pwa pou mete

nan chak konpatman.

Aktivite Syans

1. Eksplorasyon Anprent

Ou va bezwen:

Papye Blan

Kaye ki pa toksik (Non-toxic ink

pad)

Loup pou ti moun ki nan

Preschool

Kreyon

Fè ti moun ou an itilize loup la

pou gade pwent dwèt li. Mande ti

moun nan pou dekri sa li wè sou

pwent dwèt li. Ede ti moun ou an

itilize kaye ki pa toksik la pou

anprent sou papye a. Ankouraje ti

moun ou an pou fè anprent tout

dwèt li yo. Fè ti moun ou konnen

ke chak moun nan mond lan gen

anprent ki diferan.

2. Jaden Mwen

Kreye yon jaden vejetab ou byen

flè. Ti moun ou an ka gade jan

plant yo grandi e desine foto chak

semèn pou montre kòman plant

yo ap grandi.

Aktivite Syans Sosyal

1. Ab Jenealojik Mwen

Kreye yon ab jenealojik avèk ti

moun ou.

2. Batisman/Kay nan Vwazinaj

Mwen

Fè yon ti mache nan vwazinaj ou a

e ede i moun yo pou idantifye

diferan sòt de batisman/kay/mezon

ou byen biznis. Fè yo di ou kèk

bagay yo ka wè ou jwenn nan

batisman yo.

Page 13: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

Aktivite

Alfabetizasyon

1. Li Amizan

Li yonn nan liv yo

e fè ti moun ou an

desine yon foto de

yon bagay li te

vrèman renmen nan

istwa a. Ankouraje

ti moun ou an pou

ekri mo pou foto

yo.

2. A se pou…

Kreye yon liv

alfabè avèkti moun

nan de enfòmasyon

de li (All About

Me). Liv sa a kapab

baze sou bagay ti

moun nan pi

renmen (pa ekzanp,

premye paj ka

make Aa, avèk yon

foto de yon bagay ti

moun nan renmen

ki kòmanse pa Aa,

aprèsa lòt paj la se

Bb etc.) Ou ka

travay nan liv sa a

pou de semèn ou pi

plis ke sa.

Plis Aktivite

1. Postè Mwen

menm, Tèt mwen

& Mwen

Kreye yon postè

avèk non ti moun an

adrès, laj, nimewo

telefòn li. Ede ti

moun ou an ekri

enfòmasyon an sou

postè a. Desine foto

bagay li pi renmen,

ou byen koupe foto

nan magazin e kole

yo nan postè a.

2. Tèt, Epòl, Jenou,

e Dwèt Pye

Ede ti moun ou an

desine foto pati nan

kò li, fè ti moun nan

di non pati kò li.

Ekri kòmansman son

lèt yo a kote chak

pati nan kò li.

Joune

Vizite librèri a pou

jwenn liv ki relate a sijè

Mwen menm, Tèt

mwen & Mwen. Fè yon

joune nan mize ki pi pre

kay ou.

Wèbsit & Lyen

Wèbsit sa yo gen liv ou ka prente

avèk aktivite sou sijè a:

http://prek8.com/english/writing/

minibook1.html

http://www.kidprintables.com/alla

boutme/

Wèbsit sa a gen kèk aktivite sou

Mwen menm, Tèt mwen &

Mwen:

http://www.starfall.com/n/level-

b/me/play.htm?f

Aktivite Sosyal-Emosyonèl

1. Kat Emosyon

Mande ti moun nan, « Kòman ou

santi ou jodi a? » Make repons epi

kreye yon kat. Fè ti moun nan

desine foto kòman li santi li. Pale

avèk ti moun nan pou li kapab di

ou pouki li santi konsa a.

2. Mwen Spesyal Paske...

Fè yon jwèt avèk ti moun ou yo.

Di li pou li kapab fini fraz sa a:

« Mwen spesyal paske… » Make

repons yo.

Page 14: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

5. Kominote & Moun kap Ede nan Kominote Liv ki Relate

-When I Grow Up by Tina Louise &

Oliver Corwin

-Community Helpers from A to Z by

Bobbie Kalman

-A Day in the Life of a Police Officer

by Linda Hayward

-A Day in the Life of a Teacher By

Linda Hayward

-Macy Goes to the Library by

Cambridge, MA

Materyèl

Foto moun kap ede nan

kominote avèk inifòm sou

yo.

Nimewo ki déjà koupe,

anvlòp, lèt, sembòl, klasè.

Po ze, ji zoraj, soda, lèt, dlo.

Ekzanp kourye (Mail),

ekzanp adrès.

Balans (Measuring scale),

bwat, tenb.

Poupe (Stuffed animals),

inifòm doktè pou jwe

(pretend), stetoskop.

Gwo lakrè (Sidewalk chalk),

boutèy dlo, bwat ble, lapòs

ki fèt an bwat, infòm faktè.

Plum, kreyon, kaye.

Tuyo an plastik pou plonbri,

vantouz (plungers).

Ekzanp machin, etikèt, jwèt

kòb.

Machin diferan pou

konstriksyon, pentu, papye.

Ekzanp plak, moso papye

avèk lèt ki ekri, lèt fèt a

Aktivite Syans

1. Efè Move Manje

sou Dan

Pran plizyè moso po ze.

Tranpe yon moso diran

sware nan yonn nan likid sa

yo: ji zoranj, soda, lèt, a

dlo. Nan demen maten,

obzève chak kontenè a efè

likid yo te genyen sou po

ze yo. Pale sou kòman po

ze yo reprezante dan ou e

sa yo se efè likid yo va

genyen sou dan ou lè ou

bwè yo. Aprè ou tranpe yo

pandan sware a, dlo a ak lèt

la pap gen anpil efè sou po

ze yo pandan soda a ap fè

tach maron parèt sou po ze

yo. Pandan ou ap itilize dan

an, pale a ti moun yo de

kari (cavities) a enpòtans

pou vizite dantis.

Ankouraje yo e pale pouki

dantis enpòtan e sa yo fè

pou ede moun.

2. Kòman Kourye

Aktivite Matematik

1. Jwèt Matche

Chèche objè ou byen foto

ki koresponn a diferan

moun kap ede nan

kominote a (bwat kourye,

chèz dantis, machin

ponpye, etc.). Anplis,

chèche foto moun kap

ede avèk inifòm. Aprè,

ankouraje ti moun yo pou

yo matche objè yo a foto

yo (i.e. Machin ponpye

avèk ponpye yo).

2. Faktè

Koupe anpil mòso bwat

postal. Mete nimewo, lèt,

ou byen senbòl sou chak

bwat postal. Aprè, pran

anpil anvlòp (oo byen

itilize papye konstriksyon

e fè pa ou) pou fè kourye

e mete yon nimewo, lèt,

ou byen senbòl ki

koresponn sou li. Fè ti

moun yo matche kourye

a avèk bwat postal ki

Page 15: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

mous.

(Mail) Travay

Pale avèk ti moun yo sou

kòman kourye travay. Di

yo se jis yon gran jwèt pou

matche. Moun kap separe

yo matche vil/kòd postal

nan vrè lokasyon yo, epi

faktè yo separe yo matche

yo ou byen delivre yo nan

adrès yo sipoze ye a. Itilize

kourye ou pa bezwen pou

ede ti moun yo jwenn

vil/kòd postal yo ye avèk

tenb, adrès, a adrès pou

retounen lèt la.

koresponn avèk li.

Aktivite Alfabetizasyon

1. Aprobasyon Dantis

Koupe de gwo dan a papye

konstriksyon blan avèk anpil ekzanp

manje ki bon pou ou a manje ki pa

bon pou ou nan jounal mache yo.

Aprè, ankouraje ti moun ou pou

separe manje dantis la tap dakò pou

manje. Make « bon manje » nan yon

dan e « move manje » nan lòt la epi

fè ti moun ou an kole foto manje sou

dan ki apwopriye a.

2. Moun kap Ede Machin

Machin a zouti ede moun travay e

jwe. Mande ti moun ou an pou li

panse a tout machin e zouti li ka

jwenn lakay la. Pandan yap site non

Aktivite Sosyal-Emosyonèl

1. Balans pou Kourye

Itilize balans ki gen lakay la (balans

kwizin, balans twalèt, etc.), kite ti

moun nan fè pwòp kourye li e peze

li. Mete kourye a nan bwat ou byen

kontenè menm jan yo fè lapòs.

Apresa, ti moun nan ka mete tenb

(yo ka itilize kenpòt etikèt) an

kontan konbyen tenb pou chak

kourye. Fè yo sonje ke depi kourye a

gwo, se plis tenb kourye a ap

bezwen. Pou plis amizman, ti moun

ou an ka fè tankou li se yon faktè

kap delivre kourye bay manb fanmi

e zanmi li nan kominote a.

2. Lopital Poupe

Kite ti moun fè tankou li se yon

Aktivite Syans Sosyal

1. Etèn Dife yo!

Itilize gwo lakrè wouj e

jon. Desine flanb dife sou

twotwa a ou byen ale a e

kite ti moun an etèn yo

avèk dlo.

2. Ide Plonbe

Bay ti moun ou an anpil

tuyo plastik (ou ka achte yo

bon mache ou byen fè yo a

papye ijyenik ou papye

napkin) e ankouraje yo pou

yo jwe e bati kay ak yo.

Montre yo e eksperimante

kòman dlo e/ou byen objè

yo soti nan tuyo yo. Pale

sou plonbe e kòman lè tuyo

Plis Aktivite

1. Bay plizyè

diferan machin

konstriksyon.

Kite ti moun nan

fè mak katchou lè

li woule machin

nan pentu e

aprèsa sou papye.

2. Jwèt Plak Machin

pou Polis

Mande ti moun ou an pou

li fè tankou lap kondwi

yon machin polis. Mete

yon moso papye avèk

yon lèt ekri sou li ki

plake sou do chofè a. Ti

Page 16: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

yo, fè yon lis sou yon moso papye.

Aprè, mache lakay la e tcheke tout

machin e zouti kite nan lis la. Pandan

wap tcheke yo, diskite kòman

machin e zouti yo travay.

3. Lapòs

Kyere yon lapòs ki piti sou yon tab

avèk papye, anvlòp, a etikèt. Yon

postè ki montre konbyen chak bagay

koute (kole peni [pennies] akote

chak bagay). Ti moun yo dwe konte

konbyen peni yo bezwen pou

« achte » materyo yo bezwen itilize

yo. Ti moun yo dwe « ekri » yon lèt

bay yon moun kap itilize materyo ke

yo achte yo.

doktè ou byen veterinè avèk poupe.

Mete poupe nan klinik lakay ou,

ankouraje ti moun yo pou yo yon

doktè ou byen enfimyè kap pran

swen malad. Li ka fè tankou lap fè

operasyon ou byen konfòte poupe

yo. Pale sou kòman poupe yo ye lè

yo malad e sa ki fè santi yo konsa a.

Poze yo kesyon tankou : « Kòman

poupe yo ap santi yo lè yo geri?

Pouki? »

yo kase ou byen bouche,

yon plonbè ka ede ranje yo.

3. Lapòs nan Chanb

Pentire yon gwo bwat ble

ou byen itilize papye

konstriksyon ble pou bati

yon bwat postal. Epi koupe

li pou li gen twa bò avèk

yon fenèt. Ou ka fè yon

lapòs si ou fè yon sin ke ti

moun ou ekri: « Lapòs ».

Anplis, ou ka ajoute yon

bwat ki plen ak anvlòp,

tenb (etikèt), plum/kreyon,

kaye, etc.

moun nan kondwi arebò

tab la e stasyone nan plas

li. Aprèsa, ti moun nan

jwenn lèt ki sou do li a

nan yon pil kat ki gen lèt,

lèt ki gen leman, ou lèt ki

fèt an mous. Repete sa

pandan ou ap itilize yon

nouvo lèt chak fwa.

Wèbsit & Lyen:

http://www.everythingpreschool.com

http://www.prekinders.com

Joune

Fè yon joune ale nan:

1. Bank

2. Librèri

3. Makèt

4. Stasyon Polis

5. Doktè ou byen Dantis

6. Mezon Ponpye

7. Salon bote ou byen salon

kwafi

8. Stasyon Televizyon ou

Radyo

9. Palè Jistis

10. Ayryopò

11. Fèm

12. Restoran

Page 17: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

6. Nitrisyon & Mache

Liv ki Relate

Eating the Alphabet , Fruits

and

Vegetables from A to Z by

Lois Ehlert

To Market, To Market by

Anne Miranda

The Doorbell Rang by Pat

Hutchins

The Carrot Seed by Ruth

Krauss

Don’t Forget the Bacon!

By Pat Hutchings

Mo Vokabilè

Charyo

mache

(Shopping

cart), lin pou

peye, ale

(aisle), etaj,

boulanje,

konjelatè

(freezer), sin,

kès lajan,

kliyan, kesye

(cashier), pèz

Materyèl

Bwochi pou achte manje

chak semèn avèk foto fwi

ak vejetab

Etikèt ki sòti sou mamit

ki resikle, sereyal a bwat

biswit, koupon

Bon fwi ak vejetab

(separe, konte, patèn

koulè, etc.)

Boutèy dlo/soda vid ki

resikle ki fèt an plastik ki

klè avèk bouchon

Lwil vejetab

Boutèy vid ki resikle &

bwat (lit [quart], pent

[pint], galon, liv [pound]

a douzèn)

Sizo

Makè

Kreyon koulè

Kreyon

Lakòl

Kaye

Papye konstriksyon

Règ pou mezire

Loup

Liv a magazin ki gen pou

Aktivite Sosyal-

Emosyonèl

Nan mache a, ti

moun ak

granmoun ka

pratike kanpe

nan lin youn

aprè lòt.

Eksplore kòman

moun peye nan

mache a – peye

a mete pwodwi

nan sachè.

Aktivite Matematik

Fè yon lis bagay pou

achte e fè ti moun ou

desine foto yo epi

ekri mo yo ou byen

koupe imaj nan yon

bwochi mache e kole

yo sou lis la.

Konte/separe e

matche fwi/vejetab

avèk lòt bagay ou

jwenn lakay la.

Kreye yon (AB ou

byen ABC) patèn sou

yon plat avèk de ou

byen twa diferan typ

de fwi ke ou koupe

an ti mòso, pòm,

rezen, pòm, rezen,

pòm, rezen, etc...

Inite a Mezi: Ekri mo

sa yo: lit [quart], pent

[pint], galon, liv

[pound] a douzèn.

Page 18: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

fè a nitrisyon/mache. Pwente diferan

meziman/dimansyon

pou ti moun yo nan

mache a.

Aktivite Alfabetizasyon

Fè yon resèt pou

soup. Ti moun yo

ka panse sou sa nap

bezwen e desine yo

sou papye.

Revize lèt yo an

itilizan bagay nou

jwenn nan mache.

Ekzanp: A is Apple,

B is beans, C is

celery, fresh and

green, D is

doughnut, E is

Egg…….

Idantifye e dekri

diferan sòt prent ki

nan anviwònman

mache a.

Koupe etikèt ki sòti

nan ti mamit,

sereyal a bwat

biswit, koupon a lòt

objè yo prente nan

Aktivite Syans

Eksplore

pouki li bon

pou moun

manje anpil

fwi a vejetab.

Ekzamine

diferan grenn

fwi a vejetab

anba yon

loup.

Bay anpil

diferan likid,

boutèy soda

vid ki fèt an

plastik ki klè

avèk

bouchon,

avèk lwil

vejetab. Kite

ti moun yo

melanje

diferan likid

ansanm nan

boutèy,

Aktivite Syans Sosyal

Pran diferan ekzanp de

manje ki soti toupatou

nan lemond. Di pouki

diferan manje vle di

diferan bagay pou

diferan moun. Itilize

senk sans yo pou

eksplore e goute diferan

manje.

Wèbsit & Lyen

www.nourishinteracti

ve.com/nutrition-

education-printables

preschoolalphabet.blo

gspot.com/2011/06/hea

lthy-or-food

www.kidsparkz.com/s

upermarket.html

pbskids.org/arthur/ga

mes/groovygarden/inde

x.html

Plis Aktivite

Plante e pran swen

plant duran ete a.

Ki bagay nan mache

ki ka bezwen etaj ki

pi wo?

Kòman ou panse

mache jounen jodi yo

ka fèt pi byen ?

Idantifye bagay ki

gen menm son. Ex:

cake and bake

Page 19: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

mache. Ankouraje ti

moun yo pou

identifye lèt,

nimewo, a mo yo

konnen. Kole yo

nan yon gwo papye

pou poste.

obzève

kòman koulè

yo chanje

chak fwa.

Kite ti moun

yo di ou sa ki

pral pase lè

ou ajoute

lwil nan

melanj la.

Joune

Anpil vwayaj nan

mache (Shop Rite,

PathMark, Whole

foods, Bravo, Food

Town, Extra, etc…)

Fè yon lis tout plas ou

vizite nan mache a epi

manje a lòt bagay ou ka

jwenn nan chak. Aprè,

revize e diskite lis la.

Page 20: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

7. Animal & Zou Liv ki Relate

Zoo Animals

Good Night Gorilla

Zoo Animals

Alphabet of Zoo Animals for Kids

Dear Zoo

The Zoo Book

The Underpants Zoo

The View at the Zoo

Wild about Book

Deer Mouse

Materyèl

Yon sachè bonbon (animal

cookies)

Ze nimewo douz ou byen boul

Ping Pong

Foto animal (National Wildlife

bon)

Plat Papye

Fil oranj, jon, mawon a wouj

Boul koton jon

Makè

Kreyon koulè

Lakòl

Papye konstriksyon

Ti sachè pou dejene (blan ou

byen mawon)

Zye plastik

Bwat resiklaj a kontenè

Diferan bagay pou atizana

Aktivite pou Devlope « Muscle » Piti & «

Muscle » ki Gwo (Gross Motor & Fine

Motor)

1. Mouvman Animal

Ankouraje ekspresyon kreyativ ti moun yo

avèk moucman a aktivite preschool sa a :

Deskripsyon: Mande ti moun nan pou li fè

mouvman tankou animal diferan. Ou ka jwe

li tankou « charades », mete nan inite zou ou

byen fè yon parad. Ou ka ajoute son, pou

kalme ti moun yo a la fen. Chwazi animal ki

glise tankou koulèv ou byen chat kap swiv

moun ou byen chwèt (owl) kap vole an

silans.

Fine Motor (Devlopman « Muscle » Piti)

2. Ti moun yo ka itilize pat (play dough)

pou kreye animal yo vle.

Yo ka koupe foto animal tou pou fè yo pi

sanble toujou. Atache yo nan pat tankou

poupe ki fèt ak papye.

Page 21: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

Aktivite Alfabetizasyon

1. Jwèt: « Devine Animal la »

Bonbon ki fèt nan fòm animal fè jwèt sa a amizan

e yon plezi pou « preschoolers » pandan yap

aprann de animal. Ou ka adapte li pou ti moun ki

pi gran ki ka jwe « charades ».

Deskripsyon: ba yo yon sachè bonbon animal e

envite ti moun yo pou yo pran bonbon nan sachè a

yonn aprè lòt. Ti moun ki pi piti ka fè bri ou byen

mouvman animal yo fè a. Ti moun ki pi gran ka

devine ki animal yo genyen. Ti moun ki pi gran ki

ka konprann « charades » ka fè tankou animal la

kenpòt jan yo vle. Ti moun ki gen plis ke 8 ane ka

fè yon jwèt tankou « Pictionary » pandan yap

itilize yon pano ou byen papye.

Komantè: Ou mèt manje animal la aprè ou devine

li!

2. Alfabetizasyon e Atizana: « Liv Zou »

Fè ti moun ki nan kindergarten a ti moun ki pi gran

eksperimante yon zou san yo pa ale nan yon zou.

Deskripsyon: Paran va mande ti moun yo pou ekri

istwa pa yo de ki animal yo ta renmen wè nan yon

zou (ti moun pi piti ka desine animal pa yo) e fè yo

desine li. Lè yo fini, fè yo pataje liv yo a ak manb

fanmi yo si yo vle. Ti moun yo ap benefisye lè yo

tande istwayo e ekri pa yo.

Komantè: Paran yo ka fè kouvèti liv yo ak de fèy

papye ki du e kole de pwent yo ansanm. Aprè, fè ti

Atizana & Jwèt Kreyativ

1. Lyon ki fèt a Plat Papye

Pandan aktivite pou ti moun piti sa a,

yo devlope « Muscle » piti yo e fè yo

kreyativ.

Deskripsyon: Itilize plat papye kòm tèt

lyon. Kole boul koton jòn ou byen fil

an koulè otou plat la pou krinyè

(mane) lyon an. Fè ti moun yo desine e

kolore figi lyon an. Koupe zòrèy yo a

papye konstriksyon e kole yo anlè plat

papye a. Si ou vle, koupe zye lyon an

pou fè yon mask!

2. Poupe Animal Domestik

Ti moun yo ka kreye yon figi animal

domestik nan fon sachè a e dekore

rèsw sachè kòm kò yo.

Montre yo kòman yo ka itilize sachè a

kòm poupe.

3.Kreye yon Animal Domestik

Kite ti moun nan kreye pwòp animal

domestik li! Itilize kenpòt materyèl

atizana ou ka jwenn lakay la e

ankouraje yo pou yo itilize

imajinasyon e kreyativite yo pou kreye

pwòp animal domestik yo.

Aktivite Syans & Matematik

1. Patèn Bonbon Animal

Bay ti moun yo yon sachè bonbon animal e fè

yo fè yon patèn avèk fòm animal yo. Pou ti

moun ki trè jèn, kòmanse yon patèn AB sou

fèy papye blan epi gade pou wè si yo ka fini

li. Ti moun piti yo tou ka fini fè patèn ki fin

fèt pou yo. Pou ti moun ki pi gran, fè yo fè

patèn ki pi difisil san yo pa itilize fèy papye

blan.

2.Syans Teknologi, Jeni a Matematik

Ti moun yo va chèche konnen ki sa ki pa bon

nan yon istwa e fè yon bagay pou ranje

pwoblèn nan. Ti moun yo va kontan pou

kontwole aktivite sa a.

Yon Douzèn Ze

Mete nimewo sou douz ze ou byen boul Ping

Pong 1 a 12 avèk penti ou byen yon plum. Fè

ti moun nan mete ze yo nan òd nimerik nan

yon katon ze. Pou fè aktivite sa a pi fasil pou

ti moun pi piti, ekri nimewo yo anba chak

seksyon nan katon ze a.

Page 22: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

moun yo desine kouvèti a.

3. Diskisyon Liv: Depann sou laj ti moun yo, ou ka ajiste kòman ou

« li » liv sa a.

* Mande ti moun yo pou dekri sa yo wè nan desen

yo e sa kap pase.

* Ki non animal yo?

* Ki moun ki gen flash la?

* Ki karyè li? Yon moun kap travay nan zou.

* Ki lè li ye nan jounen an : lajounen ou byen

lannwit?

* Ki kote animal yo ap ale lè yo soti nan kaj yo?

* Pouki gen de paj ki tou nwa avèk zye kale?

* Kiyès ki retounen animal yo nan zou a?

* Sa ki rive aprè?

* Kiyès ou panse ki manje fig la: goril la ou byen

sourit la?

* Ki bagay ki andedan kaj animal yo?

* Gade kay ki nan vwazinaj yo lè animal yo

apwoche, kisa ou wè? Eske kay yo sanble yo gen

sipriz?

4. Jwèt : « Map panse a yon animal

domestik… »

Sa a se yon sòt de jwèt « I-spy » pou devine!

Map panse de yon animal domestik ki gen 4 pye,

zorèy, e jape (Ki non animal al ?)

Page 23: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

Joune

Turtle Back Zoo- Antre GRATIS lè MADI.

Turtle Back Zoo Hours and Entrance Fees

Bronx Zoo- Antre GRATIS lè MÈKREDI

Bronx Zoo Hours and Entrance Fees

Amizman Fè Manje:

1. Sandwitch Figi Animal Ti moun ka amize yo pandan yap kreye

animal pou manje ak aktivite sa a.

Eseye sandwitch sa yo pandan sijè sirk

(circus) a zou ou byen pou semèn

animal domestik.

Materyèl: Pen, manba, rezen, pikliz,

kawòt, kouto plastik a bagay pou grate

kawòt.

Deskripsyon: Kite ti moun yo fè figi

snadwitch animal yo pou [sanctum].

Ba yo chak yon tranch pen e fè yo

mete manba ladann. Kite yo mete

rezen nan mitan tranch pen an pou fè

zye a nen. Aprè, ba yo pikliz (pickles)

pou ajoute moustach e kawòt grate pou

fè plum.

2. Foumi sou Bis Fig Manje Fig: Yonn nan bagay ki pi fè

moun ri nan liv la se lè ti sourit la rale

fig li a kite mare nan yon fil nan istwa

a. Se yon bon eskiz pou fè yon ti manje

ki amizan e Peggy Rathmann gen yon

bon ti resèt ke ti moun ka ede prepare.

Klik sou lyen sa a ki anba a pou wè

resèt la…Ants on A Banana Bus

Recipe

Songs and Finger plays

5 LITTLE MONKEYS - an action chant

(have the children make a large circle.)

5 Little Monkeys sitting in a tree (have the

children bend their knees as if sitting down)

Teasing Mr. Crocodile, "YOU CAN"T

CATCH ME!" (have the children wave their

index finger back and forth)

Along came Mr. Crocodile HUNGRY as can

be (have the children move around the circle

opening and closing their arms to resemble a

crocodile's mouth)

AND SNAPPED! that monkey right out of

that TREE! (have the children clap their

hands on the word "SNAPPED!")

Repeat the above counting down: 4, 3, 2, 1

Last verse:

No little monkeys sitting in the tree,

None to tease the crocodile, "YOU CAN'T

CATCH ME!!"

Along came Mr. Crocodile looking for his

lunch!

There were NO little monkeys to MUNCH!

~Original Author Unknown

WHAT CAN A MONKEY SEE FROM A

TREE? (to the tune of "Skip to My Lou")

What can a monkey see from a tree?

What can a monkey see from a tree?

What can a monkey see from a tree?

He can see a __________ from a tree!

~Original Author Unknown

Page 24: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

8. Preparasyon pou Kindergarten Liv ki Relate

- Kindergarten Here I Come By D.J

Steinberg

- Mrs. Bindergarten Gets Ready For

Kindergarten By Joseph Slate

- The Berenstain Bear’s Go to School

By Stan & Jan Berenstain

- First Day Jitters by Julie Daneberg

- Kindergarten Rocks! By Katie Davis

- The Kissing Hand By Audrey Penn

- Look Out Kindergarten, Here I Come

By Nancy Carlson

- Wemberly Worried by Kevin Henkes

- The New Bear At School By Carrie

Weston

- Off to Kindergarten By Tony

Johnston

- Tiptoe Into Kindergarten By

Jacqueline Rogers

- Lucy and the Bully By Claire

Alexander

- One By Kathryn Otoshi

- The Night Before Kindergarten By

Natasha Wing

- Countdown to Kindergarten By

Alison McGhee

Materyèl

Enstriman pou yo

ekri (Kreyon koulè,

makè, kreyon)

Papye bouyon,

papye òdinatè, &

papye konstriksyon

Plizyè diferan objè

ki gen lakay la ki

vini an doub

(Chosèt, kiyè, jwèt,

etc.)

Etikèt an koulè (dot)

Boul koton an koulè

or byen (pompoms)

De (Dice)

Domino

Je (Board games)

Bwat soulye

Kòd a sote

Jounal (kaye, kaye

pou konpozisyon, ou

byen anpil papye ki

klipse ansanm)

Aktivite Matematik

- Jwe yon jwèt senp lakay la,

tankou « Konbyen pa li pran pou

rive nan…bwat kourye a, frijidè

a, sou sòl la, etc.? » Aprè, ou ka

fè ti moun ou an ekri nimewo yo

nan yon papye ki gen chif ou

byen itilize kont (tally marks)

pou konnen konbyen pa. Aprèsa,

ou ka konpare sa ki pran plis pa?

Mwens? Menm fòs?

- Fè ti moun ou an ede ou separe

bagay pa koulè yo, mezi yo, a

fòm yo (lavaj [laundry], blòk,

kiyè, jwèt, a lòt bagay ki cnan

kay la ki bon pou itilize).

- Montre ti moun ou fè diferan

patèn (wouj, ble, wouj, ble).

Etikèt nan « garage sale » ou

byen « pom-poms » atizana bon

anpil pou sa.

- Pratike konte byen fò rive sou

ven 20 pandan wap kondwi

machin ou byen pandan wap

mache.

- Chèche diferan fòm. Pwente sèk,

triyang, kare, a rektang bay ti

moun ou an pandan wap mache

ou byen al nan mache.

Aktivite Sosyal-Emosyonèl

- Pale a ti moun ou sou

entimidasyon

(bullying). Kite li ekri

sou sa lap fè si yon

moun ap entimide li.

Epitou, ankouraje li

pou li ekri pou li PA

entimide lòt moun.

- Itilizesachè mawon

pou fè poupe, itilize

poupe pou sèvi kòm

yon modèl pou kòman

moun aji byen. Ou ka

tou itilize poupe yo

pou kreye senaryo ki

aprann ti moun ou

rezoud pwoblèm e

kòman pou jwenn

solisyon a pwoblèm

yo.

- Jwe e pran tou. (Ex.

Chutes & Ladders,

Candy Land, etc.)

Page 25: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

- Pale sou diferans ki genyen ant

anlè/anba, sou/anba,

andedan/deyò, dèyè/devan,

anlè/anba, akote/soukote,

etèn/ouvri, ale/rete.

- Jwe domino a lòt jwèt kote ti

moun nan ka woule yon de e

konte konbyen spas pou yo

mouv!

Refere a kalandriye a souvan. Pale

sou joune semèn yo, dat, konte

konbyen jou ki rete pou yon

evènman rive.

Aktivite Alfabetizasyon - Kreye yon bwat pou mo ki rim

(rhyme). Mete objè yo nan yon bwat

ki rim (rhyme). Ankouraje ti moun ou

an pou chwazi yon objè pou yo ka

jwenn rim ki matche li. Pa ekzanp,

mete yon plum a nimewo 10 nan bwat

la, ou byen yon koki a yon klòch

(shell and a bell, sock and a clock,

etc.)

- Ekri nan jounal chak semèn sou

Kindergarten. Itilize sijè tankou:

« Nan Kindergarten, map… »,

« Pwofesè mwen an ap… », « Map

kontan fè… », « Klas mwen an ap

genyen… »

- Ekri yon kat postal a pwofesè

Kindergarten nan pou entwodwi tèt ou

ba li. Aprè, ale lapòs, achte yon tenb,

Plis Aktivite

- Pratkce lase soulye.

Itilize yon kòd pou

sote e fè ti moun nan

mare li nan pye avèk

etap pou lase soulye,

aprè fè li lase pwòp

soulye.

Liv: Tie Your Shoes Rocket

Style or Tie your Shoes

Bunny Ears By Leslie

Bockol

- Achte ou byen fè pat

avèk ti moun ou.

Itilize pat pou

woule, peze, koupe,

e fasone. Ankouraje

Wèbsit & Apps pou Ipads & Tablets:

http://www.knowledgeadventure.com

http://www.sproutonline.com/games

http://www.cookie.com/kids/games/vie

wallgames.html

http://kids.nationalgeographic.com/kids/

Apps:

Felt Board

Sid’s Science Fair

Starfall ABCs

Toca Doctor (or any app developed by

Toca Boca)

Howie Hungry Monster Builds Words

(for 5 Year olds)

Page 26: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

e voye li ba li.

- Lè ou vizite magazen, pak a lòt plas

nan kominote a, chèche lèt a ti moun

ou an. Ankouragje yo pou yo jwenn

tout lèt ki nan alfabè a. Chanje li e

itilize lèt majiskil ou byen miniskil.

- Bay ti moun ou optinite pou wè e fè

nouvo bagay. Mache nan kominote a,

vizite zou, vizite pak, librèri, etc. Pale

ak ti moun ou an de eksperyans li.

- Chante e repete chan ti moun pandan

ou nan machin nan ou byen pandan

wap mache deyò a.

- Pale sou bagay ki opoze (gwo/piti,

ouvri/fèmen, wo/kout, etc.)

- Kreye yon kès a zouti pou ekri pou

mete bèl zouti pou ekri, diferan sòt

papye, anvlòp, etikèt, etc. pou ti

moun ou ka genyen materyèl pa li

pou ankouraje li ekri. Ankouraje yo

pou yo ekri yon bagay chak jou.

- Kreye yon liv ki gen lèt alfabè yo a

ti moun ou. Pou chak paj, ekri lèt

majiskil e miniskil. Fè ti moun yo

chèche objè piti ou byen koupe foto

nan jounal, magazin, a bwochi

mache yo ki kòmanse ak yon lèt.

Ou mèt mete foto zanmi yo tou!

- Mete lèt manyetik sou frijidè nan

otè ti moun nan ka wè pou yo ka

manipile lèt yo pou fè non, gwoupe

lèt ki menm yo ansanm, e kòmanse

ekri mo yo.

ti moun ou pou li

woule pat an lèt ki

nan non li, fè

nimewo, ou byen

menm ekri mo.

(Lyen pou diferan

resèt pat s-

http://babyparenting.

about.com/cs/activiti

es/a/playdough.htm )

Page 27: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

- Prent toupatou ti moun pou yo ka wè

e fè koneksyon alfabetizasyon! Kèk

prent gentan gen siyifikason pou ti

moun ou tankou non sereyal, restoran,

jwèt, magazen, e anpil lòt ankò! Lèt

avèk mo toupatou lakay ou, nan lari,

nan mache, etc. – Fè li yon jwèt

amizan tankou : ["I spy" - I spy with

my little eye something that starts

with the letter M or /m/ (say the sound

the m makes) then encourage your

child to guess what you’re thinking,

encourage them to name objects that

begin with the letter M or /m/ sound.]

Ekspektasyon pou Kindergarten: Kisa ti moun ou sipoze konnen anvan li antre nan kindergarten?

Rekonèt e idantifye tout lèt a son

Ekri non e prenon li

Konte e rekonèt nimewo 1-20

Non paran li yo

Dat de nesans

Adrès a nimewo telefòn

Fòm senp e konplèks - triyang, sèk, rektang, dyaman, kè, kòmanse, kwa, kresan, sfè, silend, kub.

Patèn senp e konplèks (AB, AAB, ABB)

Separe ak (Serration) pandan ou ap itilize plizyè diferan objè ak atribu

Page 28: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

9. Materyèl pou Fòmasyon Siplemantè

A. Wèbsit pou Aprann Nenpòt Kote:

http://peepandthebigwideword.com

Wèbsit sa a fèt pou ede ti moun ki gen laj preschool aprann syans a

matematik pandan yapeksplore lakay yo. Li montre ou anpil diferan plas

lakay la ote syans ka rive e ba ou aktivite ki senp ki pa bezwen anpil materyèl

ke paran, ti moun, frè ak sè ka fè ansanm. Vizite lyen “Family Activities”

anlè paj la pou jwenn plizyè fason nou ka aprann ansanm an fanmi.

B. Bokal Istwa:

Rakonte istwa se yon eksperyans ki rich pou ti moun ki benefisye devlòpman alfabetizasyon yo. Se yon bèl

aktivite pou yo devlope vokabilè e langaj yo ak jan yo pale nan konvèsasyon yo. Lè ti moun rakonte istwa, yo

aprann pou itilize imajinasyon yo e yo konprann kòman yon istwa konpoze, tankou sèn, jan evènman rive

yonn aprè lòt a diferan karaktè. Anpils li amizan!

Page 29: 2012-2013 Pakè Anrichman pou Ete a...Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana nan yon jan ki amizan e pètinan

Rakonte istwa se yon bon pastan. Ou ka rakonte istwa nan machin, lè ou ap manje, lè ou pral dòmi ou

byen kenpòt lòt lè ou vle.

Pandan ou ap itilize kenpòt po, ranpli li avèk diferan moso papye ki gen diferan koulè. Sou chak moso

papye, ekri yon mo ou byen yon fraz ki kout. Kèk nan ekzanp yo ou ka ale nan yon plas rekreyasyon

(playground), fig, elikoptè, lapli, fèm, ou byen makak! Mete mo ou byen fraz sou bagay ti moun ou

enterese a renmen fè.

Aprè, chwazi papye yonn aprè lòt nan po a e rakonte yon istwa de mo ou byen fraz ou pran an. Yon adult

ou byen gran sè ou byen gran frè ka kòmanse anvan, epi montre kijan pou rakonte yon istwa. Ankouraje

ti moun ou yo pou mete detay nan istwa yo, fè karaktè, e itilize adjektiv pou dekri sa kap pase.

Mete po rakonte istwa kote tout moun ka wè e itilize chak jou! Chak jou, pase 5-10 minut ap rakonte

istwa nan po a. Pa bliye pou chanje ide istwa yo pou ti moun nan ka fè nouvo istwa lè sa posib.

Lòt fason rakonte istwa a ka pi amizan se lè ou itilize diferan bagay (props). Ou ka itilize jwèt, poupe,

blòk, etc. ou jwenn nan chanb ti moun nan.